Chapit 56
Pyè geri yon moun
Yo te mennen yon mesye ki pa t ka mache nan tanp lan chak jou. Li te konn chita bò pòt tanp lan ap mande charite. Yon jou li te wè Pyè ak Jan t ap antre nan tanp lan.
Li te mande yo lajan. Pyè te di ke li pa t gen lajan. Pyè te di ke li t ap bay mesye a yon lòt bagay.
Pyè te beni mesye a nan non Jezikri epi li te geri li. Apresa li te ede mesye a kanpe.
Mesye a te mache pou lapremyè fwa nan lavi li. Anpil moun te wè mesye a t ap mache ak sote. Yo te konnen sete yon mirak. Yo te konnen ke Pyè te gen pouvwa Bondye. Pyè te di yo ke Jezikri te ba li pouvwa pou geri mesye a. Pyè sete yon gran misyonè. Li te ede anpil moun kwè nan Jezikri ak suiv li.