Istwa nan Ekriti yo
Moyiz tibebe


“Moyiz Tibebe,” Istwa Ansyen Testaman (2022)

“Moyiz Tibebe,” Istwa Ansyen Testaman

Egzòd 1–2

Moyiz tibebe

Pwoteje moun ki gen pou vin tounen lidè Izrayelit yo

Farawon ki ap gade wayòm lan

Fanmi Jakòb te vin tounen yon gwo pèp an Ejip. Yo te rele yo Izrayelit. Farawon, wa Ejip la, te pè pou yon jou pa t gen twòp Izrayelit epi pou yo pa t pran kontwòl Ejip, poutèt sa, li te fè Izrayelit yo tounen esklav li.

Egzòd 1:7-14

sòlda ki ap gade rivyè a

Farawon te pase lòd pou yo te touye tout tibebe gason Izrayelit ki te fèk fèt yo. Fanmi Izrayelit yo te pè anpil.

Egzòd 1:15–22

Jokebèd, Miryam, ak tibebe Moyiz  nan rivyè a

Yon manman Izrayelit ki te rele Jokebèd te panse a yon fason pou l te sove pitit gason l lan ki te fèk fèt. Li te mete tibebe a nan yon panye epi li te kache panye a nan yon pil zèb wo bò Rivyè Nil la. Sè tibebe a, Miryam, t ap veye sou li pou l te ka an sekirite.

Egzòd 2:1–4

Pitit fi Farawon an kenbe Moyiz, tibebe.

Pandan li t ap benyen nan rivyè a, pitit fi Farawon an te dekouvri panye a. Li te wè tibebe Izrayelit san defans la ki t ap kriye epi li te vle elve kòm pwòp pitit li. Miryam te ale kote pitit fi Farawon an epi li te mande l si l te ka mennen yon fi Izrayelit pou okipe tibebe a.

Egzòd 2:5-6

Pitit farawon, Jokebèd, Miryam, ak Moyiz, tibebe.

Miryam te mennen manman l, Jokebèb, bay pitit fi Farawon an. Pitit fi Farawon a te dakò pou l te peye Jokebèd pou l te pran swen tibebe a.

Egzòd 2:8-9

Pitit fi Farawon an,  Jokebèd, ak Moyiz,

Tibebe Izrayelit sa a te grandi. Pitit fi Farawon an te elve l tankou pwòp pitit pa li. Li te rele l Moyiz.

Egzòd 2:10