Scripture Stories
Rèv Enspire Jozèf yo


“Rèv Enspire Jozèf yo,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)

“Rèv Enspire Jozèf yo,” Istwa Ansyen Testaman yo

Jenèz 3037

Rèv Enspire Jozèf yo

Yon fanmi gen pwoblèm pou youn renmen lòt

Imaj
Jakòb ak Jozèf anba vès li a

Rachèl ak Jakòb te priye pandan anpil ane pou yo te gen yon pitit gason. Senyè a te reponn priyè yo lè Jozèf te fèt. Jozèf sete pitit gason prefere Jakòb, epi li te bay Jozèf yon vès espesyal. 10 pi gran pitit gason Jakòb yo te jalou.

Jenèz 30:22–24; 37:1–4

Imaj
Jozèf k ap eksplike rèv sou grenn yo

Lè Jozèf te gen apeprè laj 17 an, li te fè yon rèv enspire kote l t ap rasanble grenn nan jaden yo avèk frè l yo. Pake grenn Jozèf yo te monte wo. Men pake grenn pa frè l yo te koube devan pa Jozèf yo. Lè Jozèf te rakonte frè l yo rèv la, yo te fache kont li.

Jenèz 37:2, 5–8

Imaj
Jozèf k ap eksplike rèv sou etwal yo

Apresa, Jozèf te fè yon lòt rèv enspire. Nan rèv sa a, solèy la, lalin nan, avèk 11 etwal te bese ba devan li. Jozèf te rakonte fanmi l rèv la. Rèv sa a te sanble tankou Jozèf ta pral vin dirije fanmi an. Frè Jozèf yo te vin pi ankòlè kont li toujou. Yo pa t renmen rèv li yo.

Jenèz 37:9–11

Imaj
Jozèf ap tcheke sou frè l yo

Yon jou frè Jozèf yo te pati lwen lakay yo pou yo t al nouri mouton yo. Jakòb te voye Jozèf al tcheke sou yo.

Jenèz 37:12–19

Imaj
frè Jozèf yo

Kèk nan frè Jozèf yo te vle touye li. Yo te pran vès Jozèf la epi yo te lage Jozèf nan yon pui.

Jenèz 37:20–24

Imaj
Jozèf nan yon pui

Pandan Jozèf te nan pui a, frè l yo te wè vwayajè ki te sou wout pou al an Ejip. Frè yo te deside pou yo te vann vwayajè yo Jozèf kòm esklav pou 20 pyès lajan.

Jenèz 37:25–28

Imaj
san sou vès Jozèf la

Apresa frè Jozèf yo te vide san kabrit sou vès li a. Frè yo te ale kote papa yo, Jakòb, epi yo te montre l vès la. Yo te bay Jakòb manti epi yo te di li ke bèt sovaj te touye Jozèf.

Jenèz 37:31–33

Imaj
Jakòb k ap kriye

Jakòb te kriye paske li te panse Jozèf te mouri.

Jenèz 37:32–35

Imaj
Jozèf k ap viv kòm esklav nan Ejip

Men Jozèf te toujou vivan. Li te lwen anpil de lakay li nan Ejip, ap viv kòm esklav.

Jenèz 37:36

Enprime