Chapit 54
Jezi resisite
Kò Sovè a te nan tonm nan jiska Dimanch maten. Epi de zanj te vini epi yo te woule wòch la soti devan tonm nan
Matye 28:1–2 (gade referans 2a); Lik 24:1–4
Yon fi Jezi te geri, ki te rele Mari Magdala, te ale nan kavo a. Li te etone lè l te wè ke wòch la te deplase. Kò Jezi pa t nan tonm nan.
Li te kouri al di Pyè ak Jan ke yon moun te wete kò Sovè a. Li pa t konn ki kote l te ye.
Pyè ak Jan te kouri al nan kavo a. Yo te wè rad Jezi te antere a, men kò Jezi pa t la. Pyè ak Jan pa t konn kisa pou yo te fè. Yo te retounen lakay yo.
Mari Magdala te rete bò tonm nan, ap kriye. Lè l te bese tèt li pou l gade andedan kavo a ankò, li te wè de zanj.
Yo te mande Mari Magdala poukisa li t ap kriye. Li te di yon moun te pran kò Jezi. Li pa t konn ki kote li te ye.
Li te vire tèt li, epi li te wè yon moun. Li te panse sete jadinye a. Li te mande l poukisa li t ap kriye. Mari te mande li si l te konnen ki kote kò Jezi te ye.
Lè sa a mesye a te di: “Mari” epi li te rekonèt ke sete Jezi. Li te mande l pou l al di Apot yo ke li te resisite.
Mari Magdala ak kèk lòt fi t al di Apot yo ke Jezi te resisite. Toudabò Apot yo pa t kwè li.
Nan apre, pandan Apot yo t ap pale youn ak lòt, Jezi te antre nan sal la. Apot yo te pè. Yo te toujou panse ke l te mouri.
Sovè a te di yo pou yo touche men li ak pye li. Li te resisite— kò li ak lespri li te vin reyini ansanm ankò.
Apot yo te kontan wè li. Li te mande yo manje. Yo te ba l pwason ak gato myèl. Li te manje li.
Jezikri sete premye moun ki te resisite. Anpil lòt moun te resisite apresa epi anpil moun nan Jerizalèm te wè yo. Jezi te di: “Mwen se rezirèksyon an, ak lavi a.” Paske li te simonte lanmò, nou tout ap resisite yon jou.