Ansyen Testaman 2022
24–30 Janvye. Moyiz 7: “Senyè a Rele Pèp Li a Siyon”


“24–30 Janvye. Moyiz 7: ‘Senyè a Rele Pèp Li a Siyon,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman an 2022 (2021)

“24–30 Janvye. Moyiz 7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
anpil moun k ap aji avèk amou

Youn Renmen Lòt pa Emma Donaldson Taylor

24–30 Janvye.

Moyiz 7

“Senyè a Rele Pèp Li a Siyon”

Kòmanse preparasyon w lan avèk lekti Moyiz 7. Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo ka ede w konprann chapit sa a, epi ede yo bay anba la a yo kapab ba w ide sou fason pou w anseye timoun yo li.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Pran kèlke minit pou kite timoun yo repase avèk timoun yo sa yo konnen sou pwofèt Enòk—enkli tout sa yo te aprann nan leson semèn pase a. Si sa ka ede, montre yo youn nan foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Moyiz 7:18

Bondye vle pou nou youn renmen lòt.

Vèsè sa yo dekri karakteristik pèp Siyon an. Kijan w ka ede timoun yo kòmanse devlope karakteristik sa yo?

Aktivite posib

  • Pataje istwa pèp Enòk la ki nan “Hénoc le prophète” (nan Histoires de l’Ansyen Testaman an), oubyen kite timoun yo rakonte istwa a nan pwòp mo pa yo pandan y ap itilize foto Enòk la ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo. Ou ta kapab chante tou avèk timoun yo dezyèm kouplè chan “Suis les prophètes” la ki nan (Chants pour les enfants, 58–59) pou revize istwa a.

  • Ede timoun yo panse a aksyon ki an rapò avèk gwoup mo “yon sèl kè ak yon sèl panse” a (Moyiz 7:18). Eksplike ke fraz sa a vledi ke nan pèp Enòk la, youn te renmen lèt epi youn te janti avèk lòt. Envite timoun yo pou yo itilize paj aktivite semèn sa a pou yo desine yon fason yo ka montre lanmou.

  • Chante yon chan sou youn renmen lòt, tankou “Dans nos foyers tout est beau” (Cantiques, no. 186). Pote foto ki ilistre gwoup mo kle yo nan chan an pou ede timoun yo aprann mo yo. Mande yo pou yo pataje fason yo ka montre lanmou youn pou lòt nan Primè a ak nan fwaye yo. Apre sa kite yo jwe senaryo sou ide yo genyen yo.

Imaj
yon tifi ki ap pataje fwi avèk yon granmoun fi

Nou ta dwe fè efò pou nou genyen “yon sèl kè ak yon sèl panse” (Moyiz 7:18).

Moyiz 7:28–33

Bondye sousye pou pitit Li yo.

Ou ka ede timoun yo aprann ke Pè Selès la ak Jezikri sousye anpil pou nou ak pou aksyon nou yo.

Aktivite posib

  • Ede timoun yo reflechi sou kèk bagay ki fè Pè Selès la kontan. Li Moyiz 7:28 avèk timoun yo, epi eksplike ke Pè Selès la te tris paske moun yo te mechan anpil (gade nan vèsè 32–33).

  • Fè yo desine yon vizaj souriyan sou yon bò nan yon moso papye ak yon vizaj tris sou lòt bò a. Site kèk bon aksyon, tankou yon priyè, ak kèk move aksyon, tankou bay manti, epi mande timoun yo pou yo leve vizaj souriyan an oswa vizaj tris la pou montre kisa Pè Selès la ak Jezikri santi pou chak chwa yo.

  • Envite yo pou yo jwe yon jwèt kote y ap mime sa yo ka fè pou rann Pè Selès la kontan. Mande lòt timoun yo pou devine sa y ap fè a. Pataje avèk chak timoun yo yon bagay ou te wè yo fè ki fè Pè Selès la kontan.

Moyiz 7:59–67

Jezi ap retounen sou tè a ankò

Nan vizyon l lan, Enòk te wè dènye jou yo, enkli Dezyèm Vini Sovè a. Kijan w ka ede timoun yo gen antouzyas pou Dezyèm Vini an?

Aktivite posib

  • Di yo pou yo imajine ke gen yon envite espesyal ki ap vin rann yo vizit. Kisa yo t ap fè pou prepare yo pou vizit la? Pataje pawòl Senyè a te di Enòk yo nan Moyiz 7:60la: “M [ap] vini nan dènye jou yo.” Ki fason nou ka prepare nou pou lè Jezi vini ankò?

