Scripture Stories
Wa David


“Wa David,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)

“Wa David,” Istwa Ansyen Testaman yo

1 Samyèl 18–19; 31; 2 Samyèl 1; 5; 11–12

Wa David

Lit yon wa

Imaj
Wa Sayil ak David k ap gade vil la

Wa Sayil, wa Izrayèl la, te enpresyone pa viktwa David sou Golyat la. Sayil te fè David vin dirijan lame l yo.

1 Samyèl 18:5

Imaj
David

David te renmen Senyè a e li te toujou vle fè sa ki byen. Pèp Izrayèl la te renmen David.

1 Samyèl 18:6–7

Imaj
Sayil sanble l fache

Sayil te vin jalou epi li te eseye tiye David. Men David te suiv Senyè a, e Senyè a te pwoteje li kont Sayil.

1 Samyèl 18:6–16; 19:1

Imaj
Antèman Izrayelit

Izrayelit yo te batay nan anpil lagè. Yon jou Sayil ak pitit gason l yo te mouri nan batay. David te renmen yo epi li te trè tris lè l te aprann lanmò yo. Kounyeya Izrayelit yo te bezwen yon nouvo wa. Senyè a te chwazi David pou l te vin wa. Pèp la te kontan.

1 Samyèl 31:2–6; 2 Samyèl 1:11–12; 5:1–5

Imaj
David k ap dirije lame

Senyè a te beni Wa David epi li te gide li. Avèk èd Senyè a, lame David la te konkeri lenmi l yo.

2 Samyèl 5:6–10, 17–25

Imaj
David k ap manje rezen

Yon jou kote David te sipoze al nan batay, li te rete lakay li. Li te wè yon bèl fi. Fi a te rele Batcheba, epi David te anvi marye avèk li. Men fi a te deja marye avèk Ouri, yon sòlda nan lame David la.

2 Samyèl 11:1–3

Imaj
David ap pale avèk Urya

David te vle marye avèk Batcheba, konsa, li te voye mari li, Ouri nan yon batay danjere pou yo te ka tiye Ouri.

2 Samyèl 11:4–17

Imaj
David ak Batcheba

Kou David te aprann ke Ouri te mouri nan batay. David te voye sèvitè l yo al chèche Batcheba pou te mennen l lakay li, epi li te marye avèk li.

2 Samyèl 11:24, 26–27

Imaj
Natan k ap pale avèk David

Men Senyè a pat kontan ak sa David te fè a. Senyè a te voye Natan, yon pwofèt, pou l te di David jan peche l la te grav. David te vin tris anpil pou sa l te fè Ouri ak Batcheba a. Li te priye ak jene pou Senyè a te padone li.

2 Samyèl 11:27; 12:1–13

Enprime