Scripture Stories
Jonas, Pwofèt la


“Jonas, Pwofèt la,” Istwa Ansyen Testaman yo (2021)

“Jonas, Pwofèt la,” Istwa Ansyen Testaman yo

Jonas 1–4

Jonas, Pwofèt la

Aprann mete konfyans nan mizèrikòd Senyè a

Imaj
Jonas sanble l tris

Jonas sete yon pwofèt. Senyè a te di li pou l te avèti pèp Niniv la ke vil la t ap detwi si yo pa t repanti.

Jonas 1:1–2

Imaj
Jonas k ap monte sou bato

Men, pèp Niniv la sete enmi Izrayelit yo. Jonas pa t vle preche yo. Konsa li te monte sou yon bato pou l te navige al byen lwen Niniv.

Jonas 1:3

Imaj
yon bato sou lanmè move

Pandan Jonas te sou bato a, yon gwo tanpèt te leve. Mesye sou bato yo te pè pou lavi yo. Yo te mande Jonas pou l te priye Senyè a pou L te sove yo.

Jonas 1:4–6

Imaj
Jonas ap pale avèk maren yo

Jonas te konnen sete Senyè a ki te voye tanpèt la paske li t ap kouri al kache pou l pa t fè sa Senyè a te mande l pou l te fè a. Jonas te vle sove moun yo ki te sou bato a. Li te di, si yo voye l jete nan lanmè a, tanpèt la t ap sispann.

Jonas 1:12

Imaj
Maren yo te voye Jonas sòti sou bato a.

Mesye yo pa t vle voye Jonas jete. Yo te eseye navige bato a al sou tè, men tanpèt la te twò fò. Alafen, yo te voye Jonas jete nan lanmè a.

Jonas 1:13–15

Imaj
Yon gwo pwason k ap vale Jonas

Tanpèt la te sispann. Men, lè sa a yon gwo pwason te vale Jonas.

Jonas 1:15, 17

Imaj
Jonas sou rivaj lanmè a

Jonas te rete andedan vant pwason an pandan twa jou ak twa nuit. Pandan tan sa a, Jonas t ap priye epi l te repanti. Li te vle fè sa ki te byen epi koute Senyè a. Senyè a te tande priyè Jonas epi li te fè pwason an vomi Jonas deyò sou tè sèch.

Jonas 1:17; 2:1–10

Imaj
Jonas ap preche moun yo

Senyè a te mande Jonas ankò pou l t al preche pèp Niniv la. Fwa sa a Jonas te obeyi. Li te ale Niniv epi l te di pèp la pou yo te repanti, sinon Senyè a t ap detwi vil yo a. Wa a ak pèp li a te repanti. Senyè a te padone yo epi L pa t detwi Niniv ankò.

Jonas 3

Imaj
Jonas ki parèt an kòlè

Men, Jonas te kontrarye paske pèp la pa t detwi. Li pa t panse yo te merite padon.

Jonas 4:1–2

Imaj
Jonas ap gade pyebwa ki mouri a

Pou L te anseye Jonas yon leson, Senyè a te fè yon pyebwa pouse pou bay Jonas lonbraj anba solèy la. Apresa pyebwa a te mouri, epi sa te fè Jonas mal pou pyebwa a.

Jonas 4:5–9

Imaj
Jonas k ap anseye yon gwoup moun

Senyè a t ap anseye Jonas yon leson sou pitit Li yo. Jonas te aprann ke li ta dwe tris lè moun pa repanti epi li ta dwe kontan lè yo repanti.

Jonas 4:10–11

Enprime