Ansyen Testaman 2022
31 Janvye–6 Fevriye. Jenèz 6–11; Moyiz 8: “Noe te Jwenn Gras Devan Senyè a”


“31 Janvye–6 Fevriye Jenèz 6–11; Moyiz 8: ‘Noe Te Jwenn Gras Devan Senyè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“31 Janvye–6 Fevriye Jenèz 6–11; Moyiz 8,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
Noe, fanmi li, lach la, ak yon akansyèl

Ilistrasyon sou Noe ki ap kite lach la, pa Sam Lawlor

31 Janvye–6 Fevriye.

Jenèz 6–11; Moyiz 8

“Noe te jwenn gras devan Senyè a”

Jwenn enfòmasyon sou bèt yo ki te nan lach Noe a ak Tou Babèl byen wo a kapab amizan pou timoun. Men sonje ke istwa sa yo la pou anseye verite etènèl. Nan lapriyè, reflechi sou verite Bondye vle pou timoun yo aprann yo.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Anvan w kòmanse anseye timoun yo istwa ki nan Jenèz 6–11 ak Moyiz 8 yo, ba yo opòtinite pou youn anseye lòt sa yo konnen sou Noe ak lach la oswa Tou Babèl la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Jenèz 6:14–22; 7–8; Moyiz 8:16–30

Suiv pwofèt la ap beni m ak fanmi mwen.

Pandan timoun yo ap aprann suiv pwofèt la, y ap beni epi y ap pwoteje espirityèlman, menmj an fanmi Noe te pwoteje anba Delij la.

Aktivite posib

  • Nan pwòp mo pa w, rakonte istwa Noe ak lach la (gade nan “Noé et sa famille,” nan Histoires de l’Ansyen Testaman an; gade tou nan “Suis les prophètes,” Chants pour les enfants, 58–59, 3 zyèm kouplè). Ede timoun yo jwe senaryo sou kèk pati nan istwa a—pa egzanp, nan pretann ke y ap itilize yon zouti pou bati lach la oubyen y ap mache tankou bèt yo ki ap antre nan lach la.

  • Li pou timoun yo Moyiz 8:19–20, pandan w ap mete aksan sou sa Senyè a te kòmande Noe pou l te fè. Ede timoun yo konprann ke Noe se te yon pwofèt epi fanmi l te sove anba Delij la paske yo te suiv li. Mande timoun yo si yo konnen kiyès ki pwofèt nou jodi a. Montre yon foto l, epi ede timoun yo repete non li.

  • Pote nan klas la foto oubyen objè ki reprezante ansèyman pwofèt aktyèl la, tankou ekriti yo oswa foto yon tanp. Fè timoun yo chwazi yon objè lè tou pa yo rive epi fè yo di sa yo konnen osijè li. Eksplike yo kisa bagay bagay la reprezante. Ankouraje yo pou yo desine yomenm ki ap obeyi sa pwofèt la anseye yo. Rann temwayaj ou sou benediksyon ki genyen nan suiv pwofèt la.

Jenèz 9:15-16

Bondye ap respekte pwomès Li fè nou yo.

Li enpòtan pou timoun yo konnen Bondye ap respke pwomès Li yo, sitou si yo prepare pou yo fè alyans avèk Li lè yo batize.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo desine foto lakansyèl. Li pou yo Jenèz 9:15–16, epi mande yo pou yo koute si yo tande mo sonjea. Envite yo pou yo leve lakansyèl yo a anlè lè yo tande mo a. Eksplike yo ke akansyèl se rapèl pwomès Bondye fè nou yo.

  • Pale timoun yo de kèk nan pwomès Bondye fè yo—pa egzanp, nou ka retounen al jwenn Pè Selès la si nou suiv Jezikri oubyen Bondye ap voye Sentespri a pou rekonfòte nou. Rann temwayaj ou ke Bondye toujou respkte pwomès Li yo.

  • Itilize imaj pou pale timoun yo de alyans nou fè avèk Bondye, tankou imaj yon timoun ki ap batize, sentsèn, ak yon tanp (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 104, 108120).

Jenèz 11:1–9

Sèl fason pou nou rive nan syèl la se suiv Jezikri.

Moun Babèl yo te panse yo te ka atenn syèl la nan konstwi yon tou olye pou yo te viv levanjil Jezikri a. Kijan w ka ede timoun yo konprann ke suiv Sovè a se sèl mwayen pou nou retounen al jwenn Pè Selès la?

Aktivite posib

  • Rakonte istwa Tou Babèl la nan pwòp mo pa w, oubyen li istwa a nan “La tour de Babel” (nan Histoires de l’Ansyen Testaman an). Ankouraje timoun yo pou yo ede w nan pataje sa yo konnen osijè istwa a.

