Scripture Stories
Plè Ejip yo


“Plè Ejip yo,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)

“Plè Ejip yo,” Istwa Ansyen Testaman yo

Egzòd 4–5; 7–12

Plè Ejip yo

Chwa Farawon kont Senyè a

Imaj
Moyiz ak Aawon k ap pale avèk Farawon

Moyiz te fè Senyè a konfyans epi l te retounen an Ejip. Moyiz ak frè l la, Aawon, t al kote Farawon epi yo te mande l pou l te libere Izrayelit yo pou yo te ka kite Ejip. Farawon te fache epi l te refize. Li te fòse Izrayelit yo travay pi di toujou.

Egzòd 4:10–16; 5:1–18

Imaj
rivyè tounen san

Poutèt Farawon pa t koute Senyè a, plè terib te tonbe sou Ejipsyen yo kòm malediksyon. Premyèman, tout dlo an Ejip te tounen san. Moyiz te mande Farawon ankò pou l te kite Izrayelit yo ale, men, li te di non.

Egzòd 7:14–25

Imaj
Krapo k ap sote sou Ejipsyen yo

Apresa, Senyè a te voye krapo an Ejip. Yo te tout kote. Farawon te di, li t ap kite Izrayelit yo ale si krapo yo te ale. Senyè a te fè krapo yo ale, men, Farawon pa t kite Izrayelit yo ale. Apresa, Senyè a te voye pis ak mouch.

Egzòd 8:1–32

Imaj
Ejipsyen ak bèt ki mouri

Apresa, tout bèt nan fèm Ejipsyen yo te mouri, men, okenn nan bèt Izrayelit yo pa t mouri. Apresa, Ejipsyen yo te gen maleng douloure sou kò yo.

Egzòd 9:3–12.

Imaj
lagrèl ak siklòn dife k ap detwi Ejip

You gwo siklòn avèk lagrèl ak dife te vini sou Ejip tou. Sa te lakoz destriksyon tèrib.

Egzòd 9:22–35

Imaj
krikèk k ap manje jaden

Farawon te toujou pa t vle Izrayelit yo ale. Apresa, Senyè a te voye yon mas krikèt, epi yo te manje tout manje pèp la.

Egzòd 10:12–20

Imaj
Farawon

Apresa, te gen twa jou tenèb. Pandan anpil nan plè yo, Farawon te pwomèt pou l te kite Izrayelit yo ale si plè yo te sispann, men li te bay manti chak fwa.

Egzòd 10:21–23, 27

Imaj
Moyiz ak fanmi l

Apre nèf plè diferan, Farawon te toujou pa t kite Izrayelit yo ale. Senyè a te di Moyiz, yon lòt plè tèrib t ap vini. Senyè a te dirije ak pwoteje Izrayelit yo pandan yo t ap ret tann libète yo a.

Egzòd 11:4–7; 12:1–13

Enprime