Scripture Stories
Wa Jozyas


“Wa Jozyas,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)

“Wa Jozyas,” Istwa Ansyen Testaman yo

2 Wa 22; 2 Istwa 34–35

Wa Jozyas

Yon demach pou obeyi kòmandman Senyè a te bay yo

Imaj
jèn wa Jozyas

Jozyas te gen yuitan lè yo te mete l wa Jida. Li te yon bon wa ki te renmen Senyè a. Li te vle ede pèp li a, Izrayelit yo obeyi Senyè a epi sispann adore idòl. Lè l te pi gran, limenm ak pèp li a te kòmanse repare tanp la, yo te fè l bèl ankò.

2 Wa 22:1–2; 2 Istwa 34:3–7

Imaj
Ilkija ki jwenn papiris nan ekatonb tanp la

Pandan moun yo t ap travay nan tanp la, Ilkija, gran prèt la te jwenn liv lalwa a, yon papiris ki te gen ekriti yo.

2 Wa 22:3–9

Imaj
Wa Jozyas, byen tris, t ap koute liv lalwa a.

Yon sèvitè te li liv la pou Jozyas. Jozyas te tande pawòl yo epi l te tris poutèt pèp li a pa t obeyi Senyè a. Li te dechire rad li pou l te montre ke li te tris.

2 Wa 22:10–13, 19

Imaj
Sèvitè Jozyas la k ap pale avèk Oulda

Li te di Ilkija pou l te mande Senyè a kisa pou yo te fè. Ilkija ak sèvitè wa a vizite Oulda. Oulda sete yon pwofetès, yon dirijan fidèl Bondye te enspire. Oulda te di konsa, Senyè a te kontan avèk Jozyas poutèt Jozyas t ap ede pèp la obeyi. Senyè a te pwomèt ke Wa Jozyas t ap viv anpè.

2 Wa 22:12–20

Imaj
Wa Jozyas nan dine Pak

Wa Jozyas te vle pèp li a kenbe pwomès yo te fè Senyè a. Li te mande yo pou yo te selebre Pak pou te ede yo sonje fason Senyè a te libere Izrayelit yo nan tan lontan, an Ejip.

2 Istwa 35:1–19

Enprime