Scripture Stories
Jozèf an Ejip


“Jozèf an Ejip,” Istwa Ansyen Testaman (2022)

“Jozèf an Ejip,” Istwa Ansyen Testaman

Jenèz 39–41

Jozèf an Ejip

Yon esklav tounen dirijan

Imaj
Yo te vann Jozèf bay Potifa

Yo te vann Jozèf bay yon mesye ki te rele Potifa. Potifa t ap travay pou Farawon, chèf Ejip la. Potifa te ka wè ke Senyè a t ap ede Jozèf. Li te fè Jozèf konfyans epi l te mete l anchaj kay li ak tout sa l te posede.

Jenèz 39:1-6.

Imaj
Jozèf k ap di madanm Potifa non

Madanm Potifa te vle Jozèf. Li te vle Jozèf dezobeyi kòmandman Senyè a avèk li. Jozèf te di l non.

Jenèz 39:7-10.

Imaj
Joseph te kouri pou mandanm Potifa

Madanm Potifa pa t vle koute, poutèt sa, Jozèf te kouri. Li te fache kont Jozèf.

Jenèz 39:11-12.

Imaj
Madanm Potifa k ap pale avèk Potifa

Madanm Potifa te montre Potifa yon moso rad Jozèf. Li te bay Potifa manti sou Jozèf. Potifa te mete Jozèf nan prizon.

Jenèz 39:13-20.

Imaj
Jozèf nan prizon

Jozèf te separe avèk fanmi li. Li te vin yon esklav, epi kounyea, li te prizonye. Men, Senyè a te toujou ede Jozèf. Jozèf pa t dekouraje. Senyè a te beni gad prizon an pou l te wè Jozèf sete bon moun. Gad la te kòmanse fè l konfyans, konsa, li te mete Jozèf anchaj lòt prizonye yo.

Jenèz 39:21

Imaj
Jozèf k ap entèprete rèv prizonye yo

Jozèf te rankontre de prizonye, yon boulanje ak yon kwizinye, ki te konn travay pou Farawon. Toude te fè rèv ki dwòl. Atravè pouvwa Senyè a, Jozèf te eksplike kisa rèv yote vle di. Rèv kwizinye a te vle di kwiznye a ta pral gen libète. Twa jou apre, li te gen libète pou l travay pou Farawon ankò.

Jenèz 39:22–23; 40:1–21

Imaj
Farawon fache

Yon jou, Farawon te fache poutèt rèv li yo. Pèson pa t ka di l kisa rèv li yo te vle di.

Jenèz 41:1-8.

Imaj
kwizinye k ap pale avèk Farawon

Lè sa a, kwizinye a te sonje ke Jozèf te ka eksplike rèv.

Jenèz 41:9–13

Imaj
Jozèf k ap entèprete rèv Farawon yo

Yo te soti Jozèf nan prizon pou l te eksplike rèv Farawon yo. Jozèf te di ke rèv la te vle di Ejip t ap gen sèt ane manje an abondans epi apre, sèt ane grangou t ap vini avèk tikras manje. Jozèf te di Farawon ke Ejip ta dwe sere manje pandan sèt ane abondans yo.

Jenèz 41:14–36

Imaj
Jozèf k ap montre rezèv manje Farawon yo

Farawon te konnen sa Jozèf te di konsènan rèv li yo sete verite. Li te libere Jozèf nan prizon epi l te fè Jozèf tounen yon gran dirijan an Ejip. Pandan sèt ane, Jozèf te ede Ejip sere manje.

Jenèz 41:37–53

Imaj
moun k ap vwayaje al an Ejip

Epi grangou a te rive. Pandan tan sa, pèson pa t ka plante okenn jaden. Moun te vwayaje al an Ejip pou yo t al achte manje ke Jozèf te sere. Gras ak Jozèf, Ejipsyen yo te sere ase manje pou te ede tèt yo ak lòt moun siviv.

Jenèz 41:54–57

Enprime