Scripture Stories
Jozye, Pwofèt la


“Jozye, Pwofèt la,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)

“Jozye, Pwofèt la,” Istwa Ansyen Testaman yo

Detewonòm 10; 3134; Jozye 1; 3–6; 10–11; 2124

Jozye, Pwofèt la

Yon dènye tès avan antre nan tè pwomiz la

Imaj
Jozye k ap priye

Senyè a te aple Jozye pou l te vin nouvo pwofèt la apre pwofèt Moyiz te monte nan syèl la. Pandan Izrayelit yo te monte kan yo toupre Rivyè Jouden an, Senyè a te di yo ke lè a te rive pou yo te avanse antre nan tè pwomiz la.

Detewonòm 34:1–9; Jozye 1:1–4; Alma 45:19

Imaj
moun mechan nan Kanaan

Tè pwomiz la sete nan Kanaan, men te gen moun mechan ki t ap viv la. Senyè a te di Jozye pou l te rete fèm epi pran kouraj. Avèk èd Senyè a, Izrayelit yo te ka konkeri tè Kanaan an.

Jozye 1:1–9

Imaj
Izrayelit yo nan Rivyè Jouden an

Jozye te rasanble yon lame. Senyè a te di yo pou yo te pote tablèt wòch ki te gen Dis Kòmandman yo ak lòt ekriti yo. Prèt yo te pote bagay sakre sa yo nan yon bwat ki te rele lach alyans lan. Apresa lame a te prepare l pou l te travèse Rivyè Jouden an. Rivyè a te fon epi li t ap bouje rapid.

Detewonòm 10:5; 31:25–26; Jozye 1:10–11; 3:1–11

Imaj
Jozye Pwofèt la

Jozye te pwomèt Izrayelit yo ke Senyè a t ap ede yo travèse rivyè a.

Jozye 3:10–13

Imaj
dlo separe nan nivo pye

Jozye te mande 12 prèt pou yo te pote lach alyans lan epi mache antre nan dlo a. Imedyatman prèt yo te mete pye yo nan rivyè a, dlo a te separe.

Jozye 3:12–17

Imaj
Izrayelit yo k ap pote lach alyans lan anndan rivyè seche a, kèk k ap ranmase wòch

Izrayelit yo te travèse rivyè a sou tè sèk. Jozye te mande Izrayelit yo pou yo te pran 12 wòch nan espas rivyè seche a. Li te sere wòch yo pou l te ka raple Izrayelit yo mirak Senyè a te fè nan jou sa a.

Jozye 3:17; 4:1–24

Imaj
Izrayelit yo k ap mache nan direksyon vil la

Jozye te dirije lame Izrayelit la antre nan peyi Kanaan. Yo te rive nan yon vil ki te rele Jeriko. Vil la te trè solid epi l te gen gwo miray. Senyè a te di Jozye kijan pou l te konkeri Jeriko. Li te di Izrayelit yo ta dwe mache fè wonn Jeriko chak jou pandan sis jou. Jozye te obeyi Senyè a.

Jozye 5:13–15; 6:1–5

Imaj
prèt yo k ap pote lach alyans lan, lòt k ap soufle twonpèt

Jozye te di prèt yo pou yo te pote lach alyans lan devan Izrayelit yo. Chak jou, lame a te mache fè wonn Jeriko, epi sèt prèt te soufle twonpèt yo. Tout lòt Izrayelit yo te fè silans.

Jozye 6:6–14

Imaj
Izrayelit yo k ap rele, miray k ap tonbe

Nan setyèm jou a, lame a te mache fè wonn Jeriko sèt fwa. Pandan prèt yo t ap soufle twonpèt yo, Jozye te di Izrayelit yo pou te rele fò. Toudenkou miray Jeriko yo te tonbe epi lame Jozye a te anvayi vil la.

Jozye 6:15–16, 20

Imaj
Jozye k ap pale avèk moun nan vil la

Senyè a te ede Izrayelit yo, jan li te pwomèt la. Lame Jozye a te kontinye konkeri peyi Kanaan an, epi Izrayelit yo te kòmanse viv la. Jozye te raple yo mirak ak pwomès Senyè a. Li te mande Izrayelit yo pou yo te chwazi sèvi Senyè a.

Jozye 10:42; 11:23; 21:43–45; 24:15

Enprime