Chapit 42
Jenòm rich la
Yon jou yon jenòm rich te vin jwenn Jezi epi li te mande li kisa pou l te fè pou l te ka ale nan syèl.
Sovè a te di li pou l renmen ak onore papa l ak manman li epi pa touye moun ni pa vòlè ni bay manti. Jenòm rich la te di ke li te toujou obeyi kòmandman yo.
Jezi te di jenòm nan ke li te bezwen fè yon lòt bagay ankò. Li te bezwen vann tout sa l te genyen epi bay pòv yo lajan an. Apresa jenòm nan ta dwe suiv li.
Jenòm rich la pa t vle abandone tout sa l te genyen. Li te renmen sa l te posede yo plis pase li te renmen Bondye. Jenòm nan te ale byen tris.
Sovè a te di disip li yo ke li difisil pou moun ki renmen richès ale nan syèl la. Disip yo pa t konprann. Yo te mande kimoun ki ka viv avèk Bondye. Jezi te di ke moun ki gen konfyans nan Bondye epi ki renmen li plis pase tout lòt bagay kapab viv avèk li nan syèl la.
Mak 10:23–30 (gade referans 27a)