Scripture Stories
Senyè a Pale avèk Eli


“Istwa Ansyen Testaman yo,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)

“Istwa Ansyen Testaman yo,” Istwa Ansyen Testaman yo

1 Wa 19

Senyè a Pale avèk Eli

Pote atansyon a vwa Senyè a

Imaj
Akab k ap pale avèk Jezabèl, dife nan fon an

Wa Akab te di Rèn Jezabèl ke Senyè a te mete prèt Baal yo an dewout. Jezabèl te fache epi li te di li t ap touye pwofèt Eli.

1 Wa 19:1–2

Imaj
Eli ki jwenn yon kav

Pou l te rete ansekirite, Eli te kite peyi Izrayèl la. Li te vwayaje pandan 40 jou ak 40 nuit, ap jene pandan l te sou wout la. Apresa, li te rive sou Mòn Sinayi an epi l te jwenn yon kav pou l te kache ladan. Senyè a te di Eli pou l t ale sou tèt mòn nan pou L te ka pale avèk Eli.

1 Wa 19:3, 8–11

Imaj
Eli k ap gade van, tranblemandtè, ak dife

Yon gwo van te vini epi l te kraze wòch yo ozalantou kav la anpyès. Apre sa, yon tranblemandtè te sekwe tè a. Apresa yon dife te kòmanse. Eli te tande gwo bri van, tranblemandtè, ak dife. Men vwa Senyè a pa t nan gwo bri sa yo.

1 Wa 19:11–12

Imaj
Senyè k ap pale avèk Eli.

Apresa Eli te tande yon ti vwa dous trankil. Li te konnen sete Senyè a. Senyè a te mande Eli kisa l t ap fè la a.

1 Wa 19:12–13

Imaj
Eli k ap pale avèk Senyè a

Eli te di li te vin kache pou l te ka ansekirite. Yo te touye tout pwofèt yo, epi moun yo te rejte Senyè a.

1 Wa 19:14

Imaj
Eli k ap chèche Elize

Senyè a te konsole Eli epi L te di l te gen anpil Izrayelit ki te toujou adore Senyè a. Senyè te mande Eli pou l te retounen lakay li epi prepare yon lòt pwofèt. Non nouvo pwofèt sa a sete Elize.

1 Wa 19:15–18

Enprime