Ansyen Testaman 2022
28 Mas–3 Avril. Egzòd 7–13: “Sonje Jou Sa a, Jou Nou Te Soti Kite Ejip”


“28 Mas–3 Avril. Egzòd 7–13: “Sonje Jou Sa a, Jou Nou Te Soti Kite Ejip’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“28 Mas–3 Avril. Egzòd 7–13,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
Moyiz, Aawon, ak Farawon

Ilistrasyon sou Moyiz ak Aawon nan lakou Farawon an, pa Robert T. Barrett

28 Mas–3 Avril.

Egzòd 7–13

“Sonje Jou Sa a, Jou Nou Te Soti Kite Ejip”

Pandan w ap li Egzòd 7–13, reflechi sou fason verite sa yo nan ct sa yo fòtifye lafwa w nan Jezikri. Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo gen yon eksperyans konsa tou?

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Mete plizyè imaj ki reprezante bagay ki nan Egzòd 7–13 la, (tankou yon krapo, mouch, ak yon mouton) anba nap ki sou tab la. Envite plizyè timoun pou yo vin pran youn nan foto yo ki anba nap la, epi envite klas la pou l eksplike sa yo te aprann sou foto sa a lakay yo semèn sa a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Egzòd 7–11

Senyè a gen pouvwa sou tout bagay.

Izrayelit yo te an kaptivite epi yo pa t kapab libere tèt yo, men Senyè a te montre pouvwa Li epi L te delivre yo. Kijan nou ka itilize istwa sa a pou ede timoun yo mete konfyans yo nan Senyè a ak nan pouvwa Li?

Aktivite posib

  • Li kèk vèsè w chwazi nan Egzòd 7–11 pou w anseye timoun yo sou dis plè Senyè a te voye sou Ejipsyen yo (gade tou “Moïse le prophète,” nan Histoires de l’Ansyen Testaman). Envite timoun yo pou yo fè desen ki ilistre plè sa yo. Mande yo pou yo leve foto yo anlè pandan w ap repase plè yo ankò. Li kèk gwoup mo nan Egzòd 7:5 ak 9:14 pou eksplike poukisa Senyè a te voye plè yo bay Lejip.

  • Di timoun yo kijan Senyè a konn montre w “ke pa gen okenn moun ki tankou [L] sou tout tè a” (Egzòd 9:14). Fè timoun yo di kijan yo fè konnen Senyè a puisan.

Egzòd 12:1–13; 13:10

Sentsèn nan ka ede m sonje Jezi.

Pak la te anseye Izrayelit yo sou Sovè a ak sakrifis Li ta pral gen pou L vin fè pou nou yon jou a. Jodi a, nou pran sentsèn pou nou sonje sakrifis Jezi a.

Imaj
moun ki ap pran sentsèn

Sentsèn nan ede m sonje Jezikri.

Aktivite posib

  • Itilize Egzòd 12:1–13pou w di timoun yo kisa Senyè a te di Izrayelit yo pou yo te fè pou yo ta kapab sove anba dènye plè a (gade tou “La Pâque,” nan Histoires de l’Ansyen Testaman). Montre foto Jezi ki ap pote yon mouton an nan (Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 64), epi siyale yo resanblans ki genyen ant mouton yo te itilize nan Pak la ak Jezikri, Mouton Bondye a.

  • Mande timoun yo pou yo site kèk bagay nou fè pou nou ka sonje evenman enpòtan tankou anivèsè nesans ak jou fèt. Li Egzòd 13:10, epi eksplike yo ke Senyè a te mande timoun Izrayèl yo pou yo te selebre Pak la chak ane pou ede yo sonje ke L te sove yo anba men Ejipsyen yo. Nan ki fason nou ka sonje ke Jezi te sove nou anba peche ak lanmò?

  • Si posib, al gade tab sentsèn nan avèk timoun yo, epi pale de kijan sentsèn nan ede nou sonje Jezikri. Chante ansanm “La Sainte-Cène” (Chants pour les enfants, 72) oubyen yon lòt chan reverans sou Jezikri. Ede timoun yo remake santiman lapè yo genyen lè y ap panse a Sovè a, epi envite yo pou yo chèche gen santiman sa a lè y ap pran sentsèn nan.

  • Ba yo moso papye ki gen mo “M ka sonje Jezikri pandan sentsèn nan nan …” ekri anlè papye a. Envite yo desine foto yo kapab gade pandan sentsèn nan pou ede yo sonje Jezi.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Egzòd 7–11

Senyè a gen pouvwa pou l delivre m.

Timoun konn fè fas ak pwoblèm tou e yo bezwen Senyè a ede yo. Istwa dis plè Senyè a te voye pou L te libere Izrayelit yo kapab ede yo konprann ke Li gen pouvwa pou ede yo tou.

