Ansyen Testaman 2022
11–17 Avril. Pak: “L ap Gen Viktwa Sou Lanmò”


“11–17 Avril. Pak: “L ap Gen Viktwa Sou Lanmò’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“11–17 Avril. Pak,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
tonbo a avèk wòch la ki woule soti devan pòt la

Ilistrasyon tonb vid la pa Maryna Kriuchenko

11–17 Avril.

Pak

Pak: “L ap Gen Viktwa Sou Lanmò”

Pandan w ap prepare pou w anseye a, medite sou kijan w ka ede timoun yo akeri yon konpreyansyon ak temwayaj pi pwofon sou Ekspyasyon Jezikri a.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Mande timoun yo kisa fanmi yo fè pou selebre Pak. Kisa yo fè pou yo sonje Rezirèksyon Jezikri a?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Jezikri se Sovè mwen.

Dimanch Pak se yon bon okazyon pou w anseye timoun yo sou Sakrifis Ekspyatwa Sovè a nan Jetsemane a ak lanmò L sou kwa a. Sa ka ede yo santi lanmou Jezi pou yo.

Aktivite posib

  • Montre foto Sovè a nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo oubyen lòt foto sou sakrifis Sovè a (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 56, 57, 58), epi kite timoun yo pataje sa yo konnen sou evènman yo dekri nan foto yo. Pale timoun yo de soufrans Jezi nan Jetsemane ak sou kwa a (gade Matye 26:36–46; 27:35–50; Lik 22:39–46; Jan 19:16–30; “Chapitre 51: Jésus souffre dans le jardin de Gethsémané,” nan Histoires de l’Ansyen Testaman an, 129–32). Rann temwayaj ou ke Jezi te aksepte pou l te soufri ak mouri pou nou paske Li renmen nou. Envite timoun yo pou yo di kijan yo santi yo apwopo Jezikri.

  • Li Jan 10:9 pou yo, pandan w ap mete aksan sou pawòl Jezi yo: “Mwen se pòt la.” Paske Jezi te soufri pou peche nou, te mouri, epi te resisite, Li te rann posib pou nou chak viv avèk Bondye ankò. Itilize pòt sal klas ou a pou anseye ke Jezi se tankou pòt ki pèmèt nou retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la.

  • Li Ezayi 53:6 pou yo, epi montre yo yon foto oubyen yon desen yon mouton. Fè youn nan timoun yo mete foto a byen lwen nan sal la. Eksplike ke lè nou fè move chwa, nou elwaye nou de Pè Selès la tankou yon brebi ki egare. Apre sa, envite timoun nan pou l mennen brebi a retounen, epi rann temwayaj ou pou w di yo paske Jezikri te soufri ak mouri pou nou, Li ka mennen nou retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la. (Ou ta gen dwa montre yon foto Jezi kòm yon bèje, tankou foto 64 nan Liv Ilistrasyon Levanjil la.)

  • Chante avèk timoun yo yon chan sou Jezikri, tankou “Je ressens son amour” (Chants pour les enfants, 42–43). Ede yo remake tout santiman lapè ak lanmou yo epwouvei pandan y ap chante a. Epit ou, montre yo mo nan chante a ki dekri amou Sovè a. Kijan nou ka pataje lanmou Li avèk lòt moun?

Jezi te mouri epi li te resisite pou mwen.

Kijan w ka ede timoun yo konprann ke, gras ak Rezirèksyon Jezikri a, noumenm ak moun ki chè pou nou yo ap resisite yon jou?

Imaj
Kris la sou kwa a

Jounen Gri Gòlgota a, pa J. Kirk Richards

Aktivite posib

  • Pale timoun yo de lanmò ak Rezirèksyon Jezi a (gade nan Mak 15–16). Itilize foto ki nan plan leson semèn sa a, foto 57–60 nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, ou “Chapitre 54: Jésus est ressuscité” nan Histoires de lAncien Testament (paj 139–44) pou ede timoun yo vizyalize istwa a.

  • Ede timoun yo konprann ke rezirèksyon an vle di ke, apre nou fin mouri, nou ap viv ankò pou tout tan avèk yon kò fizik pafè e nou p ap janm mouri ankò. Pataje temwaaj ou konsènan Rezirèksyon an, epi fè timoun yo travay sou paj aktivite semèn sa a. Envite yo pou yo itilize l pou pataje istwa Rezirèksyon Jezi a avèk fanmi yo.

  • Li Alma 40:23 pou timoun yo. Montre yo men w andedan yon gan. Di yo ke men w se tankou yon espri epi gan an se tankou yon kò fizik. Retire gan an pou montre ke, lè nou mouri, espri nou ap kite kò nou. Remete gan an pou reprezante Rezirèksyon an.

