Scripture Stories
Danyèl ak Zanmi L yo


“Danyèl ak Zanmi L yo,” Istwa Ansyen Testaman (2022)

“Danyèl ak Zanmi L yo,” Istwa Ansyen Testaman

Danyèl 1

Danyèl ak Zanmi L yo

Refize manje manje wa a

Imaj
Sòlda yo pran tigason yo

Wayom Babylòn nan te konkeri Jerizalèm. Yo te pran kèk nan jèn gason ki pi te entelijan ak pi gwonèg yo nan men fanmi yo nan Jerizalèm epi yo te mennen yo al nan Babylòn pou sèvi wa a.

Danyèl 1:1–4

Imaj
Jèn gason yo nan lakou wa a

Danyèl ak zanmi l yo te pami jèn gason sa yo. Yo te chwazi yo pou yo te sèvi nan lakou wa a epi yo te vin tounen konseye li.

Danyèl 1:4–6

Imaj
manje ak diven

Wa a te bay Danyèl ak zanmi l yo manje ak diven. Men yo pa t vle manje manje wa a ni bwè diven wa a. Sa te kont kòmandman Bondye yo.

Danyèl 1:5–8

Imaj
jèn gason yo k ap manje

Sa te fè sèvitè wa a pè pou lavi li. Li te pran swen Danyèl ak zanmi l yo, epi li te panse si yo te refize manje manje wa a, yo t ap vin pi fèb pase lòt jèn gason yo. Lè sa a, wa a t ap fache epi li t ap kondane sèvitè a pou l mouri.

Danyèl 1:9–10

Imaj
Amon ap pale ak sèvitè a

Men Danyèl te gen konfyans nan Bondye epi li te vle obeyi kòmandman L yo. Li te mande sèvitè a pou l te ba yo dlo ak gren pandan 10 jou epi apresa pou l te konpare sante yo avèk sante lòt jèn gason yo. Sèvitè a te dakò.

Danyèl 1:11–14

Imaj
Danyèl ak zanmi l yo k ap etidye

Apre 10 jou, Danyèl ak zanmi l yo te pi ansante pase tout lòt jèn gason yo. Danyèl ak zanmi l yo te suiv kòmandman Bondye yo, epi Bondye te fè yo tounen gason ki te pi saj nan lakou wa a.

Danyèl 1:15–20

Enprime