Ansyen Testaman 2022
21–27 Fevriye. Jenèz 24–27: Alyans lan Renouvle


“21–27 Fevriye. Jenèz 24–27: Alyans lan Renouvle, Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“21–27 Fevriye. Jenèz 24–27,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
Rebeka

Ilistrasyon sou Rebeka, pa Dileen Marsh

21–27 Fevriye

Jenèz 24–27

Alyans lan Renouvle

Pandan w ap li Jenèz 24–27 epi parepare w pou w anseye a, panse a timoun yo ki nan klas ou a. Kisa yo bezwen aprann? Kiyès nan aktivite sa yo ki pral siyifikatif pou yo? Baze sou bezwen yo, ou gen dwa adapte nenpòt nan aktivite yo bay la yo oubyen sa ki nan Vini, Suiv mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Anba chèz chak timoun, mete yon kesyon sou yon evènman oswa yon prensip ki nan Jenèz 24–27la. Mande timoun yo pou yo reponn kesyon yo si yo kapab, oubyen envite yo pou yo koute repons yo pandan leson an.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Jenèz 24:10-21.

M ka janti avèk lòt moun.

Sèvitè Abraram nan te enpresyone pa jantiyès remakab Rebeka te manifeste pou li lè l te ofri l dlo non sèlman pou limenm men pou 10 chamo l yo tou. Egzanp Rebeka a ka raple timoun yo pou yo toujou gen jantiyès pou lòt moun.

Imaj
yon ansyen pi

Yon ansyen pi nan Beer-Schéba, kote Abraram ak Izaak te fouye pou yo te jwenn dlo.

Aktivite posib

  • Montre foto Rebeka a ki nan paj aktivite semèn sa a. Souliyen detay yo ki nan foto a pandan w ap fè rezime istwa a ki nan Jenèz 24:10–21, kote Rebeka te montre jantiyès pou sèvitè Abraram nan. Fè timoun yo wè ke pawòl ak zak jantiyès Rebeka yo se siy ke l se te moun Bondye te vle pou marye avèk Izaak, pitit gason Abraram nan. Envite timoun yo pou yo pretann yo se sèvitè a k ap rive avèk chamo yo oubyen Rebeka k ap tire dlo nan pi a pou yo. Ba yo fraz nan ekriti yo pou yo resite, tankou “Ban m … yon ti gout dlo” (vèsè 17) ak “Mwen pral pran dlo pou chamo w yo tou” (vèsè 19). Poukisa li enpòtan pou nou janti avèk lòt moun?

  • Rakonte yon istwa sou Sovè a kote l te montre jantiyès pou yon moun. Envite timoun yo pou pataje pwòp eksperyans pa yo sou montre jantiyès.

  • Sigjere plizyè senaryo kote yon timoun ka montre jantiyès, tankou lè y ap jwe avèk zanmi oubyen lè yo rankontre yon nouvo kanmarad nan lekòl. Mande yo kisa yo ka fè pou yo ka janti nan senaryo sa yo.

  • Chante yon chan sou jantiyès avèk yo, tankou “Soyons gentils” oswa “Jésus-Christ est mon modèle” (Chants pour les enfants, 83, 40–41). Envite yo pou yo koute lè y ap di mo “jantiyès” la (oubyen yon mo konsa) epi kanpe lè yo tande li. Kijan nou ka montre jantiyès pou lòt moun? Paj aktivite semèn sa a kapab ede nan diskisyon sa a.

Jenèz 25:29–34.

M ka chwazi bagay ki pi enpòtan yo.

Paske Ezayi se e pi gran pitit la nan fanmi li, li te sipoze resevwa responsablite ak privilèj espesyal, ki te rele dwadenès. Yon jou pandan Ezayi te grangou, li te fè echanj dwa nesans li a kote l te bay frè l, Jakòb li, pou yon plat manje. Istwa sa a ka anseye timoun yo ke nou dwe chwazi bagay etènèl yo sou satisfaksyon tanporè.

Aktivite posib

  • Pote kèk objè nan klas la ki ta ka ede w rakonte istwa Ezayi k ap vann dwa nesans li a, tankou yon bòl ak foto yon moun k ap resevwa yon benediksyon prètriz. Envite timoun yo pou yo itilize objè yo pandan y ap di w kisa yo konnen sou istwa a. “Jacob et Eayi” (nan Histoires de l’Ansyen Testaman) kapab ede. Li ansanm Jenèz 25:34, epi eksplike ke moun ki gen dwadenès la gen privilèj ak responsablite espesyal pou l pran swen rès fanmi an.

