Chapit 53
Jezi krisifye
Anpil moun te suiv sòlda yo lè yo te pran Jezi pou mennen l sou yon ti mòn tou pre Jerizalèm. Yo te fè l pote pwòp kwa li. Yo te kloure men li ak pye li sou kwa a epi yo te leve l anlè. Yo te krisifye de lòt mesye avèk li tou, ki sete vòlè.
Jezi te priye. Li te mande Papa nou ki nan Syèl la pou padone sòlda yo ki te krisifye l la. Yo pa t konnen ke li sete Sovè a.
Mari, manman Jezi, te kanpe bò kwa a. Apot Jan te la tou. Jezi te di Jan pou pran swen manman li. Jan te mennen manman Jezi lakay li.
Fènwa te kouvri peyi a. Sovè a te soufri sou kwa a pandan plizyè èdtan. Finalman lespri li te kite kò li, epi li te mouri.
Lè l te mouri, yon tranblemandtè te kraze gwo wòch yo an pyès. Rido ki te nan tanp lan, ke yo rele vwa la, te chire an de moso. Sòlda women yo te efreye.
Youn nan disip Jezi yo te retire kò Sovè a sou kwa a. Li te vlope li nan yon dra epi li te mete l nan yon tonm, yon kote yo antere moun. Yo te woule yon gwo wòch mete devan tonm nan.