Ansyen Testaman 2022
18–24 Avril. Egzòd 18–20:“N ap Fè Tout Sa Senyè Di Nou”


“18–24 Avril. Egzòd 18–20:“N ap Fè Tout Sa Senyè Di Nou’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“18–24 Avril. Egzòd 18–20,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
montay

Yon montay an Ejip yo kwè ki se Mòn Sinayi dapre radisyon an.

18–24 Avril.

Egzòd 18–20

“N ap Fè Tout Sa Senyè Di Nou”

Pandan w ap li Egzòd 18–20an, reflechi sou prensip ki ap pi siyifikatif pou timoun yo. Ou gen dwa santi w enspire pou w mete aksan sou yon prensip diferan de sa yo sigjere anba la a.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Envite timoun yo pataje youn nan Dis Kòmandman yo (oubyen repase kèk kòmandman avèk yo) epi pou yo di yo poukisa yo santi ke l enpòtan pou nou obeyi kòmandman sa a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Egzòd 18:8-12.

Pataje temwayaj mwen kapab beni lòt moun.

Jetwo te kontan lè Moyiz te di sa Senyè a te fè pou timoun Izrayèl yo. Istwa sa a ka enspire timoun w ap anseye yo pou yo pataje avèk lòt moun sa yo konnen ki se verite yo.

Aktivite posib

  • Li pou timoun yo pawòl sa yo ki nan Egzòd 18:8: “Epi Moyiz te di bòpè li tout sa Senyè a te fè.” Mande timoun yo si yo sonje sa Senyè a te fè pou ede timoun Izrayèl yo chape anba men Lejip. (Pou ede yo sonje, montre yo foto oswa paj aktivite leson anvan yo). Kisa Senyè a fè pou ede nou? Ede timoun yo konnen ke, tankou Moyiz, nou ka di lòt moun gwo bagay Senyè a fè pou nou yo.

  • Klas Primè a kapab yon bon kote pou timoun yo fè pratik pataje yon temwayaj senp. Pataje temwayaj ou avèk yo, epi ede youn pataje avèl lòt verite levanjil la le yo kwè

Egzòd 20:3–17.

Bondye bay kòmandman pakse L vle pou m gen kè kontan.

Kòmandman yo se enstriksyon Pè Selès la pou nou jwenn lapè nan lavi sa a ak lajwa nan letènite. Kijan w ka ankouraje timoun yo pou yo obeyi kòmandman Bondye yo?

Aktivite posib

  • Montre foto “Les dix commandements” (nan Histoires de lAncien Testament), epi envite timoun yo pou yo di sa yo konnen sou istwa a. Ede yo konprann tout pati nan istwa a ke yo pa ko byen konnen.

  • Pandan w ap li plizyè nan kòmandman yo ki nan Egzòd 20:3–17 pou timoun yo (oubyen parafraze yo avèk mo yo ka konprann), envite yo pou yo leve pous yo anlè si kòmandman an pale de yon bagay nou dwe fè epi mete pous yo anba si l pale de yon bagay nou pa dwe fè. Pataje temwayaj ou sou bonè nou genyen lè nou obeyi kòmandman Bondye yo (gade nan Mozya 2:41).

  • Chante avèk timoun yo yon chan sou fason Pè Selès la beni nou lè nou obeyi kòmandman yo, tankou “Pour trouver lapè” (Chants pour les enfants, 146–47). Envite timoun yo pou yo koute mo yo pou yo ka wè ki benediksyon nou ka resevwa lè nou obeyi.

Egzòd 20:12

Mwen ka onore paran m.

Onore paran nou mande plis pase obeyi yo sêlman. Ede timoun yo konprann lòt fason yo ka onore paran yo.

Aktivite posib

  • Ede yo aprann gwoup mo sa a “onore manman w ak papa w” la nan (Egzòd 20:12). Si sa nesesè, eksplike ke “onore” yon moun ka vledi montre respè pou li oubyen pote bonè pou li. Kisa Jezi te fè pou L te onore Papa L ki nan Syèl la? Kijan Li te onore manman L (gade nan Lik 2:48–51; Jan 19:26–27). Ede timoun yo panse a kèk bagay yo kapab fè pou yo onore paran yo, epi envite yo pou yo jwe senaryo sou ide yo genyen yo.

  • Envite yo pou yo ekri yon kat remèsiman pou paran yo. Yo gen dwa ekri oubyen fè desen andedan kat la pou mete yon bagay yo pral fè pou onore paran yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Egzòd 18:13–26

Mwen ka ede “pote chay” fè travay Senyè a.

