Scripture Stories
Konsènan Ansyen Testaman an


“Konsènan Ansyen Testaman an,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)

“Konsènan Ansyen Testaman an,” Istwa Ansyen Testaman yo

Konsènan Ansyen Testaman an

Pwomès Pè Selès la pou pitit Li yo depi lontan

Imaj
ilistrasyon sou lavi pre-tèrès

Premye pati nan Bib Sent la se Ansyen Testaman an. Ekriti sa yo te ekri sa gen lontan anpil, menm avan Jezikri te fèt. Li gen istwa ki ede nou gen lafwa nan Li. Li anseye nou ke chak moun sou tè a fè pati fanmi Papa nou ki nan syèl la e ke Li renmen pitit Li yo.

Detewonòm 7:7–9; Ezayi 45:10–12

Imaj
Adan ak Èv nan Jaden an

Nan Ansyen Testaman an, yo te rele Jezikri Jewova ak Senyè a. Li suiv enstriksyon Pè Selès la. Depi nan epòk Adan ak Èv, Pè Selès la te voye Senyè a, Jezikri, pou pale avèk pwofèt Li yo. Pè Selès la voye Sentespri a pou ede nou konnen pawòl pwofèt yo vrè.

Egzòd 6:2–3; 2 Istwa 20:20; Amòs 3:7; 2 Pyè 1:21; Moyiz 2:1

Imaj
data-posterite Adan

Senyè a te pwomèt pwofèt Abraam ak madanm li Sara ke fanmi yo t ap grandi epi beni tout mond lan. Pitit pitit gason Jakòb yo te gen yon gran fanmi ki te vin yon nasyon. Yo te rele yo kay Izrayèl la, oswa Izrayelit yo. Pwofèt yo te anseye yo pou yo te rete tann pou lè Jezikri t ap vini.

Jenèz15:5–6; 17:1–8; Detewonòm 18:15; Ezayi 7:14

Imaj
moun k ap gade yon lakansyèl

Anpil istwa nan Ansyen Testaman an montre kijan Senyè a te kenbe pwomès Li te fè Izrayelit yo.

Jenèz 9:13–17; Jeremi 11:4–5; Ebre 11:1–35

Imaj
Moyiz k ap montre moun yo yon baton

Lè Izrayelit yo te koute pwofèt yo ak kenbe kòmandman yo, Senyè a te ede yo. Lè yo te dezobeyi, Li pa t ka ede yo.

Detewonòm 11:26–28; Jòb 36:11–12

Imaj
timoun k ap li ekriti yo

Ou fè pati fanmi Papa nou ki nan syèl la. Papa nou ki nan syèl la bon, epi Li renmen ou. Li gen yon plan pou ou. Gras ak Senyè a, Jezikri, ou kapab retounen viv avèk Papa nou ki nan Syèl la ankò. Jis tankou yo te anseye Izrayelit yo, ou ka chwazi pou w gen lafwa nan Senyè a epi kenbe kòmandman L yo.

Egzòd 15:2; Detewonòm 4:31; 5:10; Moyiz 1:39

Enprime