Ansyen Testaman 2022
3–9 Janvye. Jenèz 1–2; Moyiz 2–3; Abraram 4–5: “Nan Kòmansman an Bondye te Kreye Syèl la ak Tè a”


“3–9 Janvye. Jenèz 1–2; Moyiz 2–3; Abraram 4–5: ‘Nan Kòmansman an Bondye te Kreye Syèl la ak Tè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“3–9 Janvye. Jenèz 1–2; Moyiz 2–3; Abraram 4–5,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
foto tè a ak lalin nan

3–9 Janvye.

Jenèz 1–2; Moyiz 2–3; Abraram 4–5

“Nan Kòmansman an Bondye te Kreye Syèl la ak Tè a”

Pandan w ap etidye Jenèz 1–2, Moyiz 2–3, ak Abraram 4–5, panse a timoun w ap anseye yo, epi medite sou ki verite w kapab ede yo konprann nan chapit sa yo.

Ekri Enpresyon W yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Envite timoun yo pataje yon bagay Pè Selès la ak Jezikri te kreye ke yo rekonesan pou li. Montre foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo ta ka ede tou.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Moyiz 2

Jezi te kreye tè a.

Yon konesans sou Kreyasyon an ka ede timoun yo santi amou Bondye ak ogmante apresyasyon yo pou mond lan. Kijan w ka fè aprantisaj yo sou Kreyasyon an vin yon bagay ki enspiran?

Aktivite posib

  • Montre timoun yo foto bagay ki reprezante divès peryòd nan Kreyasyon an (jan yo dekri nan Moyiz 2a; gade tou “Jésus-Christ a créé la terre,” nan Histoires de l’Ansyen Testaman an), epi ede yo panse a aksyon ki mache avèk foto yo. Pa egzanp, yo ta kapab fè foto yon pwen ki mare pou reprezante tè sèch la oubyen fè mouvman avèk bra yo tankou vag dlo (gade nan Moyiz 2:9–10). Pataje temwayej ou ke Jezikri te fè bagay sa yo paske Limenm ak Pè Selès la renmen nou.

  • Chante yon chan sou bagay Jezikri te kreye pou nou, tankou “Le monde est si beau” (Chants pour les enfants, 123). Mande timoun yo pou yo desine foto sou kreyasyon yo dekri yo nan chan an.

    Imaj
    dra ki dekri diferan etap kreyasyon an

    Kreyasyon, pa Joan Hibbert Durtschi

Moyiz 2:26–27

Mwen te kreye dapre imaj Bondye.

Lè timoun yo konprann ke yo te kreye dapre imaj Bondye, yo ka devlope yon santiman reverans ak respè pou kò yo ak kò lòt moun.

Aktivite posib

  • Ede yo repete: “Mwenmenm, Bondye, m te kreye lòm dapre pwòp imaj pa mwen” an plizyè fwa (Moyiz 2:27). Eksplike ke Pè Selès la te kreye kò nou pou l sanble avèk pa kò pa L. Envite timoun yo pou yo montre kèk pati nan kò yo pandan w ap bay non pati sa yo, oubyen pou yo chante yon chan sou kò nou, tankou “La tête, les épaules, les genoux, les pieds” (Chants pour les enfants,275).

  • Envite yo pou yo mime kèk bagay yo ka fè avèk kò yo pandan lòt timoun yo ap devine sa y ap fè a. Envite timoun yo pou yo di poukisa yo rekonesan pou kò yo.

  • Desine kontou yon kò sou papye, epi dekoupe l an plizyè ti mòso pou w ka fè yon jwèt kastèt avèk li. Distribye mòso papye yo bay timoun yo epi kite yo travay ansanm pou yo mete yo ansanm pou l fòme yon kò. Mande yo pou yo pataje kèk bagay yo ka fè avèk chak pati yo. Pataje temwayaj ou ke kò nou kreye dapre imaj Bondye.

Moyiz 3:2–3

Jou Saba a sen.

Timoun ki devlope abitid pou yo sanktifye jou Saba a lè yo jèn yo ap gen plis chans pou yo respekte kòmandman sa a lè lavi a vin pi chaje ak pi egzijan.

Aktivite posib

  • Li Moyiz 3:2–3, epi mande timoun yo pou yo koute kisa Bondye te fè nan setyèm jou a. Pote foto (oubyen fè desen) bagay nou fè le dimanch pou nou ka sanktifye jou a, ak bagay nou fè lòt jou yo. Fè timoun yo mete foto yo an de pil, youn pou dimanch ak youn pou lòt jou yo. Temwaye poukisa li enpòtan pou nou santifye jou Saba a.

