Scripture Stories
Chapit 60: Pyè fè Tabita leve vivan ankò


Chapit 60

Pyè fè Tabita leve vivan ankò

Imaj
Tabitha followed the teachings of Jesus Christ and did much good. ch.58-1

Nan lavil Jope te gen yon bon fi yo te rele Tabita. Li sete yon disip Jezikri. Li te konn ede anpil moun epi li te konn fè anpil bon bagay.

Imaj
Tabitha dies.

Li te vin malad epi li te mouri.

Imaj
Peter comes to see Tabitha. - ch.58-3

Zanmi l yo te voye chèche Pyè. Lè l te rive, li te mande zanmi Tabita yo pou yo te sòti.

Imaj
Peter prays over Tabitha and she arises. - ch.58-4

Pyè te mete ajenou epi l te priye, epi apresa li te pran men Tabita. Li te louvre je li epi l te chita.

Imaj
Peter calls Tabitha's friends and they come to see her alive. - ch.58-5

Pyè te ede l kanpe. Li te rele zanmi l yo. Yo te vini epi yo te wè ke l te vivan. Pyè te itilize pouvwa Prètriz la pou mennen Tabita retounen a lavi. Anpil moun nan Jope te kwè nan Jezikri lè yo te aprann Tabita te leve vivan ankò.