Ansyen Testaman 2022
17–23 Janvye. Jenèz 5; Moyiz 6: “Anseye Pitit Ou yo Bagay Sa Yo”


“17–23 Janvye. Jenèz 5; Moyiz 6: ‘Anseye Pitit Ou yo Bagay Sa Yo,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman an 2022 (2021)

“17–23 Janvye. Jenèz 5; Moyiz 6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
Adan ak Èv deyò Jaden Edèn nan

Pi Bon pase Paradi, pa Kendal Ray Johnson

17–23 Janvye.

Jenèz 5; Moyiz 6

“Anseye Pitit Ou yo Bagay Sa Yo”

Preparasyon w pou anseye kòmanse lè w ap etidye Jenèz 5 ak Moyiz 6l Pandan w ap fè sa, koute enpresyon Sentespri a ap ba ou apwopo sa timoun yo bezwen aprann.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Sou kèk ti moso papye, ekri kèk mo kle ki ta kapab ede timoun yo sonje yon bagay yo te aprann lakay yo semèn sa a oubyen nan yon leson ki te fèt nan Primè a. Fè chak timoun chwazi yon mo pa aza lè tou pa l rive. Apre yo fin chwazi mo a, envite nenpòt nan timoun yo pou l pataje yon bagay li aprann ki an rapò avèk mo sa a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Moyiz 6:27, 31–34

Bondye kapab ede m fè bagay ki difisil yo.

Lè yo te aple Enòk pou l te preche levanjil la, li te pè pou l pa t echwe. Men Bondye te ede l fè gwo bagay.

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo pale de yon okazyon kote yo te mande yo pou yo te fè yon bagay ki te difisil oubyen ki te fè yo pè. Pataje istwa apèl Enòk pou l te vin yon pwofèt la ke nou jwenn nan Moyiz 6:27, 31–34 (gade tou “Hénoc le prophète,” nan Histoires de l’Ansyen Testaman an). Souliye ke malgre Enòk pa t santi l te pare pou l te yon pwofèt, Bondye te pwomèt li ke L tap ede li. Ede timoun yo konprann kèk fason Bondye ede nou lè yo mande nou pou nou fè bagay ki difisil.

  • Pataje kèk egzanp ekriti sou lè Bondye te ede moun fè bagay ki te difisil—pa egzanp, Noe ki ap bati lach la, David ki ap goumen ak Golyat, Amon ki ap defann twoupo wa a, oubyen Samyèl, Lamanit la, ki ap preche. (Pou imaj ak referans ekriti, gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 7, 19, 7881.) Pataje yon eksperyans kote Senyè a te ede w fè yon bagay difisil.

Moyiz 6:52

Levanjil la anseye m kijan pou m retounen al jwenn Pè Selès la.

Bondye te anseye Adan kisa nou bezwen fè pou nou retounen al jwenn Li—gen lafwa, repanti, batize, epi resevwa don Sentespri a. Kijan w ka ede timoun yo aprann osijè bagay sa yo?

Aktivite posib

  • Chèche oubyen desine imaj ki reprezante lafwa, repantans, batèm, ak don Sentespri a (gade nan paj aktivite semèn sa a). Mete foto yo sou yon liy ki mennen nan yon foto Jezikri. Li Moyiz 6:52 pou timoun yo, epi mande yo pou yo kanpe bò kote foto kòrèk la lè yo tande mo ki koresponn a sa foto a reprezante a (nan vèsè sa a, mo “kwè” a itilize pou “lafwa”).

  • Chante kantik ki anseye prensip ki nan Moyiz 6:52yo, tankou “La foi,” “Aide–moi, Père” (vèsè 2), “Le jour de mon baptême,” ak “Le Saint–Esprit” (Chants pour les enfants, 96–97, 99, 103, 105). Ede timoun yo konprann ke si nou fè sa yo anseye nan chan sa yo, sa ap ede nou retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la.

Moyiz 6:58

Papa nou ki nan Syèl la vle pou paran yo anseye pitit yo.

Depi epòk Adan ak Èv la, paran yo resevwa kòmandman pou yo anseye pitit yo levanjil la. Kijan w ka ankouraje timoun w ap anseye yo pou yo koute ak suiv bon ansèyman paran yo?

Aktivite posib

  • Li Moyiz 6:58 pou yo, epi montre yo foto fanmi Adan ak Èv la ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo. Ede yo repete gwoup mo “anseye pitit ou yo bagay sa yo.” Eksplike ke Bondye vle pou tout paran suiv egzanp Adan ak Èv la pou yo anseye pitit yo sou Jezikri ak levanjil Li a. Mande timoun yo kisa yo ka fè lè paran yo oubyen lòt moun anseye yo levanjil la.

