“Moyiz ak Sèpan Eren an,” Istwa Ansyen Testaman (2022)
“Moyiz ak Sèpan Eren an,” Istwa Ansyen Testaman
Moyiz ak Sèpan Eren an
Aprann gen lafwa nan Senyè a
Imaj
Sèpan yo k ap atake moun
Pandan Izrayelit yo t ap vwayaje nan dezè a, yo te souvan bliye Senyè epi yo te plenyen. Senyè a te voye sèpan pou te ede yo gen imilite epi pou yo te sonje Li. Sèpan yo te mòde moun yo epi anpil te mouri.
Imaj
Moun k ap sipliye Moyiz
Byen vit, moun yo te repanti. Yo te mande Moyiz pou l te priye pou Senyè a te fè sèpan yo ale. Senyè a pa t retire sèpan yo. Men, Li te fè yon fason pou moun yo te sove si sèpan te mòde yo.
Imaj
Moyiz ki kenbe sèpan eren an
Senyè a te di Moyiz pou l te fè yon sèpan an eren epi pou l te tache l sou yon poto. Lè sèpan te mòde moun yo epi yo te gade sèpan eren an, Senyè a te sove yo. Senyè a te ede Izrayelit yo gen imilite, pou yo te fè L konfyans.