Scripture Stories
Abraram ak Izaak


“Abraram ak Izaak,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)

“Abraram and Izaak,” Istwa Ansyen Testaman yo

Jenèz 17; 21–22

Abraram ak Izaak

Yon papa, yon pitit gason, ak yon sakrifis

Imaj
Abraram, Sara, ak ti bebe

Abraram ak Sara te fè yon pitit gason, jan Senyè a te pwomèt la. Yo te rele l Izaak.

Jenèz 17:9; 21:1–3

Imaj
Abraram ap anseye Izaak

Yo te renmen Izaak anpil. Yo te anseye l pou l te chwazi bon bagay ak kwè nan Senyè a.

Jenè 21:8

Imaj
Sara ak Abraram ap gade Izaak

Senyè a te pwomèt Abraram ak Sara ke atravè Izaak, fanmi yo a t ap grandi pou vin beni tout tè a. Men yon jou, Senyè a te di Abraram pou l te mennen Izaak sou Mòn Moriya a epi ofri Izaak kòm sakrifis.

Jenèz 17:1–8; 22:1–2

Imaj
Abraram ak Izaak ap vwayaje

Sou wout pou yo t ale sou mòn nan, Izaak te mande kote mouton pou sakrifis la te ye. Abraram te di l Senyè a t ap bay li.

Jenèz 22:4–8

Imaj
Abraram ak Izaak te bati yon lotèl

Sou Mòn Moriya a, Abraram te bati yon lotèl epi li te mete bwa sou li.

Jenèz 22:8–9

Imaj
Abraram ap prepare pou sakrifye Izaak

Jan Senyè a te kòmande a, Abraram te mande Izaak pou l te kouche sou lotèl la. Izaak te fè Abraram konfyans menmjan Sovè a, Jezikri, te fè Papa L konfyans la.

Jenèz 22:9

Imaj
yon zanj parèt devan Abraram ak Izaak

Lè Abraram ta pral sakrifye Izaak la, yon zanj Senyè a te stope li. Abraram te montre lafwa li nan Senyè a. Abraram te konnen li t ap toujou suiv Senyè a.

Jenèz 22:10–12

Imaj
yon belye mouton ki pran nan yon touf bwa

Abraram te gade epi li te wè yon ti belye mouton nan touf bwa yo. Senyè a te bay mouton pou sakrifis la.

Jenèz 22:13

Imaj
Abraram ak Izaak k ap gade nan syèl la

Abraram ak Izaak te aprann konsènan fason Papa nou ki nan Syèl la t ap ofri Pitit Gason L lan kòm sakrifis. Senyè a, Jezikri, te gen konfyans nan Abraram paske li te obeyi. Abraram te kwè nan pwomès Senyè a ke yon jou fanmi li t ap grandi vin plis pase kantite zetwal ki nan syèl la.

Jenèz 22:17–18; Jakòb 4:5

Enprime