Aktivite posib

  • Bay chak timoun yon papye ki divize an dis seksyon, epi envite yo pou yo fè desen sou plè yo dekri nan vèsè sa yo: Egzòd 7:17–18; 8:1–4; 8:16–17; 8:20–22; 9:1–6; 9:8–9; 9:22–23; 10:4–5; 10:21–22; 11:4–7. Kisa plè sa yo anseye nou sou pouvwa Bondye? Poukisa li enpòtan pou nou konnen pouvwa Li?

  • Mande timoun yo pou yo pale de lè yo te santi yo te bezwen èd Senyè a. Kijan L ka ede nou nan sitiyasyon sa yo? Ankouraje yo pou yo pale de eksperyans kote yomenm oswa fanmi yo te fè eksperyans avèk pouvwa Senyè a nan lavi yo. Rann temwayaj ou ke Senyè a gen pouvwa pou L ede nou.

Egzòd 8:28–32; 9:7

Senyè a ka ede m gen yon kè adousi.

Farawon te chwazi pou l te andisi kè l lè Senyè a te di l pou l te libere timoun Izrayèl yo. Kijan w ka enspire timoun w ap anseye yo pou yo chwazi gen yon kè adousi pou yo ka dispoze pou yo sèvi Senyè a ak fè volonte Li?

Aktivite posib

  • Pote yon objè ki di nan klas la, tankou yon wòch, ak yon lòt ki mou, tankou yon eponj. Li avèk timoun yo kèk vèsè ki dekri kijan Farawon te reyaji devan plè Senyè a te voye yo (gade nan Egzòd 8:28–32; 9:7), epi mande timoun yo kiyès nan objè yo ki pi byen reprezante kè oswa atitid Farawon. Kisa sa vledi pou n gen yon kè adousi? (gade nan Mozya 3:17).

  • Avèk klas la, fè yon lis kèk jès ki ta ka montre nou gen yon kè di (pa egzanp, goumen avèk yon frè oswa sè oubyen refize priye). Kijan nou ka montre Senyè a ke nou vle gen kè ki adousi?

Egzòd 11:5–6; 12:1–13

Pak la senbolize pouvwa ekspyatwa Jezikri.

Pak la te anseye timoun Izrayèl yo ke Senyè a te delivre yo anba men Lejip. Pak la se senbòl sakrifis ekspyatwa Jezikri a tou, ki delivre nou anba peche ak lanmò. Jodi a, sentsèn ede nou sonje sakrifis Jezikri fè pou nou an. Anseye timoun yo sou Pak la kapab ede yo fè yon pi bèl eksperyans avèk Sentsèn nan.

Aktivite posib

  • Mande kèk nan timoun yo pou li Egzòd 11:5–6 pou yo ka enfòme sou dènye plè Senyè a te voye sou Ejipsyen yo. Mande lòt timoun yo pou yo li Egzòd 12:3, 5–7, 13 pou yo ka aprann kijan timoun Izrayèl yo te sove anba plè sa a.

  • Pou ede yo konprann ke Sovè a se Mouton ki sove nou an, montre yo foto yon mouton. Envite yo pou yo li Egzòd 12:3–7 pou yo ka jwenn ki kalite mouton Bondye te vle pou moun yo itilize pou repa Pak la. Kijan mouton sa a sanble ak Jezikri? (Pa egzanp, Jezi te pafè, epi Jezi te vèse san Li pou l sove nou.) Ki lòt senbòl ki ede nou panse a Jezikri?

  • Li priyè sentsèn yo ansanm (gade nan Doktrin ak Alyans 20:77, 79), epi gade video “Se souvenir toujours de lui” a nan (ChurchofJesusChrist.org). Kiresanblans ki genyen ant sentsèn e Pak la? Kisa nou ka fè pou nou sonje Jezi pandan sentsèn nan?

  • Pataje avèk timoun yo youn nan kantik sentsèn ou pi renmen yo (gade nan Cantiques, no. 96–119), epi di yo kijan l ede w sonje sakrifis Sovè a. Envite timoun yo pou yo pataje yon kantik ki fè menm bagay la nan yo.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo pataje avèk fanmi yo sa yo te aprann sou Jezikri nan klas Primè a jodi a.

Amelyore Ansèyman Nou

Ede timoun yo vizyalize istwa a. Lè timoun yo gen yon bagay vizyèl sou sa y ap aprann nan, yo pi kabalt ka plis sonje li. Chèche mwayen pou w ede yo vizyalize istwa yo ki nan ekriti yo pandan w ap itilize èd vizyèl tankou foto, desen, video, maryonèt, oswa senaryo.

Enprime