Scripture Stories
Izrayelit yo nan Dezè a


“Izrayelit yo nan Dezè a,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)

“Izrayelit yo nan Dezè a,” Istwa Ansyen Testaman yo

Egzòd 16

Izrayelit yo nan Dezè a

Aprann konte sou Senyè a

Imaj
Izrayelit yo k ap plenyen

Byenvit apre Izrayelit yo te kite Ejip, yo te plenyen paske yo pa t gen ase manje. Yo te di li t ap pi bon pou yo ta esklav an Ejip olye pou yo te rete san manje nan dezè a.

Egzòd 16:1–3

Imaj
Izrayelit yo k ap rasanble lamàn

Pou L te anseye Izrayelit yo gen konfyans nan Li, Senyè a te voye manje soti nan syèl la pou yo te ranmase chak jou. Yo te rele pen an lamàn. Li te gen gou siwomyèl. Senyè a pa t voye lamàn nan jou Saba a, setyèm jou nan semèn nan. Konsa nan sizyèm jou a, Li te di yo pou yo te ranmase ase lamàn pou de jou.

Egzòd 16:4–5, 14–31

Imaj
Izrayelit yo k ap rasanble kay (zwazo)

Pandan yon tan, Senyè a te voye zwazo ki rele kay pou Izrayelit yo te manje tou. Nan maten yo te ranmase lamàn, epi nan lasware yo te rasanble kay. Senyè a te vle pou Izrayelit yo aprann fè L konfyans. Nan fason sa a, Li te pran swen yo nan dezè a.

Egzòd 16:11–13

Enprime