  • Chante yon chan sou Rezirèksyon Jezikri a , tankou “Jésus est-il ressuscité?” oubyen “Jésus est ressuscité” (Chants pour les enfants 45, 44). Rann temwayaj ou pou w di gras ak Jezikri nou pral viv ankò epi n ap gen kò pafè apre nou fin mouri.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Jezikri te soufri pou mwen.

Pandan w ap etidye Sakrifis Ekspyatwa Sovè a, reflechi sou fason w ka ede timoun yo konprann kijan Sovè a ka beni yo ak fòtifye yo.

Aktivite posib

  • Divize timoun yo an twa gwoup, epi bay chak gwoup youn nan pasaj ekriti sa yo: Ezayi 53:4–12; Alma 7:11–13; ak Doktrin ak Alyans 19:16–19. Envite yo pou yo chèche mo ak gwoup mo ki dekri bagay Jezikri te andire pou nou. Mande yo pou yo ekri repons yo sou tablo a epi pataje kijan yo santi yo apwopo Sovè a apre yo fin li ekriti sa yo.

  • Prepare moso papye. Sou mwatye ladan yo, ekri referans ekriti sou pwofesi nan Ansyen Testaman an konsènan Jezikri . Sou lòt mwatye a, ekri referans ekriti nan Nouvo Testaman an sou fason pwofesi sa yo te akonpli.Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo gen lis kèk egzanp.) Envite timoun yo pou yo li vèsè yo epi fè pwofesi yo matche avèk akonplisman yo.

  • Ede timoun yo memorize twazyèm atik lafwa a. Kisa ekriti sa a anseye nou sou Ekspyasyon Jezikri a ak sou plan Pè Selès la pou pitit Li yo?

  • Mande yo kijan yo tap dekri Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a pou yon moun. Ankouraje yo pou yo itilize ekriti, kantik, oswa imaj pou eksprime kisa sakrifis ekspyatwa Sovè a vle di pou yo. Ki benediksyon nou resevwa gras ak Sakrifis Ekspyatwa Sovè a?

Jezi te mouri epi li te resisite pou mwen.

Reyalite Rezirèksyon Jezikri a ka pote gwo espwa ak jwa pou nou—sitou lè nou fè eksperyans lanmò yon moun ki chè pou nou. Kijan w ka ede timoun yo jwenn rekonfò nan Rezirèksyon an?

Aktivite posib

  • Montre foto 57–59 yo nan Liv Ilistrasyon Levanjil la. Mande timoun yo pou yo fè foto yo matche avèk pasaj sa yo: Matye 27:29–38; Matye 27:59–60; and Jan 20:10–18. Apre sa envite timoun yo pou yo rakonte istwa sou lanmò, antèman, ak Rezirèksyon Jezi a nan pwòp mo pa yo.

  • Li Jòb 14:14 avèk timoun yo. Envite timoun yo pou yo di kijan yo tap reponn kesyon Jòb la. Ede yo jwenn ekriti ki rann temwaye sou Rezirèksyon an (gade Gid Ekriti yo, “Rezirèksyon,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org).

  • Li Moyiz 1:39 avèk timoun yo. Mande yo si yo konn diferans ant “imòtalite” ak “lavi etènèl.” Envite yo pou yo chèche repons yo nan premye paragraf “Lavi etènèl” la nan (Sijè Levanjil, topics.ChurchofJesusChrist.org). Kiyès ki ap resevwa imòtalite? Kisa kobligatwa pou nou resevwa lavi etènèl? Rann temwayaj ou ke toulède kado presye sa yo posib gras a Ekspyasyon Jezikri a.

  • Chante ansanm yon chan sou Pak, tnakou “Il envoya son Fils aimé” (Chants pour les enfants, 20–21) ou “Le Christ est ressuscité!” (Cantiques, no. 121). Envite timoun yo pou yo di kijan yo santi yo lè y ap chante chan sa yo. Kisa chante sa yo anseye nou sou Pè Selès la ak Jezikri? Envite timoun yo pou yo ekri temwayaj yo konsènan Sovè a pou yo ka pataje l avèk fanmi yo.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Pou ede timoun yo pataje sa yo te aprann nan klas la avèk fanmi yo, ankouraje yo pou yo chante yon kantik nan kay la semèn sa a sou Ekspyasyon Jezikri a.

Amelyore ansèyman nou

Timoun yo ka rekonèt enfliyans Lespri a. Anseye yo ke santiman è yo epwouve lè y ap pale oubyen chante sou Jezikri ak sou levanjil Li a soti nan Sentespri a epi santiman sa yo ka bati temwayaj yo.

Enprime