Scripture Stories
Elize Geri Naaman


“Elize Geri Naaman,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)

“Elize Geri Naaman,” Istwa Ansyen Testaman yo

2 Wa 5

Elize Geri Naaman

Ala yon gwo mirak ki te suiv lafwa senp

Imaj
Naaman nan kabann, malad

Gen yon mesye ki te rele Naama ki t ap viv byen lwen nan peyi Siri. Li sete yon gwo kapitèn nan lame Siryèn nan. Men Naaman te gen yon maladi po douloure ki te rele lèp.

2 Wa 5:1

Imaj
Yon tifi Izrayelit k ap pale avèk madanm Naaman.

Sèvant madanm Naaman an sete yon tifi Izrayelit. Tifi a te gen lafwa nan Senyè. Li te di ke si Naaman te ka vizite pwofèt Elize, Naaman t ap geri anba maladi li a.

2 Wa 5:2–4

Imaj
Naaman ap vwayaje al jwenn Elize

Naaman te vwayaje byen lwen pou l t al jwenn Elize. Naaman te panse li t ap geri pa yon gwo mirak.

2 Wa 5:5–8

Imaj
Naaman k ap pale ak sèvitè Elize a

Naaman te vini lakay Elize avèk sèvitè li, cheval, ak charyo li. Elize te voye sèvitè pa l la al bay Naaman enstriksyon Senyè a. Senyè a t ap geri Naaman si l t al lave tèt li nan Rivyè Jouden an sèt fwa.

2 Wa 5:9–10

Imaj
Naaman k ap plenyen bò rivyè a

Naaman te fache paske li te vle pou pwofèt Senyè a te soti vini pou te geri l rapid. Li te plenyen kote l te mande tèt li si Rivyè Jouden an pa t bon menmjan avèk gwo rivyè nan peyi Siri yo.

2 Wa 5:11–12

Imaj
sèvitè a k ap pale avèk Naaman bò rivyè a

Men sèvitè Naaman an te mande Naaman poukisa li pa t vle egzekite yon tach tou senp konsa. Menmsi sa pa t fè sans pou Naaman, yon pwofèt Senyè a te mande li pou l te fè sa.

2 Wa 5:13

Imaj
Naaman nan Rivyè Jouden an, li geri

Naaman te sispann montre lògèy epi l te tande sèvitè l yo. Li te lave tèt li nan Rivyè Jouden an sèt fwa. Apresa Senyè a te geri Naaman, jan Elize te di a. Naaman te konnen ke Elize sete yon pwofèt epi ke Senyè a te reyèl.

2 Wa 5:14–15

Enprime