“Rit ak Naomi,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)
“Rit ak Naomi,” Istwa Ansyen Testaman yo
Rit 1–4
Rit ak Naomi
Sibi tribilasyon avèk amou ak lwayote
Naomi ak fanmi l te demenaje al Moab paske pa t gen ase manje nan peyi Jida a. Apresa, mari Naomi te vin mouri. Pitit gason Naomi yo te marye avèk fi Moab ki te rele Orpah ak Rit. Yo te pran swen Naomi pandan dizan.
Apresa, mari Orpah ak Rit yo te mouri. Kounyea fi yo te poukont yo. Naomi pa t ka bay Rit ak Orpah manje.
Orpah te retounen lakay li. Men, Rit te vle rete pou l te pran swen Naomi. Rit ak Naomi te tande peyi Jida a te gen rekòlt ankò, konsa, yo te vwayaje al kote sa a.
Rit ak Naomi te rive nan Jida pandan rekòlt la. Yo te bezwen manje. Yon fanmi Naomi ki te rele Boaz te gen jaden nan peyi Jida a. Li te kite Rit pran rès gren ki te rete nan rekòlt yo nan jaden l yo. Travay la te rèd.
Boaz te respekte Rit paske Rit te travay anpil epi paske Rit te lwayal anvè Naomi ak anvè Senyè a. Li te di sèvitè yo pou yo te kite plis gren nan jaden yo pou Rit.
Naomi te vle pou Rit fonde yon fanmi. Li te ankouraje Rit pou l te marye avèk Boaz. Rit te konnen si l te marye avèk Boaz, yo t ap ka pran swen Naomi ansanm.
Rit te deside mande Boaz pou l te marye avèk li. Boaz te konnen Rit sete yon fi lwayal ki te gen vèti. Li te dakò.
Rit ak Boaz te marye. Byenvit, Rit te gen yon tibebe gason. Li te vin gran papa David, fiti wa a. Anpil ane apre, Jezikri te fèt nan lineyaj fanmi sa a.