Scripture Stories
Rèn Estè


“Rèn Estè,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)

“Rèn Estè,” Istwa Ansyen Testaman yo

Estè 2–5; 7–9

Rèn Estè

Brav nan yon moman danje

Imaj
Estè nan palè wa a

Yo te rele kèk Izrayelit Juif. Estè sete yon Juif ki te abite nan peyi ki te rele Perse la. Paran li te mouri, epi kouzen li, Madoche, te okipe li. Yo te envite l nan palè wa a avèk lòt jènfi yo nan wayòm nan. Wa a te bezwen yon nouvèl rèn, epi l te chwazi Estè.

Estè 2:2–7, 16–17

Imaj
moun k ap bese devan Aman

Wa a te gen yon sèvitè ki te rele Aman ki te vin gen anpil pouvwa. Aman te ede wa a dirije peyi a. Wa a te fè tout moun bese devan Aman.

Estè 3:1–2

Imaj
Madoche ak Aman

Men, Madoche pa t vle bese devan Aman. Madoche te vle bese sèlman devan Senyè a. Sa te fè Aman fache. Li te vle pini Madoche ak tout Juif yo.

Egzòd 20:5; Esther 3:5–6, 8

Imaj
sòlda k ap fè anons devan yon gwoup moun

Aman te di wa a ke Juif yo pa t suiv lwa wa a. Konsa, wa a te kite Aman fè yon nouvo lwa: nan yon sèten jou, li t apral touye tout Juif yo.

Estè 3:8–11, 13

Imaj
Madoche ki ap pale avèk Estè

Madoche te mande Estè pou l te pale avèk wa a. Wa a te ka chanje lwa Aman an pou l te ka sove Juif yo. Men, Estè te pè. Kèkfwa, wa a te konn touye moun ki konn vin pale avèk li san envitasyon.

Estè 4:5–11

Imaj
Estè k ap gade moun yo

Madoche te mande Estè pou l te panse a Juif yo ki ta pral mouri a. Madoche te di ke Senyè a te siman mete Estè nan palè wa a pou l te ka sove Juif yo.

Estè 4:13–14

Imaj
Estè k ap priye

Estè te konnen li te dwe pale avèk wa a, menmsi sa te vle di li te ka mouri. Estè te mande tout Juif yo ak sèvitè l yo pou yo te jene avèk li.

Estè 4:15–16

Imaj
Estè k ap gade pòt yo

Apre l te fin jene pou twa jou, Estè te prepare tèt li epi l t al wè wa a.

Estè 5:1

Imaj
Estè ki bese devan wa a

Lè Estè te apwoche devan wa a, wa a te te leve baton l la anlè. Sa te vle di ke wa a te kontan wè l, epi l pa t ap touye li. Wa a te mande l kisa l te vle. Estè te di wa a ke pèp li a te an danje. Poutèt lwa Aman an, yo t ap touye li ansanm avèk tout Juif ki nan wayòm nan.

Estè 5:2–3; 7:4–6

Imaj
sòlda k ap fè anons devan moun yo

Wa a te fache kont Aman epi li te fè touye l. Wa a te fè yon nouvo lwa ki te pwoteje Juif yo. Kounyeya, yo te gen dwa defann tèt yo si nenpòt moun te eseye fè yo mal.

Estè 7:9–10; 8:10–11

Imaj
Estè

Lafwa Estè nan Senyè a ak kouraj li pou l te pale avèk wa a te sove pèp li a. Olye de lanmò ak tristès, te gen yon fèt. Juif yo te selebre.

Estè 8:16–17; 9:18–32

Enprime