Moyiz te aprann ke eseye dirije pitit Izrayèl yo poukont li “pa t bon” (Egzòd 18:17). Lè nou youn renmen ak sèvi lòt, sa ka ede soulaje fado dirijan nou yo.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo desine plizyè sèk sou tablo a pou reprezante manm pawas la. Trase yon sèk ki rele evèk. Poukisa sa tap yon pwoblèm si evèk la se te sèl moun ki tap ede tout moun tout lòt moun? Li ansanm Egzòd 18:13–26 pou nou ka wè ki konsèy Jetwo te bay lè Moyiz t ap eseye fè tout bagay poukont li. Mande timoun yo pou yo bay sèk yo non pou reprezante lòt dirijan ak manm nan pawas la ki ede evèk la sèvi lòt moun yo. Kijan lòt dirijan ak manm sa yo fè ou yo soulaje fado evèk la? Kijan nou ka fè menm bagay la pou dirijan pawas nou yo? pou paran nou yo lakay?

  • Ede timoun yo fè yon lis dirijan nan pawas ou yo. Antanke klas, chwazi youn epi pale de kisa moun sa a fè pou l akonpli travay Senyè a ak sa timoun yo ka fè pou yo ede.

    Imaj
    yon mesye ki ap bay yon fi lanmen

    Sèvi lòt moun se yon fason nou ka ede nan travay Senyè a.

Egzòd 20:1–7

Li enpòtan pou m mete Senyè a an premye nan lavi m.

Nou tout gen bagay nou gen dwa tante pou nou mete anvan Bondye nan lavi nou. Kijan w ka ede timoun yo konprann kisa sa vle di pou yo mete Pè Selès la an premye?

Aktivite posib

  • Li ansanm Egzòd 20:1–7, epi eksplike yo ke tout sa nou mete anvan Bondye nan lavi nou ka konpare avèk “lòt dye” ak “imaj grave” yo mansyone nan vèsè 3–4. Mande timoun yo poukisa Pè Selès la vle pou nou mete L an premye. Ki benediksyon Li pwomèt nou si nou fè sa? Mande yo kijan nou ka montre Pè Selès la ke L pi enpòtan pou nou pase tout lòt bagay nan lavi nou.

  • Reflechi sou yon tach ki mande yon premye etap enpòtan, tankou lave men nou anvan nou manje oubyen mete chosèt anvan nou mete soulye nan pye nou. Kisa k ta ka rive si nou pa t fè premye bagay enpòtan sa yo? Kijan sa sanble avèk mete Pè Selès la anpremye nan lavi nou? Pataje temwayaj ou sou kijan mete Bondye an premye te beni w nan lavi ou, epi envite timoun yo pou yo pataje temwayaj yo tou.

  • Chante yon chan sou Pè Selès la, tankou “Mon Père céleste m’aime” (Chants pour les enfants, 16–17). Kisa nou aprann nan chan an sou rezon k fè l enpòtan pou nou mete Pè Selès la an premye nan lavi nou?

Egzòd 20:3–17.

Bondye ban m kòmandman pakse L vle pou m gen kè kontan.

Timoun yo ap plis kapab respekte kòmandman yo si yo wè yo kòm ekspresyon lanmou Bondye epi kòm opòtinite pou yo eksprime lanmou yo pou Li.

Aktivite posib

  • Prepare moso papye ki gen kòmandman yo nan Egzòd 20:3–17 yo ekri sou yo. Ekri nimewo 1 a 10 sou tablo a, epi envite timoun yo pou yo mete moso papye yo nan lòd kòrèk sou tablo a. Pale de kijan nou ka suiv kmandman sa yo> Pou kèk ide, yo ta ka gade nan atik nan Sijè Levanjil yo ki rele “Dis Kòmandman” an (topics.ChurchofJesusChrist.org).

  • Envite timoun yo pou yo desine mo kle ki nan kòmandman yo pou ede yo sonje yo.

  • Rakonte istwa Chloe a nan mesaj Sè Carole M. Stephens lan “Si w renmen mwen, kenbe kòmandman m yo” nan (Liahona, Nov. 2015, 118–20). Kijan istwa a ede nou konprann poukisa Senyè a ba nou kòmandman? Nan ki fason obeyisans nou montre amou nou pou Bondye?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo panse ak yon bagay yo ta renmen fè poutèt sa yo aprann nan klas la. Ede yo prepare yon rapèl senp sou sa yo pral fè a pou yo ka pote lakay yo.

Amelyore Ansèyman Nou

Ede timoun yo rekonèt Lespri a. Timoun yo ka rekonèt enfliyans Lespri a. Anseye yo ke santiman lapè, lanmou, ak chalè yo santi lè y ap pale oubyen chante sou Jezikri yo ak sou levanjil li a soti nan Sentespri a.

Enprime