Scripture Stories
Kreyasyon Tè a


“Kreyasyon Tè a,” Istwa Ansyen Testaman yo (2022)

“Kreyasyon Tè a,” Istwa Ansyen Testaman yo

Jenèz 1–2; Moyiz 1–3; Abraram 3–5

Kreyasyon Tè a

Yon bèl kay pou pitit Pè Selès yo.

Imaj
Bondye ak Senyè a k ap kreye linivè a

Bondye Papa nou ki nan Syèl la te prezante plan sali a nan syèl la. Nou tout te rele ak lajwa! Nou t ap ka vin sou tè a pou nou resevwa yon kò fizik. Pandan nou sou tè a, nou t ap aprann pou nou suiv Pitit Gason Bondye a, Senyè a, Jezikri. Senyè a te kreye tè a sou enstriksyon Bondye.

Jenèz 1:1; Jòb 38:4–7; Moyiz 1:32–33; 2:1; Abraram 3:22–27

Imaj
planèt nan lespas

Nan premye jou a, Senyè a te separe limyè a ak tenèb. Li te rele limyè a jou epi tenèb la nuit.

Jenèz 1:3–5; Moyiz 2:3–5; Abraram 4:1–5

Imaj
Nyaj ak oseyan

Nan dezyèm jou a, Li te divize dlo yo ant nyaj yo nan syèl la ak oseyan yo sou tè a.

Jenèz 1:6–8; Moyiz 2:6–8; Abraram 4:6–8

Imaj
forè bò kot oseyan

Nan twazyèm jou a, Senyè a te fòme gran oseyan yo ak tè sèch yo. Li te rele dlo yo lanmè epi tè sèch yo tè. Li te fè tè a bèl avèk flè, fwi, plant, ak pyebwa.

Jenèz 1:9–13; Moyiz 2:9–13; Abraram 4:9–13

Imaj
reprezantasyon nuit ak jou

Nan katriyèm jou a, Li te kreye solèy la pou l te klere pandan lajounen. Apresa, Li te kreye lalin nan ak etwal yo pou te klere lannuit.

Jenèz 1:14–19; Moyiz 2:14–19; Abraram 4:14–19

Imaj
kreyati lanmè

Nan senkyèm jou a, Senyè a te fè pwason nan lanmè ak zwazo nan syèl la. Li te beni kreyati yo pou yo te miltipliye epi L te beni pwason yo pou yo te ranpli dlo yo.

Jenèz 1:20–23; Moyiz 2:20–23; Abraram 4:20–23

Imaj
bèt nan forè

Nan sizyèm jou a, Li te kreye animal yo sou tè a, gen kèk ki te mache ak kèk ki te ranpe.

Jenèz 1:24–25; Moyiz 2:24–25; Abraram 4:24–25

Imaj
Adan ak Èv nan Jaden Edèn nan

Pè Selès ak Senyè a te desann vin sou tè a nan sizyèm jou a. Yo te kreye gason ak fi dapre imaj Bondye. Pè Selès la te di yo pou youn te pran swen lòt epi pou yo te fè pitit. Li te fè gason an ak fi a konfyans pou yo te pran swen tè a ak bèt yo tou.

Jenèz 1:26–27; Moyiz 2:26–27; Abraram 4:26–31; 5:7–8

Imaj
Adan ak Èv k ap gade bèt yo

Pè Selès te kontan avèk tout bagay Yo te kreye yo. Nan setyèm jou a, Yo te repoze apre tout travay Yo. Tè a te bèl epi li te chaje ak lavi.

Jenèz 2:1–3; Moyiz 3:1–3; Abraram 5:1–3

Enprime