  • Montre foto epòk lè Sovè a te parèt devan moun (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 60, 82, 83, ak 84). Kisa moun yo ap fè nan foto yo? Kisa moun yo ta kapab santi lè yo t al rankontre Jezi? Kite timoun yo di kijan yo santi yo apwopo ide pou yo wè Jezi lè L retounen ankò a.

  • Chante yon kantik sou Dezyèm Vini Sovè a, tankou “Quand Jésus reviendra” (Chants pour les enfants, 46–47), epi mande timoun yo pou yo di kijan yo imajine sa pral ye lè Jezi retounen.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Moyiz 7:18–21, 62–63, 68–69

Nou ka gen inite menm jan pèp Siyon an te ini an.

Pandan w ap li sou Siyon an, reflechi sou egzanp inite w konn wè. Kijan w ka ede timoun yo aprann pou yo ini menm jan pèp Enòk la te ini an?

Aktivite posib

  • Mande yo pou yo chèche mo ki dekri pèp Enòk la, ki rele Siyon tou, pandan y ap li Moyiz 7:18. Ekri mo sa yo kòm tit anlè tablo a, epi envite timoun yo pou yo ekri, anba chak tit, kèk bagay yo kapab fè pou yo pi plis tankou pèp Enòk la. Apre yo fin pale, mande yo kijan yo ka fè lakay yo vin plis sanble avèk Siyon. Yo ta gen dwa jwenn ide nan 4 Nefi 1:15–18.

  • Mande yo pou yo konte konbyen fwa mo “Siyon” an parèt nan Moyiz 7:18–21, 62–63, 68–69. Chak fwa mo parèt, ede yo idantifye kisa vèsè a di apwopo Siyon (gade nan Gid Ekriti yo tou, “Siyon,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Kijan nou w ka vin plis sanble ak moun yo dekri nan vèsè sa yo?

  • Itilize paj aktivite semèn sa a pou ede timoun yo panse a fason yo ka gen “yon sèl kè ak yon sèl panse” (gade Moyiz 7:18).

Moyiz 7:28–37

Bondye kriye pou pitit Li yo.

Kijan w ka ede timoun yo dekouvri ke Bondye sousye pou nou ak pou aksyon nou yo?

Aktivite posib

  • Mande timoun yo kisa ki ka lakoz Bondye kriye Moyiz 7:28–31). Envite yo gade nan Moyiz 7:32–33, 37 pou yo jwenn repons. Kisa vèsè sa yo anseye nou sou Bondye santi pou pitit Li yo? Kijan nou fè konnen ke Bondye renmen nou? Pataje temwayaj ou sou lanmou Bondye pou nou.

  • Voye yon ti sak pwa oubyen yon ti boul bay yon timoun. Mande l pou l fini fraz “M ka fè Bondye kontan lè m …” epi apresa voye objè a bay yon lòt timoun. Repete sa jiskaske chak timoun gen tou pa yo.

Moyiz 7:60–67

Jezikri ap retounen an kò nan dènye jou yo.

Pandan w ap li sou Dezyèm Vini an nan Moyiz 7:60–67, panse a fason pou w anseye l pou timoun yo nan yon fason jwaye.

Aktivite posib

  • Li ansanm Moyiz 7:60–67, epi ede timoun yo idantifye kèk bagay Senyè a di ki ap rive nan dènye jou yo. Mande yo kiyès nan evenman sa yo yo pa ka tann pou yo wè.

  • Envite timoun yo pou yo rakonte eksperyans kote yo t ap tann pou yon moun vin vizite lakay yo oubyen pou yon moun retounen lakay. Kijan yo te santi yo? Kisa yo te fè pou yo te prepare? Kijan nou ka prepare nou pou n wè Jezi ank1?

  • Montre foto Dezyèm Vini Sovè a (pa egzanp, gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 66). Fè yo desine yomenm nan Dezyèm Vini an, baze sou sa yo li nan Moyiz 7:60–67yo.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Kijan w ka ankouraje timoun yo ak fanmi yo pou yo kontinye aprann nan Ansyen Testaman an lakay yo? Pa egzanp, timoun yo ta ka pataje yon bagay yo te desine oubyen kolore nan Primè a kòm pati yon leson sware familyal.

Amelyore ansèyman nou

Ede timoun yo pou yo patisipe aktivman. “Lè w ap anseye timoun, kite yo konstwi, fè desen, kolorye, ekri, ak kreye. Bagay sa yo se plis pase aktivite ki amizan—yo esansyèl pou aprantisaj la” (Anseye nan Fason Sovè a,25).

Enprime