Ansyen Testaman 2022
28 Fevriye–6 Mas Jenèz 28–33: “Siman Senyè a nan Kote sa a


“28 Fevriye–6 Mas  Jenèz 28–33: “Siman Senyè a nan Kote sa a”his Place,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“28 Fevriye–6 Mas jenèz 28–33,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
Tanp Tijuana nan Meksik

28 Fevriye–6 Mas

Jenèz 28–33

“Siman Senyè a nan Kote sa a”

Pandan w ap li Jenèz 28–33, reflechi sou kijan istwa ak prensip ki nan chapit sa yo ka beni timoun w ap anseye yo.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Envite timoun yo pou youn voye oubyen woule yon balon bay lòt Lè yo kenbe balon an, mande yo pou yo pataje yon bagay y ap aprann nan Ansyen Testaman an, keseswa lakay yo oubyen nan Primè a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Jenèz 28:10-22.

Alyans yo ap ede m retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la.

Nan yon rèv, Jakòb te wè yon nechèl ki te mennen nan syèl la. Bawo yo nan nechèl la kapab reprezante alyans nou te fè avèk Bondye yo, paske alyans sa yo ede prepare nou pou n retounen al nan prezans Li.

Aktivite posib

  • Li Genèz 28:12–13 pou timoun yo. Eksplike yo ke bawo yo nan nechèl la ka reprezante alyans ki ap ede nou retounen al jwenn Pè Selès la. Envite yo pou yo pretann ke y ap monte sou yon nechèl pandan w ap pale de moman kote nou pwomèt pou nou obeyi Bondye, tankou lè nou batize, lè n ap pran sentsèn, oswa lè n al nan tanp. Ede yo panse a kèk fason yo ka prepare yo pou yo fè alyans lè yo batize.

  • Li Jenèz 28:15 pou yo pandan w ap mete aksan sou mo sa yo: “Mwen avèk ou” ak “Mwen p ap abandone w.” Eksplike ke Bondye pwomèt pou l toujou avèk nou si nou fè efò pou nou chwazi sa ki byen. Ede timoun yo panse ak kèk bagay yo ka fè pou yo ka santi yo pi pwòch Pè Selès la ak Jezikri.

Jenèz 29:16-28.

Mwen dwe toujou respekte pwomès mwen yo.

Jakòb te dakò pou l te travay pou Laban pandan setan pou l te ka marye avèk Rachèl, pitit fi Laban an. Jakòb te respekte angajman sa a, men Laban pa t respekte l. Panse pou w itilize istwa sa a pou anseye timoun yo jan li enpòtan pou nou respekte pwomès nou yo.

Aktivite posib

  • Li Jenèz 29:18, 20 pou timoun yo, epi eksplike ke Jakòb te respekte pwomès pou l te travay pandan setan pou Laban an pou l te ka marye avèk Rachèl, malgre sa se te yon pakèt tan pou l te travay (gade tou “Jacob et sa famille,” nan Histoires de l’Ansyen Testaman an). Ede timoun yo panse a pwomès yo ta kapab fè lòt moun. Poukisa li enpòtan pou n respekte pwomès nou? Ede yo konprann ke yon alyans se yon pwomès sakre ant Bondye e nou chak. Rann temwayaj ou ke Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri toujou respekte pwomès Yo.

  • Chante epi diskite ansanm sou yon chan osijè onètete, tankou “Défends le bien” oswa “Bien choisir” (Chants pour les enfants, 81).

Jenèz 33:1-4.

Pè Selès la ak Jezikri kapab ede m renmen fanmi m.

Pifò nan timoun yo konn kisa sa vle di pou yo fache avèk yon sè oswa yon frè yo. Istwa sou fason Jakòb ak Ezayi te simonte kòlè yo youn kont lòt la kapab enspire yo.

Imaj
Jakòb ak Ezayi ki ap bay akolad

Ilistrasyon Jakòb ak Ezayi ki ap bay akolad, pa Robert T. Barrett

Aktivite posib

  • Ede timoun yo sonje poukisa Ezayi te fache avèk Jakòb (gade nanJenèz 27:41 ou “Jacob et Esau,” nan Histoires de l’Ansyen Testaman an). Mande timoun yo pou yo montre w a kisa yon vizaj fache sanble. Eksplike ke apre anpil ane, Jakòb te pè pou l te rankontre Ezayi. Mande timoun yo pou yo montre w a kisa yon vizaj moun ki pè sanble. Kisa nou ka fè lè nou pè? Mande yo pou yo pretann y ap priye pandan w ap li sa Jakòb te di nan priyè l la (gade Jenèz 32:11). Apre sa, li nan Jenèz 33:4 pou w wè sa k te rive lè Ezayi te wè Jakòb. Mande timoun yo pou yo montre w kijan figi Jakòb ak Ezayi kapab te ye lè youn te wè lòt ankò.

