Scripture Stories
Deborah, Pwofetès la


“Deborah, Pwofetès la,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)

“Deborah, Pwofetès la” Istwa Ansyen Testaman yo

Jij 4–5

Deborah, Pwofetès la

Yon dirijan ki te ede Izrayèl fè Senyè a konfyans

Imaj
Deborah, pwofetès la

Deborah sete yon pwofetès, yon dirijant Izrayelit ki te fidèl, ke Senyè a te enspire. Pèp li a te sispann kenbe kòmandman Senyè a te bay yo, epi Kananeyen yo te vin dirije yo. Apre ventan, Izrayelit yo te kòmanse priye Senyè a pou L te ede yo.

Jij 4:1–15

Imaj
Deborah k ap priye

Senyè a te tande priyè yo. Li te di Deborah pou l te rasanble yon lame Izrayelit pou t al goumen avèk Kananeyen yo.

Jij 4:6

Imaj
Deborah k ap pale avèk sòlda

Lame Kananeyen an te gen anpil sòlda ak charyo. Sa te fè lame Izrayèl la pè, men, Deborah pa t pè. Li te konnen Senyè a t ap ede yo.

Jij 4:3, 7

Imaj
Barak k ap mande Debora pou l vini

Barak sete dirijan lame Izrayelit yo. Li pa t vle batay. Men, li te panse si Deborah ale avèk lame a, Senyè a t ap pwoteje yo. Deborah te dakò pou l te ale. Li te pwofetize ke yon fi ta pral gen viktwa sou Sisera, dirijan lame Kananeyit la.

Jij 4:8–9

Imaj
Debora ak yon lame sou yon mòn

Lame Izrayèl la te rasanble sou yon mòn, epi Kananeyen yo te rasanble nan yon vale. Debora te di Barak pou l te desann sou mòn nan. Li te pwomèt Senyè a t ap avèk yo.

Jij 4:12–14

Imaj
Siklòn k ap bale charyo

Senyè a te voye lapli, epi charyo Kananeyen yo te bale anba dlo. Anpil Kananeyen te nwaye nan rivyè a, men, Sisera te kouri.

Jij 4:15, 17; 5:4–5, 19–22

Imaj
Jayèl k ap envite Sisera nan yon tant

Yon fi ki te rele Jayèl te abite nan yon tant tou pre a. Li te wè Sisera k ap kouri epi l te di l vin kache nan tant li a. Jayèl te konnen ke l sete yon dirijan lame Kananeyen an la epi l te touye l pou l pa t frape plis moun.

Jij 4:15–21

Imaj
Deborah k ap gade yon vil pèzib

Pwofesi Deborah a te akonpli. Yon fi ewoyik te gen viktwa sou Sisera. Debora te chante yon chan pou te raple Izrayelit yo pou yo te sonje kòman Senyè a te delivre yo. Izrayelit yo te kenbe kòmandman yo epi yo te viv anpè pou 40 tan.

Jij 5:1, 24–27, 31

Enprime