Scripture Stories
Jèn David


“Jèn David,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)

“Jèn David,” Istwa Ansyen Testaman yo

1 Samyèl 16

Jèn David

Yon tigazon bèje te aple pou l te vin wa

Imaj
Samyèl k ap vwayaje

Senyè a te voye pwofèt Samyèl al chèche yon nouvo wa. Sayil, ki sete wa nan moman sa a, te sispann suiv Senyè a. Senyè a te di Samyèl pou l te vwyaje ale Betleyèm epi chèche yon mwesye ki te rele Jese. Nouvo wa a se t ap youn nan pitit gason Jese yo.

1 Samyèl 16:1–5

Imaj
Samyèl ak pitit gason Jese yo

Pigran pitit gason Jese yo te wo ak solid. Men Senyè a te di Samyèl pou l pa t jije yo selon aparans yo.

1 Samyèl 16:6–10

Imaj
Samyèl k ap pale avèk Jese

Samyèl te mande Jese si l pa t gen okenn lòt pitit gason. Jese te di pi jèn pitit gason l la, David, t ap pran swen mouton yo. Yo te mennen David bay Samyèl.

1 Samyèl 16:11

Imaj
Samyèl ak Jese k ap gade David, tigason bèje a

David te pi piti pase frè l yo epi li sete jis yon tigason bèje. Men Senyè a pa t sousye de aparans David. Senyè a te konnen kè David te ranpli ak lafwa. Li te di Samyèl ke David t ap vin wa a. Samyèl te beni David. Lespri Senyè a te prepare David pou l te vin wa.

1 Samyèl 16:12–13

Enprime