  • Kèlke jou anvan klas la, envite youn nan timoun yo avèk paran li pou yo vini prepare pou yo pataje kèk bagay yo fè nan fanmi yo pou sanktifye jou Saba a. Envite lòt timoun yo pou yo pataje sa fanmi yo fè.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Moyiz 2

Jezikri te kreye tè a sou direksyon Papa nou ki nan Syèl la.

Ou ka itilize Moyiz 2 pou ede timoun yo wè ke mond lan te kreye toutespre kòm yon pati nan plan Bondye a. Pandan w ap li chapit sa yo, ki ide ki vin nan lespri w ki ta ka ede fòtifye temwayaj timoun yo sou Kreyasyon an?

Aktivite posib

  • Ede timoun yo panse a lè kote yo te fè yon bagay pandan y ap suiv direksyon yon lòt moun. Pa egzanp, petèt yo te fè yon resèt kuizin avèk yon paran oubyen yon frè oswa sè ki t ap gide yo. Ekri Kiyès ki te kreye tè a? sou tablo a, epi envite timoun yo pou yo jwenn repons lan nan Moyiz 2:1. Temwaye ke Jezikri te kreye tè a sou direksyon Papa nou ki nan Syèl la.

  • Bay chak timoun kèk vèsè nan Moyiz 2 a ki an rapò avèk youn nan jou kreyasyon an, epi mande l pou l desine foto kèk bagay Pè Selès la ak Jezi te kreye nan jou sa a. Mande timoun yo pou yo kenbe foto yo epi kanpe nan lòd jou Kreyasyon yo, epi apre sa envite chak timoun pou l anseye rès timoun yo sa ki te rive nan jou ki pa l la. Kisa nou aprann osijè Pè Selès la ak Jezikri nan istwa Kreyasyon an?

Moyiz 2:26–27

Adan ak Èv te kreye dapre imaj Bondye.

Mond lan ap bay timoun yo anpil fo mesaj apwopo kò yo. Doktrin ki nan Moyiz 2:26–27 la se yon motivasyon puisan pou nou respekte ak pran swen kò nou.

Aktivite posib

  • Li ansanm Moyiz 2:26-27. Kisa vèsè sa yo anseye nou sou kò nou? Pase videyo “La plus grande création de Dieu” (ChurchofJesusChrist.org), oubyen jwe jwèt “Votre Corps est un Temple” la nan (L’Ami, Out 2019, 24–25). Nou ta kapab li ansanm tou kèk sitasyon ki soti nan mesaj Prezidan Russell M. Nelson an “Votre corps: un don magnifique à chérir” (New Era, Out 2019, 2–7) ki ap ede timoun yo santi rekonesans pou Pè Selès la pou kò yo.

  • Desine foto yon kò sou tablo a, epi envite timoun yo pou yo chwazi yon pati nan kò a epi ekri bò kote l rezon ki fè yo rekonesan pou li a. Eksprime rekonesans ou pou kò w, epi temwaye ke nou te kreye dapre imaj Bondye.

Jenèz 2:2–3.

Jou Saba a sen.

Timoun yo gen dwa oblije eksplike zanmi yo poukisa yo trete jou dimanch lan diferan de lòt jou yo. Jenèz 2:2–3 anseye poukisa jou Saba a se yon jou sen. Kisa w ka fè pou ede timoun yo konprann doktrin sa a ak eksplike l pi byen?

Aktivite posib

  • Kijan sanktifye jou Saba a montre lanmou nou ak respè nou pou Pè Selès la ak Jezikri? Ede timoun yo jwe senaryo kote y ap eksplike yon zanmi poukisa yo chwazi nan jou Dimanch pou yo fè bagay ki onore Pè Selès la ak Jezi. Sigjere yo pou yo itilize Jenèz 2:2–3 nan eksplikasyon yo.

  • Bay timoun yo kèlke minit pou yo ekri yon lis tout bagay yo ka panse pou yo fè pou yo ka sanktifye jou Saba a. Envite timoun yo pou yo pataje lis yo, epi ankouraje yo pou yo ajoute sou lis yo pandan lòt timoun yo ap pataje sigjesyon ke yo pa t panse. Sigjere pou timoun yo pote lis yo fè yo lakay yo epi konsilte yo lè yo bezwen ide sou bon bagay pou nou fè nan jou Saba a.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Ede timoun yo panse a fason yo ka fè yon aktivite avèk fanmi yo ki menm jan avèk youn ou te fè nan klas la. Ou gen dwa ede yo ekri yon nòt pou yo raple tèt yo sa.

Amelyore ansèyman nou

Ede timoun yo eksprime kreyativite yo. Lè timoun yo konstwi, fè desen, oswa kolorye yon bagay ki gen rapò avèk istwa oswa prensip y ap aprann nan, souvan yo sonje l pi byen. Ankouraje yo pou yo itilize sa yo kreye yo pou yo anseye fanmi yo. (Gade nan Anseye nan fason Sovè a,25.)

Enprime