Ansyen Testaman 2022
25 Avril–1 Me. Egzòd 24; 31–34: “Se Mwenmenm k ap Mache Avèk Ou”


“25 Avril–1 Me. Egzòd 24; 31–34: ‘Egzòd 24; 31–34: “Se Mwenmenm k ap Mache Avèk Ou,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“25 Avril–1 Me. Egzòd 7–13,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
Jewova ki parèt devan Moyiz ak ansyen Izrayèl yo

Ilistrasyon Jewova ki parèt devan Moyiz ak 70 ansyen IzrayèI yo, tablo Jerry Harston

25 Avril–1 Me

Egzòd 24; 31–34

“Se Mwenmenm k ap Mache Avèk Ou”

Pandan Moyiz t ap prepare pou dirije pitit Izrayèl yo nan direksyon tè pwomiz la, Senyè a te di, “Se Mwenmenm k ap Mache Avèk Ou” (Egzòd 33:14). Pandan w ap prepare pou w anseye timoun yo nan klas ou a, konsidere nan ki fason ou ka envite prezans Senyè a pou “mache avèk [ou].”

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pou pataje

Envite pataj

Mande chak timoun pou yo chwazi yon moso papye nimewote san gade. Itilize nimewo sa yo pou detèmine nan ki lòd timoun yo ka pataje yon bagay y ap aprann nan ekriti yo, lakay yo oubyen nan Primè a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki Pi Piti yo

Egzòd 31:13, 17

Onore Saba se yon siy amou mwen pou Senyè a.

Senyè a te di Moyiz ke lè pitit Izrayèl yo te respekte jou Saba a, yo te montre L ke yo vle rete pèp Li.

Aktivite ki posib

  • Desine yon kè sou tablo a, epi mande timoun yo kisa senbòl sa a vle di. Ede yo panse a lòt bagay ki ka yon siy pou amou, tankou yon akolad oubyen yon lòt zak sèvis. Li pou yo Egzòd 31:13. Ede yo konprann ke lè nou sanktifye jou Saba a, se yon siy pou Senyè a ke nou renmen Li.

  • Rakonte timoun yo kèk fason ou eseye montre amou ou pou Senyè a nan jou Saba a. Kite yo pataje nan ki fason yomenm ak fanmi yo fè sa. Envite yo itilize paj aktivite semèn sa a pou yo pataje plis ide.

    Imaj
    timoun ak paran lakay yo

    Lè nou onore Saba a, nou montre amou nou pou Senyè a.

Egzòd 32:1–8, 19–24

M ka mete Senyè an premye nan lavi m.

Pandan Moyiz te sou Mòn Sinayi a, li t ap pale avèk Senyè a, pitit Izrayèl yo te chwazi pou yo adore idòl annò a nan plas Li. Istwa sa ka raple timoun w ap anseye yo ke nou pa dwe kite lòt bagay vin pi enpòtan pou nou pase Senyè a.

Aktivite ki posib

  • Brèfman, revize Dis Kòmandman yo avèk timoun yo, pandan w ap mete aksan sou de premye yo (gade nan Egzòd 20:3–6). itilize “Dis Kòmandman yo” (nan Istwa Ansyen Testaman yo) pou pataje avèk yo istwa ki nan Egzòd 32:1–8, 19–24la. Si sa posib, kite timoun yo ede ou rakonte istwa a. Ede timoun yo gade kisa Izrayelit yo te fè mal nan istwa sa a (ou ta gen dwa raple yo de premye Dis Kòmandman yo). Kisa Izrayelit yo te dwe fè olyesa?

  • Montre yon foto Jezikri, ansanm avèk foto lòt bagay pitit Izrayèl yo te siman pase tan yo, tankou jwèt, jwe jwèt, eksetera. Mande yo pou yo chèche foto ki montre kisa ki ta dwe pi enpòtan pou nou. Pataje avèk timoun yo kijan ou beni paske w mete Senyè a anpremye nan lavi ou—menm anvan lòt bagay ki bon.

Egzòd 33:11

Senyè a te pale avèk Moyiz fasafas.

Apre Moyiz te fin detwi jèn bèf annò a, “Senyè a te pale avèk Moyiz fasafas, tankou yon òm k ap pale avèk zanmi l.” Lè timoun yo konnen bagay sa a, sa ka bati lafwa yo ke Senyè a se yon moun ki renmen yo.

Aktivite ki posib

  • Di timoun yo kijan w santi ou lè w pale avèk yon bon zanmi, epi mande yo kijan yo santi yo. Li pou yo premye fraz nan Egzòd 33:11la. Mande yo kòman yo panse pwofèt Moyiz te ka santi li. Pale yo de moman kote w konn santi w pre Senyè a. menm lè ou pa t wè L avèk je ou.