    Imaj
    ilistrasyon tou Babèl la

    Ilistrasyon Tou Babèl la, pa David Green

  • Fè timoun yo bati yon tou avèk blòk oswa lòt objè. Apre sa, montre yo yon foto Sovè a, epi mande yo ki chemen ki mennen retounen al jwenn Pè Selès la—bati yon tou oubyen suiv Jezikri? Envite yo pou yo di kisa yo kapab fè pou yo suiv Sovè a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Jenèz 6:14–22; 7–8; Moyiz 8:16–30

Suiv pwofèt la ap beni m ak fanmi mwen.

Timoun yo ap grandi nan yon mond ki mechan, ki yon jan sanble avèk mond nan epòk Noe a. Eksperyans Noe a kapab ba yo asirans ke yo ka jwenn pwoteksyon espirityèl si yo suiv pwofèt la.

Aktivite posib

  • Ede yo chwazi kèk vèsè nan Jenèz 6:14–22; 7–8 ke yo ta ka dekri nan yon desen. Itilize desen yo a pou anseye yo istwa Noe a. Mande yo pou yo pataje sa yo aprann nan istwa a.

  • Montre foto Noe (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 7–8) ak pwofèt aktyèl la. Ede timoun yo chèche nan Moyiz 8:16, 19–20, 23–24 pou yo ka jwenn sa Noe te anseye ke dirijan Legliz nou yo kontinye ap anseye jodi a. Kijan nou beni lè nou obeyi ansèyman sa yo?

  • Pataje yon bagay pwofèt vivan nou fèk anseye. Mande timoun yo pou yo ekri yon bagay pwofèt la te anseye sou moso papye, epi ede yo ranje moso papye yo pou vin fòme yon lach. Ki esanblans ki genyen ant ansèyman sa yo ak lach Noe te bati a?

Jenèz 9:15-17

Nou bezwen sonje alyans nou yo.

Lè nou te batize, nou te fè alyans avèk Bondye pou nou obeyi kòmandman L yo. Nan Jenèz 9:15–17, yo idantifye akansyèl la kòm yon rapèl sou alyans Bondye. Vèsè sa yo kapab enspire timoun yo pou yo chèche fason pou yo sonje alyans yo avèk Bondye.

Aktivite posib

  • Montre yo yon bagay ou genyen ki raple w yon bagay enpòtan nan lavi w, tankou yon bag maryaj, yon foto, oswa yon jounal. Envite timoun yo pou pataje pwòp egzanp pa yo. Li ansanm Jenèz 9:15–17 (gade tou Tradiksyon Joseph Smith, Jenèz 9:21–25 [nan apendiks Bib la]). Kisa Pè Selès la vle nou panse lè nou wè yon akansyèl?

  • Raple timoun yo alyans yo te fè lè yo te batize yo ak sa yo renouvle chak fwa yo pran sentsèn nan Mozya 18:8–10; Doktrin ak Alyans 20:77, 79). Fè yo desine oubyen kreye yon bagay pou raple yo alyans yo te fè yo.

Jenèz 11:1–9

Sèl fason pou nou rive nan syèl la se suiv Jezikri.

Pandan ke moun jodi a ta kapab pa eseye bati tou pou yo atenn syèl la, anpil ladan yo ap eseye jwenn lapè ak bonè nan suiv lòt chemen ki pa menm avèk chemen Jezikri etabli a. Kijan w ka itilize istwa Tou Babèl la pou anseye prensip sa a?

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo di sa yo konnen sou istwa Tou Babèl la (gade Jenèz 11:1–9). Selon Elaman 6:28, pou ki rezon moun Babèl yo tap bati tou a? Poukisa konstriksyon tou sa a se pa t bon fason pou yo te atenn syèl la? Ki konsèy ou tap bay moun Babèl yo?

  • Envite timoun yo pou yo chèche nan 2 Nefi 31:20–21 ak Elaman 3:28 pou yo ka jwenn bon fason pou n rive nan syèl la. Rann temwayaj ou konsènan Sovè a, Jezikri.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo panse a fason yo pral anseye fanmi yo sou istwa yo aprann yo nan Primè a. Pa egzanp, yo ta ka itilize foto yo desine yo oubyen paj aktivite semèn sa a.

Amelyore Ansèyman Nou

Chèche konprann timoun w ap anseye yo. Lè w ap anseye timoun yo, prete atansyon patikilyèman a kesyon yo, kòmantè yo, ak istwa oswa prensip ki sanble yo espesyalman siyifikatif pou yo. Konnen bagay sa yo ap ede w konsantre sou bezwen yo.

Enprime