Ansyen Testaman 2022
16–22 Me. Detewonòm 6–8; 15; 18; 29–30; 34: “Atansyon Pou w pa Bliye Senyè a”


“16–22 Me. Detewonòm 6–8; 15; 18; 29–30; 34: “Atansyon Pou w pa Bliye Senyè a” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“16–22 Me. Detewonòm 6–8; 15; 18; 29–30; 34,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
Moyiz kanpe sou yon mòn

Ilistrasyon Moyiz sou Mòn Nebo, © Lisans/koleksyon Providence sou goodsalt.com

16–22 Me

Detewonòm 6–8; 15; 18; 29–30; 34

“Atansyon Pou w pa Bliye Senyè a”

Medite sou kijan ou ka adapte aktivite yo ki nan plan leson sa a pou bezwen timoun w ap ansenye yo. Paregzanp, si w ap ansenye jèn timoun, ou ta ka adapte aktivite anba “Respè alyans yo pote gwo benediksyon” yo nan seksyon pou pigran timoun yo pou ede yo prepare pou batèm.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Envite timoun yo pataje sa yo te aprann konsènan Moyiz nan Primè a oubyen lakay yo nan semèn ki sot pase yo. Si sa nesesè, montre foto kèk evènman nan lavi Moyiz pou ede yo sonje. Di yo ke jodia ou pral pale sou bagay Moyiz te ansenye nan fen lavi l sou tè a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi Piti yo

Detewonòm 6:5

Mwen ka renmen Senyè a avèk tout kè mwen.

Moyiz te ansenye pitit Izrayèl yo ke yo dwe renmen Senyè a ak tout kè yo, ak tout nanm yo, ak tout fòs yo. Panse ak fason w ka ede timoun w ap ansenye yo ogmante lanmou yo pou Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè a.

Aktivite posib

  • Desine yon kè sou tablo a, fòm yon kò, ak yon bra solid. Li Detewonòm 6:5, epi lonje dwèt sou foto yo pandan w ap li mo “kè,” “nanm,” ak “fòs”yo. Envite timoun yo pou yo lonje dwèt sou foto yo youn apre lòt pandan klas la ap repete pasaj ekriti a avèk ou.

  • Chante yon chan ki ansenye sou lanmou Bondye, tankou “Mon Père Céleste m’ aime” (Chants pour les enfants, 16–17). Ede timoun yo jwenn mo nan chante a ki montre ke Papa nou Ki nan Syèl la renmen nou. Ede yo panse sou fason nou ka montre L nou renmen L tou.

Detewonòm 6:6–9

Ekriti yo se pawòl Bondye.

Konsèy nan Detewonòm 6:6–9 la sete pou ede Izrayelit yo “fè atansyon pou yo pa bliye Senyè a” ak pawòl Li (vèsè 12). Kijan w ka ede timoun yo fè ekriti yo vin yon pati enpòtan nan lavi yo?

Aktivite posib

  • Envite yon timoun pou l kache yon kopi ekriti yo nan sal la pandan rès timoun yo fèmen je yo. Apresa envite timoun yo ouvri je yo epi eseye jwenn liv ekriti a. Pandan w ap itilize fraz kle nan Detewonòm 6:6–9 la, pataje avèk timoun yo ke Moyiz te di Izrayelit yo pou yo te mete pasaj ekriti yo nan kote yo te ka wè yo epi aprann de yo chak jou. Ede yo reflechi a kote nan lakay yo kote yo ka mete ekriti yo pou yo ka wè yo chak jou.

  • Chante yon kantik sou ekriti yo, tankou “Quand je lis l’Ecriture sainte” (Chants pour les enfants,66). Pataje temwayaj ou ke ekriti yo se pawòl Bondye, epi di timoun yo kijan yo beni lavi w.

Imaj
Jezi ajenou ki kenbe yon mesye

Jezikri se pwofèt tankou Moyiz la.

Detewonòm 18:15 -18

Pwofèt yo anseye nou konsènan Jezikri.

Moyiz te pwofetize ke Jezikri t ap vini epi nou ta dwe tande pawòl Li te ansenye yo.

Aktivite posib

  • Ede youn nan timoun yo li Detewonòm 18:18, epi di yo ke Pwofèt tankou Moyiz ke Bondye t ap leve a se Jezikri. Pou ede yo wè fason Moyiz ak Jezikri sanble, pote foto sou kèk bagay Moyiz te fè ak sa Jezikri te fè, epi kite timoun yo konpare yo youn ak lòt. Paegzzanp, ou ta ka pote foto Moyiz ak Jezi k ap òdone ak anseye lòt moun (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, no.15, 16, 38,39).