  • Ede yo fmatche foto yomenm avèk paran yo oubyen foto bèt ki bebe avèk bèt ki grannoun. Kijan paran yo ede pitit yo? Kisa yo anseye yo? Mande timoun yo pou yo desine foto fanmi yo nan moman kote paran yo ap anseye yo, tankou lè y ap li ekriti yo ansanm, lè y ap priye ansanm, oubyen manje ansanm.

    Imaj
    yon fanmi ki ap li ekriti yo

    Paran yo dwe anseye pitit yo levanjil la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Moyiz 6:26–34

Bondye ka ede m fè bagay ki difisil.

Menm si Enòk te santi l pa alawotè, Bondye te ede l ranpli apèl li kòm pwofèt. Bondye kapab ede timoun w ap anseye yo fè bagay ki difisil tou.

Aktivite posib

  • Li Moyiz 6:26–34 avèk timoun yo. Poukisa Enòk te santi l pa t ka preche levanjil la? (gade nan Moyiz 6:31). Kijan Bondye te ede Enòk (gade nan Moyiz 6:32–34; 7:13).

  • Envite timoun yo pou yo site kèk bagay difisil timoun laj yo fè pafwa (tankou fè devwa pou lekòl yo, janti avèk yon moun ki pa janti, oubyen di laverite lè yo fè yon erè). Ede yo jwenn gwoup mo nan Moyiz 6:32–34 ki kapab ede yo. Mande timoun yo pou yo pale de yon lè kote Bondye te ede yo fè yon bagay difisil. Pataje pwòp eksperyans pa w tou.

Moyiz 6:50–62

Lafwa, repantans, batèm, ak resevwa Sentespri a prepare m pou m retounen al jwenn Bondye.

Adan ak Enòk te anseye pèp yo a premye prensip ak òdonans levanjil la: lafwa, repantans, batèm, ak resevwa don Sentespri a (gade tou nanAtik Lafwa 1:4). Kisa w ka fè pou ede timoun yo konprann enpòtans prensip ak òdonans sa yo nan lavi yo?

Aktivite posib

  • Mande timoun yo li Moyiz 6:52, 57 pou yo ka jwenn prensip ak òdonans levanjil la ki mansyone nan katriyèm atik lafwa a.

  • Ekri katriyèm atik lafwa a sou tablo a, epi envite timoun yo pou yo li l. Apre sa efase youn oubyen de mo, epi mande yo pou yo li l ankò, pandan y ap repete mo ki manke yo pa kè. Repete pwosesis la jiskaske timoun yo aprann atik lafwa a.

  • Envite timoun yo pou yo ekri yon diskou byen kout sou lafwa, repantans, batèm, oswa resevwa don Sentespri a—yon bagay yo ta ka pataje avèk fanmi yo. Chak diskou ta kapab gen ladan l yon ekriti, yon eksperyans, ak yon temwayaj. Diskou a ta kapab eksplike tou kijan prensip la ede nou retounen al jwenn Pè Selès la tou.

Moyiz 6:57–58

Paran yo responsab pou yo anseye pitit yo.

Bondye konfye paran yo responsablite pou yo se enstriktè prensipal levanjil la nan fanmi yo. Kijan w ka ankouraje timoun yo sipòte paran yo nan wòl sa a?

Aktivite posib

  • Mande yon timoun pou l li Moyiz 6:58. Ki kòmandman Pè Selès la te bay paran yo nan vèsè sa a? Montre foto Adan ak Èv ki ap anseye pitit yo (gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo, epi mande timoun yo pou yo pale de sa yo wè nan foto a. Ankouraje yo pou yo pale de verite levanjil enpòtan yo aprann nan men fanmi yo.

  • Ede yo ekri yon nòt remèsiman voye bay paran yo oubyen planifye lòt fason senp pou yo eksprime apresyasyon yo pou paran yo. Chante yon kantik sou fanmi, tankou “Ces mots d’amour” (Chants pour les enfants, 190–91). Kijan nou ka ede paran nou kreye yon atmosfè plen lanmou nan fwaye nou?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Kijan w ka ede timoun yo kontinye aprann lè yo pa nan klas la? Ou ta kapab ankouraje yo pou yo sonje istwa Enòk la lè yo rankontre yon bagay difisil semèn sa a.

Amelyore ansèyman nou

Itilize paj aktivite yo. Pandan timoun yo ap kolore paj aktivite yo, repase prensip ki nan leson an. Li mo ki ekri sou paj la pou timoun yo si sa nesesè.

Enprime