Scripture Stories
Pwofèt Moyiz


“Pwofèt Moyiz,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)

“Pwofèt Moyiz,” Istwa Ansyen Testaman yo

Egzòd 2–3

Pwofèt Moyiz

Te resevwa apèl pou l te libere pèp Senyè a

Imaj
Yon Ejipsyen ki ap bat yon Izrayelit

Moyiz te grandi kòm pitit gason pitit fi Farawon an. Moyiz te wè Ejipsyen yo te mechan avèk Izrayelit yo. Li te tris paske Ejipsyen yo te fè Izrayelit yo tounen esklav yo.

Egzòd 2:10–11

Imaj
Moyiz ki ap defann Izrayelit la

Yon jou Moyiz te wè yon Ejipsyen ki t ap frape yon Izrayelit. Pou defann Izrayelit la, Moyiz te touye Ejipsyen an.

Egzòd 2:11–14

Imaj
Moyiz nan dezè a

Lè Farawon an te vin konn sa, li te vle touye Moyiz, men Moyiz te kouri kite Ejip.

Egzòd 2:15

Imaj
Moyiz ak fanmi l

Moyiz te ale yon kote ki te rele Midyan, se la li te rankontre avèk yon fi ki te rele Sefora. Yo te marye epi yo te fè pitit.

Egzòd 2:21–22

Imaj
Moyiz ki ap gade touf fèy ki ap boule a

Pandan li t ap viv Midyan, Moyiz te wè yon touf fèy ki te pran dife, men dife a pa t boule touf fèy la. Senyè a te parèt nan dife a epi li te pale avèk Moyiz.

Egzòd 3:1–6

Imaj
Jezi ki ap pale avèk Moyiz

Senyè a te di Li te konnen Izrayelit yo t ap soufri an Ejip. Li te bay Moyiz lòd pou l te retounen an Ejip epi pou l te di Farawon pou l te bay Izrayelit yo libète yo. Senyè a te di Moyiz ke Li t ap ede l libere Izrayelit yo epi kondui yo mennen nan yon tè pwomiz.

Egzòd 3:7–18

Enprime