  • Montre timoun yo yon foto pwofèt nou genyen jodia, epi pataje yon bagay li te anseye konsènan Sovè a. Envite yo pou yo desine yon foto pwofèt la pou pataje avèk fanmi yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi Gran yo

Detewonòm 6:6–9

Mwen ka kenbe pawòl Bondye a nan kè m.

Moyiz te ansenye ke nou ta dwe kenbe pawòl Bondye a nan kè nou, epi li te bay Izrayelit yo konsèy sou fason pou yo te toujou kenbe pawòl Bondye a devan yo. Kijan w ka enspire timoun yo pou yo aprann de pawòl Bondye a chak jou?

Aktivite Posib

  • Ekri pawòl ak fraz ki soti nan Detewonòm 6:6–9 ki endike kilè ak kijan Izrayelit yo te dwe sonje pawòl Bondye a sou tablo a (tankou chita, ap mache, kouche, men, ak kay). Envite timoun yo pou yo chèche mo sa yo nan vèsè yo. Kisa pawòl sa yo ansenye konsènan fason pou nou fè ekriti yo vin yon pati nan lavi chak jou nou? Mande yo sa yo ka fè pou yo sonje pawòl Bondye a nan lavi yo chak jou.

  • Bay chak timoun yon moso papye, epi envite yo ekri yon fraz ki sot nan Detewonòm 6 la ki siyifikatif pou yo. Mande yo pou yo di poukisa yo te chwazi fraz sa a. Sigjere ke yo dekore fèy papye yo an epi afiche l lakay yo pou yo ka sonje l. Ankouraje yo pou yo ekri ak afiche lòt fraz yo jwenn nan ekriti yo.

Detewonòm 15:7–11

M ka sèvi moun ki nan bezwen yo avèk jwa.

Ansèyman nan Detewonòm 15:7–11 yo ka ede timoun w ap anseye yo konprann ke ede lòt moun mande plis pase fè aksyon sèlman. Sa dwe fèt avèk yon kè byen dispoze.

Aktivite posib

  • Ekri kiyès, poukisa, Kòman sou tablo a. Envite timoun yo pou yo li Detewonòm 15:7–11 pou yo ka wè kiyès nou dwe ede, poukisa nou dwe ede yo, ak kijan nou dwe santi nou lè n ap ede. Fè yo ekri sa yo jwenn yo sou tablo a. Chante yon chan ki ranfòse mesaj ki nan vèsè sa yo, tankou “Have I Done Any Good (Èskè m Te Fè Bon Bagay)?” (Hymns, no. 223).

  • Mande yo pou yo panse ak yon moun yo ka ede—espesyalman nan fanmi yo. Ba yo tan pou yo ekri sa y ap fè semèn sa a pou yo ede moun sa a. Si posib, planifye ak klas la pou ede yon moun ki nan bezwen.

Detewonòm 30:8–10

Kenbe alyans mwen yo pote gwo benediksyon.

Menmjan ak pitit Izrayèl yo, nou bezwen rapèl konstan pou nou viv alyans nou yo. Lekti Detewonòm 30:8–10 la ka ede timoun yo pi byen konprann kisa yon alyans ye epi enspire yo pou yo kenbe alyans yo.

Aktivite posib

  • Mande yo kisa yon alyans ye (si yo bezwen èd, sigjere pou yo chèche yon definisyon sou “alyans” nan Gid Ekriti yo [scriptures.ChurchofJesusChrist.org]). Desine yon dyagram ki gen de kolòn sou tablo avèk tit sa yo: pwomès Izrayelit yo ak pwomès Bondye yo. Envite timoun yo chèche Detewonòm 30:8–10 epi ranpli dyagram nan. (Si sa nesesè, ede yo konprann siyifikasyon fraz ki nan vèsè 9yo.) Temwaye de benediksyon ou resevwa paske w kenbe alyans ou yo.

  • Envite yo pou yo ekri sou tablo a yon lis pwomès nou fè lè n ap batize ak pwomès Papa nou ki nan Syèl la fè nou (gade Doktrin ak Alyans 20:37, 77). Kisa nou ka fè pou nou toujou sonje Sovè a epi kenbe alyans nou yo?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo fè kòmsi ou se yon manm fanmi yo, epi mande yo pou yo di w yon bagay yo te aprann nan klas la jodia. Ankouraje yo pou yo pataje sa yo te di w la avèk youn nan manm fanmi yo lè yo rive lakay yo.

Amelyore Ansèyman nou

Poze kesyon ki enspire. Poze kesyon ki ap envite timoun yo pou yo non sèlman rapòte sa k te pase men pou yo pataje temwayaj yo sou verite levanjil yo tou. Pa egzanp, si w ap diskite sou kòmandman yo, ou gen dwa mande yo pou yo di kijan kenbe kòmandman yo pote benediksyon pou yo.

Enprime