Ansyen Testaman 2022
14–20 Fevriye. Jenèz 18–23: “Èske Gen Yon Bagay ki Twò Di pou Senyè a?”


“14–20 Fevriye. Jenèz 18–23: ‘Èske Gen Yon Bagay ki Twò Di pou Senyè a?’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“14–20 Fevriye. Jenèz 18–23,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
Sara ki kenbe Izaak ti bebe

Sara ak bebe Izaak, tablo Scott Snow

14–20 Fevriye

Jenèz 18–23

“Èske gen Yon Bagay Ki Twò Di pou Senyè a?”

Pandan w ap chèche reponn bezwen timoun w ap anseye yo, reflechi sou ide pou timoun ki pi gran yo ak sa ki pi piti yo nan plan leson an

Ekri Enpresyon W yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Pou ede timoun yo pataje sa yo deja konnen sou Jenèz 18–23, montre yo foto youn oubyen plis nan evenman ki nan chapit sa yo, epi mande yo pou yo pataje nenpòt sa yo sonje sou istwa a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Jenèz 18:9–14; 21:1–7

Mwen ka gen konfyans ke Bondye ap respekte pwomès Li yo.

Malgre Bondye te pwomèt ke Sara ak Abraram ta pral gen yon pitit gason, lè yo te kòmanse vin granmoun, li te sanble li pa pwobab ke pwomès sa a tap akonpli. Kijan w ka itilize istwa sa a pou ede timoun yo gen lafwa ke Bondye ap toujou respeske pwomès Li yo?

Aktivite posib

  • Rezime pwomès Bondye te fè Abraram ak Sara a ke yo tap fè yon pitit la ak akonplisman pwomès sa a (gade nanJenèz 17:15–19; 18:9–14; 21:1–7). Oubyen envite yon koup nan pawas la pou yo abiye tankou Abraram ak Sara epi rakonte istwa yo. Ede timoun yo konprann ke Abraram ak Sara te twò granmoun pou yo te fè pitit. Poze yo kesyon nan Jenèz 18:14, “Èske gen Yon Bagay Ki Twò Di pou Senyè a?” Temwaye ke Senyè a ka ranpli pwomès Li yo, menm si yo parèt enposib.

  • Fè timoun yo yon pwomès ke w ap akonpli nan fen klas la (pa egzanp, ke w pral pèmèt yo kolorye yon foto). Pandan tout klas la, raple yo pwomès ou a, epi apre sa ranpli li. Eksplike ke Senyè a toujou respekte pwomès Li.

  • Mande timoun yo pou yo pale de yon lè kote yo te oblije tann yon bagay yo te reyèlman vle. Avèk timoun yo, chante yon chan ki temwaye de pwomès Bondye, tankou “Pour trouver la paix” (Chants pour les enfants, 68–69). Ede timoun yo idantifye kèk bagay Bondye pwomèt nou si nou fidèl.

  • Montre foto yon batèm oubyen Sentsèn nan(gade nanLiv Ilistrasyon Levanjil la, no. 103, 104, 107108). Ede timoun yo aprann pwomès nou fè avèk Bondye, ak sa Bondye pwomèt nou an retou, lè nou batize ak lè nou pran Sentsèn. (Gade nan Ankre nan Lafwa, 23–25.)

Jenèz 22:1–14)

Abraram te obeyi Senyè a.

Li te difisil anpil pou Abraram te suiv kòmandman pou l te sakrifye pitit gason l lan. Medite sou kijan w ka itilize istwa sa a nan yon fason apwopriye pou ankouraje timoun yo pou yo obeyi Bondye menm lè sa difisil oubyen yo pa totalman konnen pou ki rezon Li bay kòmandman L yo.

Aktivite posib

  • Montre yon foto Abraram ak Izaak (gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo), epi itilize l pou w rakonte istwa Abraram ak Izaak la (gade tou nan“Abraham et Isaac,” nan Histoires de l’Ansyen Testaman an). Montre yon foto Jezikri, epi di timoun yo kijan istwa Abraram ak Izaak la ka raple nou sakrifis Pè Selès la ak Jezikri te fè pou nou.

  • Jwe yon jwèt senp ki mande pou timoun yo suiv direksyon. Pa egzanp, direksyon yo ka mennen yo nan yon foto Sovè a ki kache nan sal la. Kisa Pè Selès la mande nou pou nou fè? Ede timoun yo konprann ke respekte kòmandman L yo ap ede nou retounen al viv avèk Li ak Jezikri ankò.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Jenèz 18:9–14; 21:1–7

Senyè a akonpli pwomès Li, menm lè yo sanble yo enposib.

Yo te di Abraram ak Sara ke yo tap fè yon pitit gason, men sa te sanble li te enposib—Abraram te gen 100 tan, e Sara te gen 90 zan (gade nan Jenèz 17:17). Bondye te akompli pwomès L yoi, epi istwa sa a ka ede timoun w ap anseye yo fòtifye lafwa yo nan pwomès Bondye yo pou yo.