  • Chante ansanm yon chan ki eksprime kijan Pè Selès la ak Jezikri santi yo konsènan nou, tankou “Jésus est notre ami” (Chant pour les enfants, 37). Montre foto Sovè a k ap montre amou pou lòt moun (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 36, 41–43, 46–47). Ankouraje timoun yo pataje fason yo santi yo konsènan Pè Selès ak Jezikri.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Egzòd 31:12–17.

Onore Saba se yon siy amou mwen pou Senyè a.

Sanktifye jou Saba a ka pi fasil—e pote plis lajwa—pou timoun yo lè yo reyalize se yon siy sou angajman yo fè avèk Senyè a.

Aktivite ki posib

  • Poze timoun yo kèk kesyon pou ede yo konprann kisa yon siy ye—paregzanp, “Ki siy ki montre w otòn pral rive oubyen ou kòmanse frèt?” Envite yo li Egzòd 31:13, 16–17 epi chèche mo “siy” nan. Kisa Senyè a di ki se yon siy ant noumenm avèk Li? Poukisa siy sa yo enpòtan?

  • Envite timoun yo chak pran tou pa yo pou eksplike poukisa yo chwazi pou yo onore Saba a. Video tankou “The Sabbath Is for You (Saba a Se pou Ou)” oubyen “Upon My Holy Day—Honoring the Sabbath (Nan Jou Sen M nan—Onore Saba a)” (ChurchofJesusChrist.org) ka ede.

  • Envite timoun yo ekri tout bagay yo ka panse yo ka fè jou Dimanch pou montre Senyè a yo renmen L. Ankouraje yo pataje kèk bagay nan lis yo a. Envite yo pote lis yo lakay yo, pataje yo avèk fanmi yo, epi refere a yo nenpòt lè yo bezwen ide konsènan sa pou yo fè nan jou Saba a.

Egzòd 32:1–8, 19–24

M ka mete Senyè an premye nan lavi m.

Yonn nan mesaj nan istwa ki nan Egzòd 32 a se enpòtans pou nou respekte de premye nan Dis Kòmandman yo—pa adore onkenn lòt moun oubyen lòt bagay ke Senyè a.

Aktivite ki posib

  • Mande timoun yo pou yo pataje nenpòt bagay yo konnen sou istwa Aawon ki te fè jèn bèf la pou Izrayelit yo te adore a. Si yo bezwen èd, refere yo nan Egzòd 32:1–8, 19–24, oubyen pataje avèk yo “Dis Kòmandman yo” (nan Istwa Ansyen Testamen yo). Poukisa li pa t bon pou Izrayelit yo te adore idòl? (Ou ta ka refere timoun yo a de premye nan Dis Kòmandman yo nan Egzòd 20:3–6.)

  • Ede yo panse a egzanp sou kèk bagay moun ka gen tantasyon pou yo adore nan plas Senyè a—bagay ki detounen atansyon nou sou Li. Apresa, mande yo pou yo pataje egzanp kèk bagay ki ede yo konsantre sou Sovè a e adore Li.

Egzòd 32:1–5, 21–24

Mwen ka defann sa ki jis.

Lè Izrayelit yo te di Arawon pou l te fè yon idòl annò a, li te dakò pou l te fè l, malgre sa pa t bon (gade nan Detewonòm 9:20). Konsidere nan ki fason w ka ankouraje timoun yo pou yo defann sa ki jis, menm lè lòt moun ap ba yo presyon pou yo pa fè l.

Aktivite ki posib

  • Envite timoun yo li Egzòd 32:1–5, 21–24, endividyèlman oubyen an gwoup de moun, epi di kisa yo panse Arawon te dwe fè lè Izrayelit yo te mande l pou l te fè jèn bèf annò a. Kijan Arawon ta ka ede pèp la?

  • Ede yo panse a sityasyon yo ta ka rankontre kote lòt moun ta mande yo fè yon bagay ki pa bon. Mande yo pou yo pataje ide yo youn ak lòt sou sa yo dwe fè nan sityasyon sa yo.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pataje avèk fanmi yo yon bagay yo kapab fè pou sanktifye jou Saba a.

Amelyore Ansèyman Nou

Envite timoun yo pou yo rann temwayaj. Kesyon w poze yo ka ankouraje timoun yo pou yo di kijan yo santi yo apwopo Sovè a ak kijan viv levanjil la pote benediksyon pou yo. Lè yo fè sa, se temwayaj yo yo rann. (Gade nan Anseye nan fason Sovè a, 1132.)

Enprime