Scripture Stories
Jacob ak Ésaü


“Jacob ak Ésaü,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)

“Jacob ak Ésaü,” Istwa Ansyen Testaman yo

Jenèz 25–27

Jacob ak Ésaü

De frè ak yon dwa nesans

Imaj
Jacob ak Ésaü ap travay

Izaak ak Rebeka te gen de gason marasa, Jacob ak Ésaü. Ésaü sete yon bon chasè. Jacob te viv yon lavi senp epi li te suiv Senyè a.

Jenèz 25:20-28

Imaj
Jacob ak Ésaü

Ésaü te fèt avan. An jeneral, premye pitit la te konn resevwa benediksyon dwadenès la nan men papa li. Dwadenès sa a te vle di se li ki ap jere zafè fanmi an epi se li k ap gen plis tè ak bèt pou l okipe fanmi an. Men Ésaü te plis enterese nan tèt pa li olye de fanmi l, epi li te dezobeyi paran l yo ak Senyè a.

Jenèz 25:25–32; 26:34–35

Imaj
Jacob ap bay Ésaü manje

Yon jou Ésaü te retounen sot lachas. Li te grangou anpil epi li te priye nan kò Jakòb pou l te ba l manje. Senyè a te vle pou Jakòb pran benediksyon dwadenès la paske Ésaü pa t diy de li. Jakòb te mande Ésaü pou l te vann ni dwadenès li a pou manje a. Ésaü te dakò epi li te vann Jakòb dwadenès li a.

Jenèz 25:23, 29–34; Ebre 11:20

Imaj
Rebeka ak Izaac

Rebeka ak Izaac te vle sa ki te pi bon pou pitit yo. Sa te fè yo mal dèske Ésaü te kontinye ap fè sa l te vle olye pou l te fè sa Senyè a te vle.

Jenèz 26:34-35

Imaj
Izaac ap pale ak Ésaü

Izaac te vin granmou epi li te vin avèg. Avan l te mouri, li te mande Ésaü pou l t al chase yon jibye pou l te pran plezi pou l te manje.

Jenèz 27:1-4

Imaj
Rebeka ap gade Ésaü

Rebeka te konnen moman an te rive pou Isaac te resevwa benediksyon dwadenès la.

Jenèz 27:5

Imaj
Rebeka ap pale ak Jakòb

Rebeka te mande Jakòb pou l t al chèche de bèt pou l te ka kuit manje a avan Ésaü ta retounen. Konsa Jakòb t ap resevwa benediksyon an.

Jenèz 27:6–17

Imaj
Izaak k ap bay Jakòb benediskyon an.

Jakòb te abiye tankou Ésaü epi li te pote manje a bay papa l. Izaak te bay Jakòb benediksyon dwadenès la. Lè Ésaü te retounen, li te fache anpil kont Jakòb. Men dwadenès la te deja pou Jakòb paske li te respekte kòmandman yo epi Ésaü limenm pa t respekte yo.

Jenèz 27:18-29

Enprime