Scripture Stories
Jakòb avèk Fanmi li


“Jakòb avèk Fanmi li,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)

“Jakòb avèk Fanmi li,” Istwa Ansyen Testaman yo

Jenèz 27–33

Jakòb avèk Fanmi li

Jan Senyè a te respekte pwomès Li

Imaj
Jakòb k ap mache avèk yon bourik

Jakòb te kite lakay li pou l te sove anba frè li, Esau, ki te fache. Papa Jakòb te beni l pou l te kapab jwenn yon fi ki te renmen Senyè a epi ki te respekte kòmandman L yo pou l te marye.

Jenèz 27:42–46; 28:1–5

Imaj
Jezikri parèt devan Jakòb

Pandan Jakòb t ap vwayaje a, Senyè a te vin vizite l nan yon vizyon. Li te pwomèt pou L toujou avèk Jakòb. Jakòb te pwomèt pou l te bay Senyè a yon dizyèm nan tout sa l te resevwa.

Jenèz 28:10–16, 20–22

Imaj
Jezikri k ap pale avèk Jakòb

Senyè a te pwomèt Jakòb ke li t ap gen anpil pitit. Gras ak pitit Jakòb yo, fanmi yo ki sou tè a t ap jwenn benediksyon pou yo te konnen Sovè a. Nan dènye jou yo, yo rele fanmi Jakòb kay Izrayèl la.

Jenèz 28:3–4, 14; 1 Nefi 10:14

Imaj
Jakòb ak Rachèl

Jakòb te vwayaje al nan yon peyi ki te rele Aran. Li te tonbe damou kote sa a avèk yon fi jis ki te rele Rachèl.

Jenèz 27:43; 29:9–20

Imaj
Jakòb ki ap travay nan jaden

Jakòb te dakò pou l te travay pandan setan pou Laban, papa Rachèl, pou l te ka pèmèt li marye avèk Rachel. Laban te dakò. Jakòb te travay pandan setan.

Jenèz 29:21–27

Imaj
Jakòb, Rachèl, ak Leya

Men Laban te vle pou pi gran pitit fi l la, Leya, marye an premye. Pandan maryaj la, Laban te twonpe Jakòb epi li te fè l marye avèk Leya pito. Men Jakòb te renmen Rachèl. Li te pwomèt pou l te travay sèt lòt ane ankò si l t ap ka marye avèk li. Laban te dakò, epi fanmi Jakòb te kòmanse grandi.

Jenèz 29:28–35; 30:3–13, 17–24; Jakòb 2:27–30

Imaj
Jakòb k ap vwayaje ak fanmi li

Laban pa t byen peye Jakòb. Men Senyè a te beni Jakòb ak anpil bèt epi li te di Jakòb pou l te retounen lakay li.

Jenèz 30:31, 43; 31:1–7, 17–18

Imaj
Jakòb

Pandan l ta pral lakay li a, Jakòb te aprann ke frè l la, Esaü, ak 400 gason t ap vin rankontre li.

Jenèz 32:3–6

Imaj
Jakòb k ap kache fanmi li

Jakòb te panse Esaü te siman toujou fache avèk li. Jakòb te pè pou sekirite fanmi l, poutèt sa, li te mennen yo yon kote ki te gen sekirite epi li te priye.

Jenèz 32:7–24

Imaj
Jezikri k ap pale avèk Jakòb

Jakòb te priye pandan tout nuit la rive jis nan maten. Senyè a te vizite Jakòb epi li te beni li. Senyè a te di Jakòb li t ap vin yon gwo lidè pou anpil moun. Senyè a te chanje non Jakòb pou te fè l tounen Izrayèl.

Jenèz 32:24–30

Imaj
Esaü rankontre Jakòb

Tousuit apre Esaü ak mesye yo te rankontre avèk Jakòb ak fanmi l. Esaü pa t fache avèk Jakòb ankò. Li te kouri al rankontre Jakòb epi li te ba l yon akolad. Li te trè kontan wè li epi rankontre fanmi li. Jakòb te kontan wè Esaü tou.

Jenèz 33:1-7

Imaj
Jakòb ak Esaü k ap gade fanmi an

Senyè a te respekte pwomès li te fè Jakòb yo pandan tout lavi li. Jakòb te rive lakay li ak fanmi l epi li te enstale l. Depi lè sa a, yo te rele Jakòb Izrayèl, epi yo te rele fanmi l Izrayelit. Li te kontinye respekte kòmandman yo ak adore Senyè a.

Jenèz 33:17–20

Enprime