  • Montre timoun yo de foto: youn sou yon bagay ki gen gwo valè espirityèl (tankou tanp) ak youn sou yon bagay ki pote bonè tanporè sèlman (tankou yon jwèt, oubyen yon bonbon). Mande yo pou yo chwazi kisa ki ap pi byen ede yo retounen al jwenn Pè Selès la. Repete sa avèk lòt foto.

  • Chante yon chan sou fè bon chwa, tankou “Choisir le bien” (Chants pour les enfants, 82–83) avèk timoun yo.` Temwaye ke nou beni epi nou kontan lè nou chwazi bon bagay.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Jenèz 24:1-28.

M ap beni si m aji ak lafwa epi m janti avèk lòt moun.

Sèvitè Abraram nan te montre lafwa paske l te mete konfyans nan konsèyBondye pou l te jwenn yon fi pou Izaak. Rebeka te montre jantiyès nan fason li te trete sèvitè Abraram nan. Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo suiv egzanp sèvitè Abraram nan ak Rebeka?

Aktivite posib

  • Li Jenèz 24:1–28 ansanm, epi ede timoun yo idantifye egzanp sou lafwa ak jantiyès (gade, pa egzanp, vèsè 12–14 ak 17–20). Ki fason sèvitè Abraram nan ak Rebeka te beni paske yo te demontre lafwa ak jantiyès? Ekri sou tablo a Nou ka montre lafwa si nou … ak Nou ka montre jantiyès si nou … , epi envite timoun yo pou yo sigjere kèk fason yo ka konplete fraz sa yo.

  • Sou kèk moso papye, ekri sa sèvitè Abraram nan te di ak sa Rebeka te di oubyen te fè nan Jenèz 24:1–28la Envite timoun yo pou yo chak chwazi yon moso papye epi travay ansanm pou yo devine kiyès ki te di oubyen ki te fè bagay sa yo (yo ka ale nan ekriti yo si yo bezwen èd). Kisa istwa sa a anseye nou sou jantiyès? Kisa l anseye nou sou lafwa? W ap jwenn lòt egzanp sou jantiyès ak lafwa nan Jenèz 24:29–33, 58–61.

  • Envite timoun yo pou yo panse a yon zak jantiyès yo te wè. Mande yo pou yo ekri li epi pataje l avèk klas la oswa fanmi yo lakay yo. Kijan nou santi nou lè yon moun janti avèk nou?

Jenèz 25:21–34.

M ap mete plis valè nan bagay etènèl yo olye de bagay tanporèl yo.

Ezayi te chwazi pou l te fè echanj yon bagay ki te gen gwo valè, dwadenès li, pou yon bagay ki te gen mwens valè, yon moso pen ak yon bòl soup. Pandan w ap li vèsè sa yo, medite sou fason w ka ede timoun yo bay priyorite a bagay ki gen enpòtans etènèl yo.

Aktivite posib

  • Li ansanm istwa Jakòb ak Ezayi a nan Jenèz 25:21–34. Pandan w ap li a, envite chak timoun pou chwazi yon bagay nan istwa a pou yo fè desen sou li. Apresa envite yo pou yo itilize desen yo a pou rakonte istwa a nan pwòp mo pa yo. Si yo bezwen konprann kisa yon dwadenès ye, ankouraje yo pou yo li “Dwadenès” nan Gid Ekriti yo (ChurchofJesusChrist.org). Envite yo pou yo imajine ke Ezayi te mande konsèy nou pou l te konnen si l ta dwe fè echanj dwadenès li a pou yon plat manje; kisa nou t ap di li?

  • Rakonte yon eksperyans kote w te oblije sakrifye yon bon bagay pou yon bagay ki te gen pi gwo valè. Oubyen pase video “Persévérer avec patience” lan (ChurchofJesusChrist.org). Ki rapò ki geny istwa w la oubyen istwa ki nan videyo a gen rapò avèk chwa Ezayi te fè nan Jenèz 25:29–34la? Ede timoun yo panse a benediksyon Pè Selès la vle ba yo (tankou yon temwayaj pi solid, benediksyon tanp, oubyen lavi etènèl avèk Li). Ankouraje yo pou yo panse a kisa yo t ap dispoze pou yo sakrifye pou yo ka jwenn benediksyon gwo valè sa yo.

Imaj
learning icon

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo panse a yon bi yo ka fikse pou tèt pa yo sou yon prensip yo aprann nan Primè a jodia. Pa egzanp, yo ka fikse bi pou yo janti avèk lòt moun lakay yo.

Amelyore ansèyman nou

Timoun renmen pataje sa y ap aprann. Menm si yo jèn, yo ka fòtifye manm fanmi yo. Ankouraje yo pou yo pataje yon bagay yo te aprann nan Primè a avèk fanmi yo. (Gade Anseye nan Fason Sovè a,30

Enprime