Scripture Stories
David ak Golyat


“David ak Golyat,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)

“David ak Golyat,” Istwa Ansyen Testaman yo

1 Samyèl 17

David ak Golyat

Rankontre yon difikilte jeyan

Imaj
Golyat

Filisten yo t ap atake Izrayelit yo. Chak maten, yon jeyan Filisten ki te rele Golyat te bay nenpòt Izrayelit defi pou te batay avèk li. Golyat te pigwo epi l te piwo pase tout moun, epi yo te pè li. Li te abiye avèk gwo kuiras pou pwoteje l, epi li te gen epe, lans, ak boukliye. Okenn moun pa t vle pran chans batay avèk li.

1 Samyèl 17:1–11

Imaj
Lame Izrayèl la k ap manje

David sete yon jèn gadò mouton ki te gen lafwa nan Senyè a. Gran frè l yo te sòlda nan lame Izrayèl la. Yon jou, David te pote manje bay frè l yo. Lè l te rive nan kan lame a, li te tande defi Golyat la.

1 Samyèl 17:20–23

Imaj
David k ap pale avèk sòlda yo

David te mande sòlda yo poukisa okenn moun pa t defann Izrayèl. Frè l yo te fache epi yo te di l pou l t al okipe mouton yo. Men, David te konnen Senyè a t ap defann Izrayèl.

1 Samyèl 17:24–30

Imaj
David k ap pale avèk Wa Sayil

Wa Sayil te konnen lafwa David, konsa, li te mande pou l te wè David. David te di Sayil li pa t pè batay avèk Golyat. David te eksplike ke yon fwa pandan l t ap siveye mouton yo, li te touye yon lyon ak yon lous. Senyè a te pwoteje l lè sa a, epi David te konnen Senyè a t ap pwoteje l kounyea tou.

1 Samyèl 17:31–37

Imaj
David k ap eseye yon kuiras

Sayil te bay David yon kuiras. Men, li pa t bon pou li, konsa, David te retire li. Li te deside batay san kuiras.

1 Samyèl 17:38–39

Imaj
David ki kenbe wòch

David te rasanble senk wòch lis epi li te mete yo nan yon ti sak. Li te pran fistibal li ak baton bèje l la epi li t ale pou l te rankontre Golyat.

1 Samyèl 17:40

Imaj
David k ap pale avèk Golyat

Lè Golyat te wè David, li te rele byen fò epi l te pase l nan betiz. Li te di yon ti gason ki se yon bèje pa t ka bat li. David te reponn ni byenfò tou, li te di li fè Senyè a konfyans pou pwoteje l! David te di li t ap bat Golyat pou montre grandè Senyè a.

1 Samyèl 17:42–47

Imaj
David k ap batay avèk Golyat

David te kouri sou Golyat. Li te voye yon wòch rapid avèl fistibal li a. Wòch la te frape Golyat nan fwon li, epi òm jeyan an te tonbe atè a. Senyè a te ede David bat Golyat san epe ni kuiras.

1 Samyèl 17:48–50

Imaj
David ak kadav Golyat

Lè Filisten yo te wè Golyat mouri, yo te kouri sove avèk krent. Izrayelit yo te gen batay la. David te fè Senyè a konfyans, epi Senyè a te pwoteje Izrayèl.

1 Samyèl 17:51–53

Enprime