Scripture Stories
Fanmi Adan ak Èv


“Fanmi Adan ak Èv,” Istwa Ansyen Testaman yo 2022)

“Fanmi Adan ak Èv,” Istwa Ansyen Testaman yo

Jenèz 4; Moyiz 5–6

Fanmi Adan ak Èv

Chwazi pou suiv Senyè a

Imaj
Fanmi Adan ak Èv

Apre Adan ak Èv te kite Jaden Eden nan, yo te kontinye aprann sou plan Papa nou ki nan Syèl la pou yo sou tè a. Yo te gen anpil pitit epi yo te anseye yo tout ke yo te konnen Senyè a. Kèk nan pitit Adan ak Èv yo te chwazi pou yo te obeyi Senyè a. Men, kèk pa t chwazi obeyi.

Moyiz 5:1–12; 6:15

Imaj
Adan ak Èv avèk pitit yo, Adan k ap ekri ekriti

Fanmi Adan ak Èv te kenbe yon liv rapèl. Yo te ekri istwa familyal yo nan liv la. Yo te ekri sou fason Senyè a te ede yo.

Moyiz 6:5–6

Imaj
Kayen ak Abèl

Kayen ak Abèl sete de nan pitit gason Adan ak Èv yo. Abèl te renmen Senyè a epi l te suiv Li. Kayen pa t obeyi Senyè a Li te chwazi fè rebèl.

Jenèz 4:1–16.

Imaj
Yon mesye k ap gade yon vil

Fanmi Adan ak Èv la te kontinye grandi. Anpil lòt moun te fèt. Yo tout te gen libète pou yo te fè chwa. Apre yon tan, kèk ladan yo te fè rebèl kont kòmandman Senyè a te bay yo. Senyè a te voye pwofèt pou te anseye pèp la pou yo repanti.

Jenèz 4:25–26; Mosyiz 5:13; 6:23

Enprime