  • Montre foto Jakòb ak Ezayi a ki nan plan leson sa a. Kite timoun yo dekri sa yo wè nan foto a. Di yo ke te gen move santiman ki te geziste ant de frè sa yo, men yo te chwazi pou youn te padone lòt. Ede timoun yo reflechi sou sa yo ta ka fè pou yo ka montre plis lanmou pou yon moun nan fanmi yo, menm jan Jakòb ak Ezayi te montre lanmou youn pou lòt la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Jenèz 28:10-22.

Alyans yo ap ede m retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la.

Ou ka itilize rèv Jakòb te fè sou yon nechèl ki t ap monte nan syèl la pou anseye timoun yo ke trespekte alyans nou prepare nou pou nou antre nan prezans Bondye.

Aktivite posib

  • Envite yo li Jenèz 28:10–15 epi apre sa desine yon foto sou rèv Jakòb la. Mande yo pou yo pataje foto yo. Eksplike yo ke nechèl la te reprezante yon fason pou Jakòb retounen al jwenn Bondye. Kisa Bondye ba nou pou ede nou retounen al jwenn Li? (gade paj aktivite semèn sa a). Raple timoun yo alyans batèm yo. Kijan viv alyans sa a ap rapwochè nou de Bondye?

  • Montre foto yon tanp, epi ekri sou tablo a kèk gwoup mo kle nan Jenès 28:15–17la, tankou “Mwen avèk ou,” “Senyè a nan kote sa a,” “Kay Senyè a” oswa “Pòt syèl yo.” Envite timoun yo pou yo chèche foto sa yo. Di timoun yo kijan tanp ak alyans tanp yo ede w santi w pwòch Senyè a.

Jenèz 29:16-30.

Mwen kwè nou dwe onèt.

Jakòb te respekte pwomès li pou l te sèvi Laban pandan se tan an, men Laban te pran l nan pyèj. Kijan w ka itilize istwa sa a pou ede timoun yo konprann jan li enpòtan pou yo onèt menm lè lòt moun pa onèt?

Aktivite posib

  • Li ansanm Jenèz 29:16–30, epi ede yo fè rezime evenman yo ki nan vèsè sa yo. Kijan Jakòb te reyaji lè Laban te twonpe l la? Kisa nou ka aprann nan istwa sa a?

  • Ekri sou tablo a Kisa ki rive lè nou pa onèt? ak Kisa ki rive lè nou onèt? Envite timoun yo pou yo jwenn repons nan li “Onètete ak Intégrité” (nan Pou Fòs Jèn yo [2011], 19).

Jenèz 32:6–11; 33:1–4

Pè Selès la ak Jezikri kapab ede m renmen fanmi m.

Ezayi te fache kont Jakòb, epi Jakòb te pè rankontre Ezayi ankò, menm apre 20 tan youn pa t wè lòt. Men, Jakòb te priye pou l te jwenn èd, epi Ezayi te vin ka simonte kòlè l la. Kijan w ka itilize istwa sa a pou anseye timoun yo jan li enpòtan pou nou renmen fanmi nou?

Aktivite posib

  • Mande timoun yo kisa yo sonje sou relasyon ant Jakòb ak Ezayi a (gade nanJenèz 27:41 ou “Jacob et Esau,” nan Histoires de l’Ansyen Testaman an). Eksplike ke apre l te fin pati pandan anviwon 20 tan, Jakòb ta pral rankontre Ezayi ankò. Li ansanm Jenèz 32:6–11. Kijan Jakòb te santi li? Kisa l te fè pou l te ka jwenn èd? Temwaye ke nou ka mande Pè Selès la èd lè relasyon fanmi nou difisil. Li ansanm Jenèz 33:1–4 pou nou dekouvri kijan Senyè a te reponn priyè Jakòb la.

  • Pataje yon eksperyans pèsonèl oubyen yon istwa nan yon revi Legliz la sou fason pou nou montre pi plis lanmou nan fanmi nou yo. Envite timoun yo pou yo pataje eksperyans yo tou. Kisa nou ka fè lè yon manm fanmi nou fache avèk nou? Pou nou aprann kisa Sovè a te anseye nou pou nou fè, gade nanMatye 5:43–45.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo pataje paj aktivite semèn sa a avèk fanmi yo pou ede yo aprann nan rèv Jakòb la ak sonje li.

Amelyore Ansèyman Nou

Itilize imaj pou ede timoun yo konprann istwa ki nan ekriti yo. Souvan timoun yo aprann pi byen lè yo ka gade imaj sou istwa oubyen ansèyman ki nan ekriti yo. Pa egzanp, ou gen dwa montre youn nan foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yoa.

Enprime