Scripture Stories
Adan ak Èv


“Adan ak Èv,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)

“Adan ak Èv,” Istwa Ansyen Testaman

Jenèz 2-3; Moyiz 3-5; Abraham 5

Adan ak Èv

Akeri eksperyans nan fè chwa

Imaj
Adan ak Èv avèk bèt yo

Adan ak Èv sete premye pitit Bondye ki te viv sou tè a. Yo te viv nan bèl Jaden Edèn nan, antoure avèk tout kalite plant ak pyebwa. Bondye Papa nou ki nan Syèl la ak Senyè Jezikri te vizite yo epi pale avèk yo.

Jenèz 2:8–9; 3:8; Moyiz 3:8­–9; Abraram 5:8, 14–19

Imaj
pyebwa konesans byen ak mal la

Bondye te pèmèt yo manje fwi nan tout pyebwa yo sof youn. Si yo te manje fwi nan pyebwa konesans byen ak mal la, yo t ap gen pou yo kite jaden an epi yo t ap fini pa mouri. Satan te bay Adan ak Èv manti. Satan te di yo si yo te manje fwi a, yo t ap konnen byen ak mal, men yo pa t ap mouri.

Jenèz 2:16–17; 3:1–5; Moyiz 3:9; 4:6–11; Abraram 5:9, 12–13

Imaj
Èv keyi fwi a

Èv te chwazi manje fwi a.

Jenèz 3:5–6; Moyiz 4:12

Imaj
men ki kenbe fwi a

Èv te bay Adan yon moso nan fwi a. Li te chwazi manje l tou.

Jenèz 3:6–7; Moyiz 4:12

Imaj
Adan ak Èv ki ap kache pou Bondye ak Jezi

Bondye ak Senyè a te vizite yo, men Adan ak Èv te pè epi yo t al kache. Bondye te mande yo si yo te manje fwi nan pyebwa konesans byen ak mal la.

Jenèz 3:8–13; Moyiz 4:13–14

Imaj
Adan ak Èv ki ap kite Jaden Edèn nan

Adan ak Èv te di Bondye yo te chwazi manje fwi a. Akozde chwa yo a, Adan ak Èv te oblije kite Jaden Edèn nan. Yo te separe avèk Bondye, men li te gen yon plan pou yo. Kounyeya yo te konnen byen ak mal epi yo te kapab gen pitit.

Jenèz 3:16–24; Moyiz 4:15–31

Imaj
Fanmi Adan ak Èv ki ap gade dife

Adan ak Èv te pwomèt pou yo obeyi tout kòmandman Bondye te bay yo. Yo te anseye yo kijan pou yo te fè sakrifis bèt. Lè yo te obeyi, yo te aprann plis konsènan Pitit Gason Bondye a, Jezikri. Toulède te santi yon gwo lajwa paske Li t ap ede fanmi yo retounen al jwenn Bondye.

Jenèz 3:23; Moyiz 5:1–12

Enprime