Scripture Stories
Pak


“Pak,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)

“Pak,” Istwa Ansyen Testaman

Egzòd 11–12; 14–15

Pak

Pwoteje pa Senyè a

Imaj
Moyiz k ap priye

Farawon pa t vle kite Izrayelit yo ale an libète, poutèt sa, Senyè a te di Moyiz ke L t ap voye yon dènye plè. Premyene nan chak fanmi nan peyi Ejip t ap mouri, menm premye ne bèt yo.

Egzòd 11:1, 4–10

Imaj
Moyiz k ap pale avèk moun yo

Senyè a te pwomèt ke si Izrayelit yo to suiv enstriksyon L yo, plè a t ap pase anlè yo san frape yo.

Egzòd 12:3, 13, 23

Imaj
Mesye k ap pentire lento pòt, timoun k ap gade

Senyè a te di chak fanmi Izrayelit pou yo te sakrifye yon mouton mal ki te san tach epi pou yo te pentire lento pòt lakay yo avèk san mouton an.

Egzòd 12:4–7

Imaj
Fanmi k ap manje dine

Senyè a te di Izrayelit yo pou yo te kuit mouton an pou yo te manje l vit. Pandan yo t ap manje a, yo te dwe abiye epi pare pou yo kite lakay yo. Senyè a te di, si Izrayelit yo te fè bagay sa yo, premyene yo t ap epanye anba plè a.

Egzòd 12:8-11.

Imaj
Pitit gason Farawon an mouri

Jan Senyè a te avèti a, plè a te vini. Tout premyene an Ejip te mouri, ansanm avèk premye pitit gason Farawon an. Men, plè a te pase anlè chak kay ki te gen san mouton an sou lento pòt yo. Premyene Izrayelit yo te sove paske yo te obeyi Senyè a.

Egzòd 12:12–13, 29–30

Imaj
Farawon byen tris, te di Moyiz ak Arawon pou yo t ale.

Lè Farawon te wè pitit gason pa l la te mouri akoz plè a, li te di Moyiz ak Aawon pou yo te pran tout Izrayelit yo epi kite Ejip.

Egzòd 12:31–33

Imaj
Farawon, byen fache, k ap voye yon lame

Izrayelit yo te ale, men, Farawon te fache. Li te rasanble lame l avèk charyo li epi l te pati al dèyè Izrayelit yo.

Egzòd 12:37–41; 14:5–8

Imaj
lame k ap kouri al dèyè Izrayelit yo

Izrayelit yo te kanpe bò Lanmè Wouj la. Byen vit, Farawon ak lame l la te rive sou yo. Lè Izrayelit yo te wè Ejipsyen yo ki t ap vini, yo te pè. Men, Moyiz te di yo ke Senyè a t ap pwoteje yo.

Egzòd 14:9-14.

Imaj
Moyiz k ap leve baton, Lanmè Wouj la ki separe

Lè Ejipsyen yo te vin pipre, Senyè a te di Moyiz pou l te leve baton l lan. Moyiz te fè sa, epi Senyè a te separe lanmè a. Izrayelit yo te travèse lanmè a sou tè sèch. Yo te kouri devan Farawon ak lame l la.

Egzòd 14:15–16, 21–22

Imaj
Lanmè Wouj la k ap tonbe sou lame Ejipsyen yo

Lame Ejipsyen an te chase Izrayelit yo. Lè tout Izrayelit yo te an sekirite sou lòtbò lanmè a, Senyè a te fè dlo a desann. Lame Ejipsyen an te nwaye nan lanmè a.

Egzòd 14:23–30

Imaj
Izrayelit k ap danse

Finalman, Izrayelit yo te libere. Yo te chante chan, epi yo te remèsye Senyè a. Yo te toujou sonje Pak la kòm tan kote Senyè a te sove lavi yo epi te dirije yo sòti an Ejip.

Egzòd 14:31; 15:1–22

Enprime