Scripture Stories
Enòk, Pwofèt la


“Enòk, Pwofèt la,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)

“Enòk, Pwofèt la,” Istwa Ansyen Testaman yo

Jenèz 5; Moyiz 6–7

Enòk, Pwofèt la

Kouman lafwa nan Senyè a te sove yon vil

Imaj
Bondye k ap pale avèk Enòk

Senyè a, Jezikri, te mande Enòk pou l te di pèp la pou yo repanti. Men, Enòk te panse li pa t ka pale byen. Li te pè pou pèp la pa t koute l.

Jenèz 5:22; Moyiz 6:26–31

Imaj
moun k ap moke Enòk

Senyè a te pwomèt li t ap ranfòse ak pwoteje Enòk menm lè gen moun ki pa t renmen sa l t ap anseye yo.

Moyiz 6:32–39

Imaj
Enòk k ap anseye moun

Pwomès Senyè a te bay Enòk kouraj. Enòk te obeyi Senyè a epi li te anseye pèp la avèk pouvwa. Li te anseye konsènan Jezikri, repantans, batèm, ak Sentespri a. Kèk moun te kwè Enòk epi yo te vle suiv Senyè a.

Moyiz 6:47–68

Imaj
Enòk k ap batize yon fi

Enòk te gen otorite l te resevwa nan men Bondye pou l te batize moun. Tout moun ki te kwè Enòk te batize epi yo te vin pipre Senyè a. Pèsonn pa t pòv paske youn te pran swen lòt. Yo te rele Siyon paske yo te viv ansanm nan lanmou ak lajistis.

Moyiz 7:10–20

Imaj
lavi, lamò, ak rezirèksyon Jezi

Yon jou, Senyè a te montre Enòk yon vizyon tout bagay ki ta pral rive sou tè a. Enòk te wè lavi, lamò, ak Rezirèksyon Jezikri. Enòk te aprann ke nan dènye jou yo, levanjil la t ap retabli. Li te wè Dezyèm Vini Jezi a tou.

Moyiz 7:21–67

Imaj
Bondye k ap pale avèk pèp Siyon an

Finalman, tout pèp nan vil Siyon an te kwè Enòk epi yo te repanti. Paske youn te pran swen lòt epi yo te viv nan lapè, Senyè a te pran yo pou yo t al viv avèk Li.

Jenèz 5:24; Moyiz 7:18, 21, 68–69

Enprime