Scripture Stories
Pwofèt Eli


“Pwofèt Eli,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)

“Pwofèt Eli,” Istwa Ansyen Testaman yo

1 Wa 16–18

Pwofèt Eli

Lafwa yon manman ak mirak Senyè a

Imaj
Eli k ap pale avèk Wa Ahab ak Rèn Jezabèl

Wayòm Izrayèl la pa t gen lapli, epi te kòmanse pa gen dlo. Wa Ahab ak Rèn Jezabèl pa t renmen pwofèt Senyè yo. Yo te menm fè touye kèk pwofèt. Wa a ak Rèn nan te priye idòl pou lapli. Men, pwofèt Eli te di yo Senyè a pa t ap voye lapli pandan anpil ane.

1 Wa 16:29–33; 17:1; 18:13

Imaj
Eli k ap kache pou sòlda yo

Wa a ak rèn nan te fache kont Eli. Senyè a te avèti Eli pou l te kache paske lavi l te an danje.

1 Wa 17:2–3

Imaj
Eli ki ajenou nan yon ravin dlo sèch

Senyè a te mennen Eli nan yon sous dlo epi L te voye zwazo pote manje ba li. Men, paske pa t gen lapli, sous dlo a te seche, epi Eli pa t gen dlo.

1 Wa 17:4–7

Imaj
Eli k ap pale avèk yon fi

Senyè a te mennen Eli al kote yon fi nan yon vil byen lwen. Eli te mande l dlo ak pen. Men, fi a te sèlman genyen ase pou tèt pa l ak pitit gason l la pou yon dènye jou.

1 Wa 17:8–12

Imaj
Eli k ap pale avèk yon fi

Eli te konnen sete dènye ti moso manje fi a te genyen. Li te pwomèt fi a, si l te ba l manje, Senyè a t ap bay fanmi an manje jiskaske lapli te retounen.

1 Wa 17:13–14

Imaj
Eli, yon fi, ak yon timoun k ap manje

Fi a te fè pen pou Eli. Apresa, luil fi a ak farin ni te miltipliye! Te gen ase manje pou Eli ak fanmi fi a pandan anpil jou.

1 Wa 17:15–16

Imaj
Yon fi k ap kriye pou pitit li ki mouri

Yon jou, pitit gason fi a te vin malad epi li te mouri. Li te mande Eli poukisa Senyè a te kite sa rive l.

1 Wa 17:17–20

Imaj
yon fi k ap bay pitit akolad.

Eli te gen Prètriz la. Li te beni pitit gason fi a epi l te mande Senyè a pou L te fè l retounen vivan. Timoun nan te respire ankò, epi fi a te konnen Eli sete yon pwofèt Senyè a.

1 Wa 17:21–24

Enprime