Scripture Stories
Jeremi Pwofèt la


“Jeremi Pwofèt la,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)

“Jeremi Pwofèt la,” Istwa Ansyen Testaman yo

Jeremi 1–52

Jeremi Pwofèt la

Aple avan nesans li

Imaj
Jeremi te aple kòm yon pwofèt

Jeremi te viv nan Jerizalèm lè li te jèn. Yon jou Senyè a te vin vizite Jeremi epi aple L te li pou l te vin yon pwofèt. Senyè a te di Jeremi ke Li te chwazi pou l te vin yon pwofèt avan li te fèt. Senyè a te konnen ke lavi Jeremi ta pral difisil. Men li te pwomèt Jeremi ke Li t ap toujou avèk li.

Jeremi 1:1–10

Imaj
Jeremi k ap avèti moun yo

Moun nan Jerizalèm yo pa t kenbe pwomès yo avèk Senyè a. Akoz mechanste yo, Jeremi te avèti moun yo ke yo t apral vin prizonye. Senyè a te di si yo te kenbe jou Saba a sen, vil Jerizalèm nan pa t ap sibi destriksyon. Men moun yo pa t koute L.

Jeremi 6:1–19; 8–9; 17:21–27

Imaj
Jeremi nan prizon

Jeremi te anseye moun yo pandan anpil ane. Men yo pa t repanti. Okontrè, yo te atake Jeremi epi yo te mete l nan prizon.

Jeremi 20:2; 26:8–9; 37:15–18; 38:6

Imaj
Jeremi ap gade Jerizalèm k ap detwi

Jeremi te renmen moun yo. Li te kriye poutèt peche yo. Egzakteman jan l te di a, Jerizalèm te detwi, epi yo te kaptire moun yo.

Jeremi 9:1–8; 25:9–12; 52:1–10

Imaj
Jeremi k ap ekri pwofesi yo

Yo te mennen Jeremi nan Ejip. Senyè a te di li pou l te ekri pwofesi L yo. Jeremi te obeyi Senyè a menm lè bagay yo te difisil. Li te kontinye raple pèp la pou yo te kenbe pwomès yo avèk Senyè a.

Jeremi 36:1–2, 27–32

Enprime