Chapit 24
Pitit fi Jayiris la leve soti anba lanmò
Jayiris te di ke pitit fi li a ki te gen douzan te prèt pou mouri. Li te sipliye Jezi pou l t al beni li. Li te gen konfyans ke Jezi te ka fè l refè.
Jezi te derape pou al lakay Jayiris, men li te fè yon rete pou l te geri yon fi. Pandan l t ap pale avèk fi a, yon moun te vin di Jayiris ke li te twò ta —pitit fi l la te mouri.
Jezi te tande sa l te di. Li te di Jayiris pou l pa t pè men mete konfyans nan li.
Apresa Jezi te ale avèk Jayiris lakay li. Kay la te gen yon bann moun ki t ap kriye paske tifi a te mouri.
Jezi te di yo tifi a pa t mouri men se dòmi l t ap dòmi. Moun yo te pase l nan betiz. Yo te si ke tifi a te mouri.
Sovè a te mande tout moun pou yo te sòti ekespete disip li yo, Jayiris, ak madanm Jayiris. Yo te sòti nan chanm nan kote tifi a te ye a.
Jezi te pran men li. Li te di l pou l leve. Li te leve epi li te pran mache. Paran li te sezi. Jezi te di yo pou yo pa t kite pèsonn konnen sa k te rive a. Apresa li te di paran yo pou yo bay tifi a manje.