Scripture Stories
Elize ak Lame Senyè a


“Elize ak Lame Senyè a,” Istwa Ansyen Testaman (2022)

“Elize ak Lame Senyè a,” Istwa Ansyen Testaman

2 Wa 6

Elize ak Lame Senyè a

Charyo dife Senyè yo

Imaj
sòlda ki antoure vil la

Siryen yo pa t renmen Izrayelit yo. Wa Siryen yo te voye lame li pou te arete Elize, pwofèt la. Nan lannuit la, lame a te antoure vil kote Elize te ye a.

2 Wa 6:8–14

Imaj
Elize ak sèvitè l la k ap gade lame Siryen an

Jèn sèvitè Elize a te reveye epi l te wè lame Siryen an. Li te mande Elize kisa pou yo te fè. Elize te di jèn gason an pou l pa t pè. Li te di konsa, lame k ap goumen pou yo a te pi plis pase lame k ap goumen kont yo a.

2 Wa 6:15–16

Imaj
yon lame selès avèk charyo dife

Elize te mande Senyè a pou L te montre jèn gason an sa Elize te wè a. Senyè a te montre l yon lame selès avèk cheval ak charyo dife pou te pwoteje yo. Pouvwa Bondye te avegle lame Siryen an. Yo pa t goumen avèk Izrayelit yo ankò.

2 Wa 6:17–23

Enprime