Aktivite posib

  • Ekri chak mo nan premye fraz laJenèz 18:14 la sou yon moso papye separe, epi bay chak timoun youn. Apre sa mande klas la pou yo mete mo yo nan lòd kòrèk. Li Jenèz 18:9–14; 21:1–7 avèk yo pou chèche yon egzanp nan lavi Sara ak Abraram kote Senyè a te fè yon bagay ki te parèt enposib. Kisa nou ka aprann nan eksperyans Sara ak Abraram nan ki ka ankouraje nou pou nou kwè nan pwomès Bondye yo?

  • Montre foto sou istwa nan ekriti yo kote Bondye te fè yon bagay ki te sanble l te enpwobab oswa difisil (pa egzanp, gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 7, 8, 25, 26). Mande timoun yo pou yo pataje sa yo konnen sou evènman ke yo dekri nan foto sa yo, epi ede yo wè kijan Senyè a te ranpli pwomès Li nan chak ka. Di yo kijan Senyè a respekte pwomès Li nan lavi w oubyen nan lavi moun ou konnen (pou kèk egzanp sou pwomès Senyè a, gade Malachi 3:10; Jan 14:26–27; Doktrin ak Alyans 89:18–21). Fè timoun yo pataje kèk egzanp menm jan an si yo konnen kèk.

Jenèz 19:15-26

Mwen ka kouri pou mechanste.

Istwa Lòt ak fanmi l ki t ap kouri kite yon vil kowonpi a te ka enspire timoun w ap anseye yo pou yo kouri pou enfliyans mal yo nan lavi yo.

Imaj
Ilistrasyon Lòt ak fanmi l ki ap kouri kite Sodòm ak Gomò

Kouri kite Sodòm ak Gomò, pa Julius Schnorr von Carolsfeld

Aktivite posib

  • Rezime Jenèz 19:15–26 kote w ap eksplike ke fanmi Lòt t ap viv nan yon vil ki te kowonpi anpil, epi zanj te avèti yo pou yo te kite vil la. Li vèsè 15–17, 26yo ansanm, epi ede timoun yo panse sou kisa sa ka vle di pou yo jodi a pou yo “kouri” pou mal epi “pa gade dèyè” (vèsè 17).

  • Montre foto Sovè a, epi mande timoun yo pou yo fè yon pa al devan li pandan y ap pataje yon bagay yo ka fè pou yo ka kouri pou mechanste epi vin pi pwòch Kris la.

  • Diskite sou sitiyasyon kote yon zanmi ta gen dwa envite timoun yo pou yo fè yon bagay yo konnen ki pa bon. Kijan nou t ap “kouri” pou sitiyasyon sa a? Kisa nou ta ka di zanmi sa a?

Jenèz 22:1–14)

Papa nou ki nan Syèl la te voye Pitit Gason L lan, ki te sakrifye tèt Li pou nou.

Pandan w ap anseye sou dispozisyon Abraram pou l te sakrifye Izaak la, panse a sa timoun yo ka santi. Itilize istwa sa a pou ede yo fòtifye lanmou yo ak apresyasyon yo pou sakrifis Sovè a.

Aktivite posib

  • Pou ede timoun yo aprann istwa nan Jenèz 22–14 la, li vèsè yo pou yo, epi envite yo pou yo fè desen sou sa w ap li yo. Poukisa kòmandman Senyè a pou sakrifye Izaak la te di anpil pou Abraram te respekte? Kisa nou aprann osijè Abraram nan istwa sa a?

  • Itilize foto Abraram ak Izaak ak Krisifiksyon an (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 957) pou konpare istwa ki nan Jenèz 22 a avèk sakrifis Sovè a (gade Matye 27:26–37). Kisa nou ka aprann osijè Pè Selès la ak Jezikri nan istwa Abraram ak Izaak ak Krisifiksyon an?

  • Passe video “Car Dieu a tant aimé le monde” la ki nan (ChurchofJesusChrist.org), oubyen chante yon kantik sou sakrifis Sovè a, tankou “Il envoya son Fils aimé” (Chants pour les enfants, 20–21). Envite timoun yo pou yo pale de kijan sakrifis Jezi a montre lanmou Pè Selès la pou nou.

Imaj
learning icon

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo pataje avèk fanmi yo eksperyans sou yon lè kote Bondye te beni yo lè yo te obeyi youn nan kòmandman L yo.

Amelyore Ansèyman Nou

Ankouraje reverans. Si gen bezwen pandan klas la, ou ta gen dwa raple timoun yo pou yo gen reverans. Ou ta gen dwa chante oubyen fredone yon chan tou ba oubyen montre yon foto Jezi pou w raple timoun sa.

Enprime