Ansyen Testaman 2022
9–15 Me. Resansman 11–14; 20–24: “Pa Fè Rebèl Kont Senyè a, Ou Pa Bezwen Pè”


“9–15 Me. Resansman 11–14; 20–24: ‘Pa Fè Rebèl Kont Senyè a, Ou Pa Bezwen Pè,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“9–15 Me. Resansman 11–14; 20–24,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
vale dezè

9–15 Me

Resansman 11–14; 20–24

Resansman: “Pa Fè Rebèl Kont Senyè a, Ou Pa Bezwen Pè”

Plan leson sa a pa prepare pou w itilize l kòm yon senaryo. Olyesa, itilize l pou w jwenn ide ak enspirasyon pou aktivite aprantisaj ki ap beni timoun yo ki nan klas ou yo.

Ekri Enpresyon W yo

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Montre timoun yo youn nan foto ki nan plan sa a oswa nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo. Kite yo pataje avèk ou nenpòt sa yo konnen sou sa k ap pase nan foto a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Resansman 11:4–10.

Mwen ka rekonesan pou sa Bondye ban mwen.

Malgre Senyè a te fè anpil bèl bagay pou pitit Izrayèl yo, yo te souvan konsantre yo pito sou sa yo pa t genyen. Ede timoun yo aprann pou yo rekonesan pou sa Bondye ba yo.

Aktivite Posib

  • Mande yo si yo sonje kèk nan mirak Senyè a te fè pou beni Izrayelit yo nan dezè a. (Si yo bezwen èd, montre yo foto ki nan plan leson 4–10 Avril la nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo; gade tou nan Egzòd 14:21–22; 15:23–25; 16:4.) Apresa, rezime pou yo Resansman 11:4–10, pandan w ap souliyen pou yo ke Senyè a pa t kontan paske Izrayelit yo t ap plenyen. Ede yo panse a fason yo ka montre gratitid yo pou Senyè a.

  • Chante ansanm yon chan sou gratitid, tankou “Compte les bienfaits” (Cantiques, no. 154). Envite chak timoun pou yo desine foto sou benediksyon Senyè a bay yomenm oswa fanmi yo. Ankouraje yo pou yo panse a foto yo a oubyen gade foto a nenpòt lè yo santi yo tante pou yo ta plenyen pou yon bagay yo pa genyen.

Resansman 13:17–33; 14:6–9

Lafwa ka ede m pou m pa pè.

Lè Moyiz te voye 12 gason pou yo t al chèche enfòmasyon sou tè pwomiz la, 10 nan yo te retounen efreye akòzde moun puisan yo ki t ap viv kote sa a. De nan yo, Kalèb ak Jozye, pa t pè, paske yo te gen lafwa nan Senyè a.

Aktivite Posib

  • Itilize foto oswa desen rezen, myèl, jeyan, ak sotrèl pou pale timoun yo byen rapid de 12 gason Moyiz te voye eksplore tè pwomiz la (gade nan Resansman 13:17–33; gade tou nan “Karantan nan Dezè a” nan Istwa Ansyen Testaman yo). Eksplike ke yo te jwenn anpil fwi ak lòt manje (envite yo pou yo fè tankou y ap manje yon manje), men yo te pè tou paske moun yo ki t ap viv nan kote sa a te gwo epi yo te gen anpil fòs (envite yo pou yo fè tankou yo pè). Montre yon foto Jezi, epi fè yo remake ke de Izrayelit yo, Kalèb ak Jozye, pa t pè paske yo te gen lafwa nan Jezikri.

  • Li Resansman 14:9 pou timoun yo, epi pale yo de yon lè kote w te pè men lafwa w nan Jezikri te ede w gen kouraj. Ede yo panse a nenpòt eksperyans menmjan an yo te fè.

    Imaj
    mesye yo montre Moyiz fwi yo

    Dis nan espyon Izrayekit yo te pè; Jozye ak Kalèb te gen lafwa. © Lifeway Collectionon/otorize pa goodsalt.com

Resansman 21:6–9

Mwen ka vire gade Jezikri.

Menmjan pitit Izrayèl yo te geri lè yo te gade sèpan eren an, timoun yo nan klas ou a ap resevwa sali nan gade Sovè a.

Aktivite Posib

  • Itilize paj aktivite semèn sa a oswa foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo, di timoun yo kisa k te rive lè “sèpan brilan yo” te vini nan n kan Izrayelit yo’ (gade nan Resansman 21:6–9). Ede yo wè kijan sèpan eren an se tankou Jezikri (gade nan Jan 3:14–15). Apre sa kite chak nan timoun yo pran tan pou yo itilize foto a lè to pa l rive pou youn rakonte lòt istwa a.

  • Mande yo pou yo fèmen je yo pandan w ap mete yon foto Jezi yon kote nan sal la. Apre sa envite yo louvri je yo, chèche foto a, epi gade li. Kite yo chak pran tan pou se yo ki plase foto a lè tou pa yo rive. Chak fwa timoun yo jwenn foto a, ede yo panse a yon bagay yo ka fè pou yo gade Sovè a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Resansman 12

Senyè a vle pou m suiv pwofèt Li a.

Resansman 12 genyen kèk leson enpòtan ki ka ede timoun yo lè yo tande moun ap di bagay ki pa janti konsènan pwofèt Senyè a oswa lòt dirijan Legliz yo.

Aktivite Posib

  • Di timoun yo ke yon lè, Senyè a te fache kont Aawon ak Miryam, frè ak sè Moyiz. Envite yo pou yo li Resansman 12:1–2 pou yo ka wè poukisa. Dapre vèsè 5–8yo, kijan Senyè a te santi L poutèt Aawon ak Miryam t ap pale kont pwofèt Li a?

  • Ede yo panse a egzanp sou kèk moun nan ekriti yo ki te suiv pwofèt la epi ki te beni (pa egzanp, gade nan Jenèz 7:7; 1 Nefi 3:7). Site kèk nan bagay pwofèt vivan nou an te anseye nou. Kijan nou beni lè nou obeyi ansèyman l yo?

Resansman 21:4–9

Jezikri gen pouvwa pou geri m espirityèlman.

Anpil Izrayelit te mouri paske yo pa t gen lafwa ke Senyè a t ap geri yo si yo te leve je gade sèpan eren an (gade Alma 33:18–20). Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo gen lafwa nan pouvwa sali Jezikri a?

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo fè desen sou sa yo te li nan Resansman 21:4–9 yo. Kite yo itilize imaj yo pou yo rakonte istwa a. Mande chak timoun pou l chwazi youn nan ekriti ki pi ba yo epi pataje sa li ajoute nan konpreyansyon nou sou istwa a: Jan 3:14–15; 1 Nefi 17:41; Alma 33:18–20; Elaman 8:13–15; Doktrin ak Alyans 6:36.

  • Ekri sou tablo a yon kesyon tankou Kisa nou ka fè pou nou “gade sou Pitit gason Bondye a ak lafwa”? (Elaman 8:15). Bay chak nan timoun yo yon moso papye, epi envite yo ekri tout repons posib yo kapab imajine pou kesyon an. Ranmase papye yo, li kèk nan repons yo fò, epi envite timoun yo pou yo di kijan fè bagay sa yo ka ede nou lè nou bezwen pouvwa gerizon Sovè a.

Resansman 22–24

Mwen ka suiv volonte Bondye, menm si lòt moun eseye pèsyade m pou m pa fè sa.

Balak te eseye pèsyade Balaam pou l te modi Izrayelit yo, men Balaam te konnen ke sa te kont volonte Bondye. Egzanp Balaam nan ta ka ede timoun yo lè yo fè fas a presyon pou yo dezobeyi Bondye.

Aktivite Posib

  • Rezime Resansman 22:1–18 pou timoun yo, pandan w ap mete aksan sou jan Balaam te refize modi pèp Bondye a, malgre Balak, wa Mowab la, te ofri l onè ak richès. Mande timoun yo pou chèche fraz nan vèsè pi ba yo ke yo santi ki montre detèminasyon Balaam pou l te suiv Bondye: Resansman 22:18; 23:26; 24:13. Envite yo chwazi yon fraz yo renmen epi ekri li sou yon kat pou ede yo sonje pou yo obeyi Senyè a.

  • Pale avèk timoun yo de sitiyasyon kote zanmi yo oswa lòt moun gen dwa ap eseye pèsyade yo pou yo fè yon move bagay, jan Balak te fè Balaam nan. Kijan angajman Balaam anvè Senyè a te ede l reziste anba presyon Balak? Envite yo pou yo fè pratik sou repons pou sitiyasyon sa yo pandan y ap itilize pawòl tankou pa Balaam yo.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite yo pou yo pataje yon bagay avèk fanmi yo, tankou yon foto, yon ekriti, oswa yon chan, ki montre sa yo te aprann nan Primè a.

Amelyore Ansèyman Nou

Rete pare pou enspirasyon Lespri a. “Souvan pi bon moman ansèyman yo prezante sanzatann—pareganp, lè yon moun pataje yon eksperyans oubyen poze yon kesyon ki mennen nan yon diskisyon siyifikatif. … Ou dwe dispoze pou w chanje plan w yo si sa nesesè pou w ka suiv enspirasyon w resevwa yo” (Anseye nan Fason Sovè a, 10).

Enprime